Varyasyon lang kreyòl lan

Nan ribrik sa n ap kontinye vanse nan vwayaj n ap fè nan tan an, vwayaj sila a pèmèt nou wè anpil etap Lang lan travèse pou li rive nan nivo li ye jounen jodi a, epi tou l ap ede nou konprann nan ki nivo lang kreyòl la te depann de kèk lang tankou fransè (sitou nan òtograf li) e kòman jounen jodi a li vin gen yon idantite ki defini. Nan ribrik jodi a n ap prezante w youn nan premye tèks an kreyòl ayisyen ki rive janbe fontyè. Tèks sa te parèt nan yon liv ki rele ” Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique”, li te pibliye nan 1786. Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Justin te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Tèks la se yon lèt yon jenn esklav (fi) te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj li te panse li t ap twonpe li.

Nan yon premye nivo n ap prezante w tèks la nan vèsyon orijinal li, aprè sa nou ap prezante w yon vèsyon ki adapte ak òtograf kreyòl ayisyen genyen jounen jodi a.

Prezantasyon tèks la nan vèsyon orijinal li:

Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.

Vèsyon adapte tèks la:

Mwen te anndan joupa mwen, m t ap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Èske ou panse se fòt pa m! Bondye nan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl! (Tradiksyon sa à disponib sou de sit ki nan sous nou yo)

Aprè nou finn li de vèsyon yo, nou ka remake anpil diferans nan òtograf yo sitou, men sa ki pi enpòtan se paske nou te kapab deja remake distans lang kreyòl la te gentan pran pa rapò ak fransè epi tou anpil reyadaptasyon ki te gentan genyen nan diferan sans mo yo, sa n ka obsève nan kèk mo tankou “tou, matlo”

Sous:

http://ayitikreyol.blogspot.com/2008/04/premye-derape-kreyl-ayisyen-km-lang_30.html?m=1

14-11-2019
Marie Cadette PIERRE-LOUIS

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.

Categories: varyant mo