Jan nou ka konnen li deja, tout Lang varye nan tan, espas ak gwoup sosyal. Nan ribrik ki pase deja yo, pou sa ki konsène prezantasyon varyant an kreyòl ayisyen yo, nou te plis pale de varyasyon ki fèt nan diferan espas. Nan kad ribrik sa nou pral wè varyant lan nan nivo tan.
Kreyòl ayisyen se yon Lang ki fòme gras ak melanj plizyè Lang epi kreyasyon lokitè kreyòl yo. Avan nou pale fason nou pale jounen jodi a, Lang lan sibi anpil transfòmasyon. Gen moun ki panse transfòmasyon sa yo se dezòd yo vin mete nan Lang lan. Gen lòt menm ki dakò pou Lang lan chanje paske pou yo se yon kondisyon nesesè pou Lang lan. Poukisa yon Lang oblije transfòme nan tan? Èske moun ka met yon fren? Se anpil dout moun toujou genyen sou kesyon evolisyon Lang. Lang evolye paske sosyete yo ak moun ki nan sosyete yo pa sispann evolye. Menm jan moun pa ka kanpe evolisyon yon sosyete se konsa moun pa ka kanpe evolisyon lang.
Pou n obsève devlopman Lang kreyòl la fè nan tan n ap prezante w yon tèks ki ekri nan Lane 1757. Tèks sa rele ” Lisette quitté la plaine”
Lisette quitté la plaine
Moin pèdi bonhè moué;
Zié moin semblé fontaine.
Dépi moin pas miré toué.
Le jou quand moin coupé canne
Moin chongé zanmou moué;
La nouit quand moin dans cabane,
Dans dromi, moin quimbé toué.
Dépi moin pédi Lisette
Moin pas souchiè calinda;
Moin quitté bram-bram sonnette
Moin pas batt Bamboula.
Quand moin contré lautt négress
Moin pas gagné zié pou li;
Moin pas souchié travail piess,
Toutt qui chose moin mourri.
……….
Lisette moin tandé nouvelle
To compté bientôt tourné.
Vini donc toujou fidelle
Miré bon passé tandé,
Na pas tardé davantage,
To fait moin assez chagrin,
Moin tant com’zozo dans cage,
Quand yo fait li mouri faim
Lisette quitté la plaine, Duvivier de la Mahautière, Haïti 1757
Konbyen mo nou pa konprann nan tèks sa? Poukisa nou wè tèks la sanble ak fransè konsa? Èske w konn yon tèks konsa? N ap tann avi w nan kòmantè ou ap bay yo.
Sous: potomitan
07-11-2019
Marie Cadette PIERRE LOUIS
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou politik lengwistik ak jèvrin.

1 Comment
Comments are closed.