Suzanne Comhaire-Sylvain fèt 6 novanm 1898 nan peyi dAyiti. Li se premye pitit gwo bout tonton ekriven, aktivis Ayisyen Georges Sylvain. Li se sè Madeleine Sylvain ak Yvonne Sylvain, 2 potorik fanm ki make listwa peyi a tou. Youn se premye fanm sosyològ peyi epi ki rive mete sou pye premye òganizasyon feminis Ayiti, lòt la se premye fanm ki rive doktè nan peyi a tou.
Suzanne grandi nan yon fanmi 7 pitit ki gen ladan li 3 gason , 4 fi. Suzanne fèt nan yon epòk kote sosyete a te machis anpil, kote fanm te depann nèt al kole sou gason, yo pa t gen dwa vote, pafwa menm fini lekòl, ni fè inivèsite. Wòl prensipal yo se te okipe pitit yo ak mari yo, koze entèlektyèl te sanse pou gason sèlman. Men sa pa t anpeche jèn fanm sa fè chimen li nan monn syantifik la.
Anba benediksyon ak ankourajman fanmi l, li rive fini etid primè li nan 3 peyi diferan ki se Ayiti, Jamayik epi Lafrans. Apre, li antre nan inivèsite. Yon premye pa nan listwa pou yon jèn fanm Ayisyèn.
Suzanne deside fè etid inivèsitè li nan epòk apre lokipasyon amerikèn , kote fanm ayisyèn yo deside bay ansanm valè patriyakal ki t ap domine sosyete a do. Paske yo te patisipe aktivman pou mete bout ak lokipasyon amerikèn nan, yo tou chwazi pran desten ak de men, pou yo egal ak gason sou plan politik, entèlektyèl ak sosyal, sa ki pral vin fè lekòl ak inèvèsite ayisyen ouvri pòt bay medam yo.
Kidonk , nan moman sa, Suzanne deside pati pou peyi Lafrans al etidye antwopoloji ak lengwistik. Li se youn nan premye ayisyèn ki rive jwenn grad inivèsitè doktora.
Kontribisyon Suzanne nan Antwopoloji
Nan domèn antwopoloji , gras ak travay epi rechèch li yo , jèn fanm sila rive bati yon baz konesans enpòtan sou Kilti popilè peyi dAyiti. Nan rechèch li yo ,li retrase orijin kilti peyi a ki daprè li soti depi peyi Lafrik. Li se youn nan moun ki apiye orijin kreyòl ayisyen soti nan dyalèkt afriken Ewe ak Fon olye lang franse. Atik li yo pote limyè sou anpil aspè lavi sosyal ak kiltirèl e Ayiti e tou anpil peyi Lafrik tankou Kongo ak Nijerya.
Suzanne ak mari li Jean Comhaire rive konstwi yon katalòg enpòtan kote yo mete kont ayisyen yo nan rejis oraliti fòlklorik ayisyèn ak nan kilti kreyòl yo an jeneral. Nan lane 1936 li menm rive soutni nan inivèsite Sòbòn tèz doktoral li sou kont ayisyen yo. Anpil gwo zotobre nan domèn antwopoloji tankou Jean Price Mars, Alfred Métraux rive salye travay enpòtan li t ap mennen yo.
Kontribisyon Suzanne nan Lengwistik
Nan domèn lengwistik, Suzanne chwazi konsakre etid li sou lang kreyòl malgre nan epòk sa anpil kòmantè negatif t ap dekrebilize lang sa yo nan inivèsite etranje yo. Li se youn nan moun ki pote gwo kontribisyon nan domèn lengwistik, sitou nan kreyolistik . Gras ak rechèch yo li rive fè monn syantifik la r konsidere kreyòl tankou yon lang tout bon ki merite anpil travay fèt sou li. Liv li ” Le créole Haïtien, morphologie et syntaxe ( 1936) se youn nan premye etid syantifik ki pibliye sou lang kreyòl.
Pa gen manti nan sa, Suzanne Comhaire Sylvain rive fè fyète peyi a tout kote li pase ak travay li. Sou prezidans Durmasais Estimé yo te menm rive nome li enspektris anpil lekòl . Li te youn nan pwofesè enstiti Etnoloji Jean Price Mars te fonde a .
Nan Ewòp, li tounen asistan rechèch nan inivèsite Londres( 1935), Nan inivèsite Oxford li se youn nan pwofesè seminè eminan. Li te pwofesè inivèsite anpil lòt kote tankou Washington, Bruxelles, elatriye. Paske Suzanne te damou kontinan Lafrik ,Pandan 8 lane li okipe pòs ekspè nan ONU pou kontinan sila e sa pa t etone pèsòn lè , pou 74 lane li, li te deside etabli li definitivman nan peyi Nijerya. Malerezman yon lane apre, li rive mouri nan yon aksidan machin yon nan dat 20 Jwen 1975. Ayiti ak kontinan Lafrik annantye mete yo ansanm pou kriye lanmò trajik gwo bout fanm sa yo te gen chans konte pami yo.
Anpil gwo non nan domèn antwopoloji ak lengwistik pa t fatige onore travay remakab Suzanne nan domèn syantifik la ki rann li imòtèl . Travay Suzanne yo ki gen ladan yo plis pase 200 atik ak anpil ouvraj ki rive ranpòte anpil distenksyon tankou: Pri alyans fransèz, Meday akademi fransèz, gran meday Alyans Fransèz epi Meday sosyete pou ankourajman ak pwogrè.
Wyddiane PROPHETE
29-10-2021
Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
2 Comments
Comments are closed.