Seremoni pou remèt pri Pwezi Kreyoliti a te fèt nan Fakilte Lengwistik Aplike jou ki te mèkredi 28 oktòb la nan kad Jounen mondyal lang ak kilti kreyòl. Seremoni sila te fèt nan sal Pyè Vènè Fakilte Lengwistik Aplike a nan maten. Devan yon dividal moun nan milye kiltirèl la, powèt, lektè, ekriven tout moun te reponn prezan. Pou koumanse, Marvens Jeanty, kòdonatè Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK) te pran lapawoli pou l salye tout patnè ki rann pri Kreyoliti a rive fèt. Yon pri ki fèt nan yon kontèks difisil. Malgre kriz sanitè avèk enstabilite politik  k ap brase bil peyi a. 

Nou te gen yon kozri anba tèm « Rapò lengwistik ak literati » ak Fransaint Djevens, etidyan nivo 3 nan Fakilte Lengwistik Aplike, loreya pri Jèn Ekriven nan lane 2019. Renauld Govain, dwayen fakilte a, te pran lapawòl pou l felisite inisyativ sila epi ankouraje l kontinye. Pou lengwis la premye edisyon sa se yon bèl pretèks pou ankouraje jèn yo pwodui plis nan lang ki makònen pèp ayisyen an. Avan remiz pri a, responsab yo te fè yon ti pale de konkou pwezi sila. Marvens Jeanty fè konnen yo te resevwa 68 tèks antou, apre yon preseleksyon, 20 patisipan te rive nan final. Manm jiri a ki te gen ladan l Cherlie Rivage, Jeudy Erickson ak Iléus Papillon te akòde yon tan patikilye pou trete chak tèks epi rive jwenn 3 loreya yo. « Yon travay ki pa t fasil ditou lè nou ap konsidere nivo kreyasyon ki nan tèks yo. Tout ekip SEREK la pwofite di manm jiri yo yon gwo kout mèsi san parèy paske san sipò yo, sitou nan yon tan ki pat twò posib pou sa, yo sakrifye yo pou yo rann aktivite a posib ! Lizay pou nou ! »

Estaf KreyoLiti a sou lobedyans manm jiri yo prezante gayan yo konsa, Alix OLIVIER, premye loreya pou powèm li ki gen tit « Lapli ». Li resevwa yon plak donè, 10 000 goud kach, yon lo liv ak 500 goud minit telefòn. Walner OLIVIER ( tèks san tit), dezyèm loreya. Li resevwa 7 500 goud kach, yon lo liv ak 350 goud minit telefòn. Jamson ISAAC, twazyèm loreya  pou powèm li « Liminasyon ». Li resevwa 5 000 goud, yon lo liv ak 250 goud minit telefòn.

“Etan powèt, pri sa vle di anpil bagay pou mwen paske m te toujou ap travay nan lang mwen renmen anpil la, ki se lang kreyòl. Depi lè m kòmanse ekri nan atelye ki te rele kolektif jèn ekriven jakmelyen, kreyòl se te reflèks mwen. 

« M santi m kontan anpil paske mwen wè travay mwen kòmanse admire. Epi kontantman an ap sifi pou moman sa, m gen anpil bagay pou m ofri nan literati nan 2 lang nou genyen yo. M ap tyenbe rèd pa moli.  M te li tèks lòt patisipan yo, yo te fè bèl travay tou. Epi m pran pri a nan premye lanse konkou a, sa touche m. Youn nan moun m ap resmesyè, li se premye fanatik mwen. li se manman m, Magareth Jean Charles », deklarasyon Alix OLIVIER, premye loreya Pri pwezi KreyoLiti 2019-2020 an.

Estaf KreyoLiti a ap gen pou pibliye yon antoloji ak 20 tèks finalis yo, e l ap tou lanse dezyèm pwojè li ki se reyalizasyon yon « revi literè an kreyòl »

sous: https://lenouvelliste.com/article/222644/seremoni-pou-remet-pri-kreyoliti-nan-fakilte-lengwistik-aplike

Categories: Uncategorized