Pi lwen polemik  tradisyonèl ki chita sou jwèt politik ak ekonomik  ki konn fèt nan mitan  edisyon yo,  kote yo fè konnen otè ki ap resevwa distenksyon yo. Chak Pri literè gen yon misyon espesifik. Ki misyon li ye menm? Kisa ki motive l? Dènye Pri ki bay yo, èske yo respekte misyon yo? Antouka , se nou ki pou jije sa…

Goncourt, Femina, Interallié, Renaudot, Décembre…Tout nèt fèt ant fen mwa oktòb rive kòmansman desanm. Gran Pri akademi fransè a lanse  anvan, epi Interrallié reyalize an dènye. Men ki sekrè gwo machin k ap vann liv sa yo  menm ? Èske vokasyon yo  se deziyen bon ekriven yo? An n tounen nan sous la !

Pri literè, kòman sa mache ?

Se editè yo menm ki voye seleksyon liv yo bay manm jiri yo  k ap gen pou chwazi ekriven  ki eli yo, jeneralman pami yon santèn ki seleksyone. Seleksyon an fèt nan plizyè etap. Yo soti nan yon dizèn otè k ap vin redwi a twa oubyen kat pou yon desizyon final. Manm jiri a pa touche yon santim, e yo dwe antann yo pou yo eli yon lòt  jiri si ta gen demisyon oubyen lanmò.  

 Goncourt, Pri ki pi selèb e ki vann plis liv.

Li pa sispann make literati fransèz la chak ane. Se Edmond de Goncourt ki kreye Pri sila nan lane 1896, men  ki te bay pou premye fwa nan lane 1902. Li rekonpanse pi bon ouvraj ki ekri an proz la. Pierre Assouline, Didier Decoin, Tahar Ben Jellun, Patrick Rambaut, Eric Emmanuel Schmitt, Paule Contant, Philippe Claudel, Frncoise Chanderngor…se prensipal manm estrikti sila. Yo nan tèt lis sa nou ta ka rele «Elit otè yo ak kritik yo ».

Si loreya yo resevwa sèlman yon chèk senbolik ki gen dis (10) Ero ladan l , yo gen asirans y ap vann kat san mil (400 000) egzanplè pou pi piti, sa ki reprezante yon fòtin, yon lansman solid pou repitasyon ak karyè literè yo.

Ane 2021 an se Mohamed Mbougar Sarr ki se Senegalè te pran Pri sila.

Pri  Renaudot pou selebre sila ki ta sipoze pran Pri Goncourt la

Se dis (10) jounalis, nan lane 1925 ki kreye pri sila. Wòl Pri a se mete an avan tout woman ki gen yon estil orijinal. Georges Perec, Louis Aragon byen ilistre volonte nouvote sila: orijinalite, angajman, jan ak estil literè. Ak sèlman de san senkant mil (250 000) egzanplè ki vann, pafwa li konn depase Pri Goncourt, men yo souvan wè l tankou yon Pri konsolasyon, ki la pou repare ensjistis ki ta ka fèt nan Goncourt a.

Ane 2021, se Amelie Nothomb ki te pran Pri sila. Li se yon womansyè Bèlj.

Pri Femina, fanm yo nan jiri

Avèk yon jiri ki fanm sèlman , Pri Femina kreye depi 1904 sou enfliyans ak konsèy Anna de Noailles epi yon gwoup jounalis magazin « femina »ak « la vie heureuse ». pandan yo ap rekonpanse yon woman oubyen yon zèv powetik ki ekri en vè, avèk yon jiri fanm, Pri sila gen pou misyon konteste yon Pri Goncourt ki souvan sistematik,kote  yo bay otè  sèks maskilen yo li  sèlman. Pri sila, ak ideyoloji l sèlman pèmèt nou soti nan lojik edisyon an pou ouvri sou chan rekonpans ak kesyon « genre » (Rapò fanm ak gason). Poutan, Pri sila pa sèlman aksepte otè sèks feminen. Ladan l geyen  Pri Femina étranger, esè, liseyen.  

Ane 2021, se Clara Dupont-Monod ki te pran Pri sila.

Pri Interallié, li kourone yon jounalis

Li vann an mwayèn san mil (100 000) egzanplè, Interallié se yon Pri  altènatif  ki chwazi  loreya li yo nan pwofesyon jounalistik la .Menm si li pèmèt yo dekouvri  anpil gwo talan, Houellebecq paregzanp, se yon Pri ki pa sispann soulve kèk kritik , sitou kritik ki chita sou sitiyasyon kote se edisyon Grasset ak Gallimard ki souvan pran  Pri a.

Ane 2021 se womansye Mathieu Palain ki te pran Pri sila.

Pri Medicis, li dwe eli yon woman kote yo pa dekouvri otè a fòmèlman, oubyen yon premye zèv.

Ak senkant mil (50 000) egzanplè an mwayèn , Pri sila lanse nan lane 1958 sou lobedyans pitit Jean Giraudoux ak yon  fanm ki aprann Lèt nan  peyi Risi e ki te nan kèk sèk literè remakab.tankou Raymond Queneau ak Jean Genet. Yo respekte l anpil e li reprezante yon eleman enpòtan nan anons Pri literè yo.

Ane 2021 se Christine Angot ki te prn Pri sila.

Pri Academie francaise, selebre yon jèn otè ki pibliye pandan ane a.

Manm jiri li yo ki soti dwat nan Akademi fransèz, yo rekonèt yo gen ase lejitimite pou seleksyone zèv literè ki gen bon kalite. Anpil donatè chwazi yo pou yo desène plizyè Pri pou rekonpanse otè ki travay nan domèn literè, filozofi ak istwa. Anpil distenksyon bay chak ane, e yo gen anpil valè.

Ane 2021 se Francois-Henri  Désërable ki te pran sila a.

Pri Décembres 

Se Michel Dennery, patwon endistri papetri Cassegain ki kreye Pri sila, men se Pierre Bergé ki soutni e ki rann Pri a pi vizib. Toujou pou ofri Pri Gongourt kèk altènativ, li  soutni epi li chwazi otè tankou Angot, Eschenoz, Dantzig ou Houellebecq. Yon ekip otè ki toujou serye, e ki pwovokan na travay yo.  

Ane 2021 se Xavier Galmiche ki te pran Pri sila a.

Pri Flore, yon Pri literè ki pale sou fiti yon jèn ekriven.

Se Frédéric Beigbeder ki kreye Pri sila nan lane1994, Pri a pote non yon selèb kafe «  Flore »  ki nan  Saint Germain des Prés. Pri sila, ki gen nan jiri li yon ekip jounalis rekonpanse yon jèn otè yo remake ki pwomèt anpil  (souvan yon jèn otè ki apèn ap ekri). Chak mwa novanm, loreya resevwa yon chèk 6150  Ero, ak otorizasyon pou li al bwè yon « pouilly-fumé » chak jou, pandan yon ane, nan Café de Flore.

Ane 2021 se Abel Quentin ki te pran Pri sila a.

Pri pwezi KreyoLiti, yon pri ki rekonpanse yon tèks powetik yon jèn otè ayisyen

Depi 2019, Sant Etid ak Rechèck KreyoLiti (SEREK) kreye Pri sila pou rekonpanse chak ane yon jèn otè ayisyen ki ekri yon tèk powetik yon manm jiri ki solid apwouve. Pri sila se yon pretèks pou ankourje plis jèn lokitè kreyolofòn ayisyen pwodui nan lang manman yo ki se kreyòl ayisyen an. Chak ane, Pri a rekonpanse 3 jèn otè.  

Ane 2021, se Frantzley Valbrun ki te pran Pri sila a.

Marvens Jeanty

5  oktòb 2022

KreyoLiti pou yon pi bon Kreyolizay !


2 Comments

Comments are closed.