Jodi a nan ribrik pwovèb kreyòl la, Kreyoliti ap prezante nou 3 pwovèb ki entèprete menm jan:
1-RANN SÈVIS BAY CHAGREN
2-NAN BAY KOUT MEN,OU JWENN KOUT PYE
3-FÈ BYEN SE FWÈT
Yo tout entèprete menm sitiyasyon an. Anpil fwa Yon moun fè gwo sakrifis pou l ede yon lot, epi kòm rekonpans li jwenn Nan men l engratitid, mank respè,imilyasyon,mepri.
Egzanp 1: Woz Chita li lave tout rad sal Magali yo, epi li Mache di Woz vòlò Nan rad yo,rann sèvis bay chagren.
Egzanp 2: Moyiz pran pasyans ak pòl Nan maladi li, kounya li geri epi li deklare misye pa t janm itil li anyen,Nan bay kout men,ou jwenn kout Pyè.
Egzanp 3: Mariz travay di Pou l peye lekol Pou Mennaj li Jak, jodi a l pa wont l ap rele l fanm sòt devan tout moun, fè byen se fwèt.
PSS: Menm si rann sèvis bay chagren/Nan bay kout/ men w jwenn kout Pye/ Fè byen se fwèt, pinga nou janm sispann fè byen, paske nou p ap pèdi l, moun ou rann sèvis la se pa li menm ki souvan remèt ou l, ann kontinye bay kout men ak sila ki bezwen l menm si aprè n ap jwenn kout pye.
28-11-19
Magloire Fabienne