O.N.G ! se yon woman ki rakonte listwa 2 ONG : « La foulée verte » ki ap travay nan domèn anviwònman ak ekoloji, epi « Enfance et vaccin » k ap travay nan domèn imanitè, prensipalman ak timoun ki malad. Tou 2 ONG sa yo ap evolye nan menm batiman.Yo tou 2 ap vann tèt yo tankou òganizasyon ki la pou lapè, ki pa vle wè lagè. Men nan mitan yo gen yon chirepit anba anba.

Julien, k ap rakonte listwa gè a, te rantre kòm benevola nan òganizasyon ekolojik la, ki te gen Ulis nan tèt li, yon nonm ki chaje sajès pou li distribye, epi Celsa, ki t ap jwe wòl vis prezidan an. Yo te pran l konsa konsa paske li te bege. Gè a eklate tout bon, lè yon lendi maten konsa, Celsa vin ak yon nouvèl, pandan yo nan reyinyon konsa : « yo rache yon pati nan anblèm « Foulée verte » la, epi yo mete yon foto yon timoun kanykany ladan l, ki se senbòl « Enfant Vaccin ». Tout kalte kou te bon, depi se pou yo sove tèt yo, epi elimine advèsè a.

Ant vis prezidan ONG ekolojik la, Celsa, ak fi ki responsab « Enfant vaccin » an, tout benevòl nan tou 2 ONG yo ; soti nan pakin lakou a, rive nan 5èm etaj kay la, lagè a te okipe tout espas. Endistriyèl, andikape, yo tout gen dwèt yo tranpe nan batay la.Yo menm sispèk kout dwèt yon lòt ONG nan kabouyay la.

Tèlman Julien ap pran nòt nan kaye resò ki pa janm detache avè l paske se te prensipal travay li, li vin tounen yon ekriven. Li pa kite anyen pase anba je l san li pa note l. Julien ap viv nan mitan yon anvi fimen ki kolonize lespri l, k ap redi l yon bò, epi yon bann prensip ekolojik Foulée verte toujou ap vann, k ap redi l yon lòt bò. Mete sou sa nou ka ajoute bèl mòlèt janm Celsa ak tout bèl fòm li ki te toujou ap fè Julien lasisin. Julien pote anndan l yon seri kontradiksyon ki kontribye nan fòmasyon l.

Yon bann gwo batay pete nan divès etaj nan batiman an. Tanzantan youn fè yon bèk, tanzantan lòt la fè bèk pa l. Julien fè kadejak sou jèn fanm afriken an ki se youn nan responsab ONG “Enfant Vaccin “ an. Anpil blese, vyòl, pawòl rasis, seksis, batay yo pa inyore okenn paramèt. Gè a fini nan mitan yon vag anprizònman.

Kèk jou apre, sou tèt kay la, yo wè drapo yon lòt òganizasyon ki rele « Handicap de demain ». Menm òganizasyon sa a, kèk jou anvan t ap bay papye pou anonse li bezwen biwo pou lwe. Ta menm sanble, li t ap simen pwav nan mitan 2 premye ONG yo pou li te ka jwenn espas la li menm.

Otè a, nan yon estil orijinal, ban nou yon bèl resi entèresan. Nan yon ton rizib, chaje ak divètisman Iegor ap montre jan ONG yo sinik menm si yo pretann y ap defann yon seri bon Pratik anndan sosyete a. Yo kapab fè tout kalte vye bagay sal pou yo konsève pouvwa yo epi kontinye egziste. Otè a montre nou jan ONG anvayi kèk kominote, pa menm gen batiman pou yo fè biwo yo tèlman yo anpil. Sa klè, nan yon ti kras tan, yon sèl kay sèvi biwo pou 3 ONG diferan.

Sa ki fè woman an pi entèresan, otè a pran yon bann travay teyorik, yon bann diskou sou ONG, li marande l ak yon estil komik, pou li bay yon resi ki orijinal. Anyen pa neglije nan tout kritik ki genyen sou ONG yo, epi tèks la bay gou pou w li l.

Jean Verdin JEUDI (Toli)

17/03/2020