Soti lanne 1848, tout womansye te vle wè tèt yo tankou istoryen moman an osinon obsèvatè syantifik sosyete a, pandan  yo te ap chèchè kreye ilizyon sou tout verite.  Mouvman reyalis la wè jou  avèk revi reyalis 1856 la. Li gen pou objektif prezante mekanis sosyal yo, fouye pi fon lavi chak jou, epi bay reyalite a koulè. Se yon kouran atistik ki kreye pou kanpe tennfas kont  ideyalis  ak liris womantik la.

Reyalis balzasyen an (le réalisme Balzacien) : Reyalis sila chita sou obsèvasyon  lezòm avèk anpil swen, volonte pou devwale seri règ jwèt sosyal yo. San bliye, ak tèks « La comedie humaine », Balzac te swete antre nan konkirans ak Eta Sivil la. Yon plan ki te anbrase yon sèl kou Istwa ak kritik sou sosyete a, analiz sou tout mal sosyete a ap sibi epi diskisyon sou seri prensip li yo.

Reyalis ilizyonis ( le réalisme illusionniste) : Reyalis sila fè nou panse ak Stendhal ki  plante fiksyon li yo nan monn kontanporen an. Pou li, woman se yon miwa w ap pwomennen nan yon wout san limit. Li te ap fè lwanj  pou yon reyalis sibjektif ki depann plis sou lide otè a .

Estil reyalis la : ekri ak presizyon, obsèvasyon filozofi pozitivis la, fòm diskou deskriptif, pòtrè, itilizasyon nivo langaj ki adapte ak sitiyasyon epi pèsonaj yo, miltiplikasyon tout ti detay pou bay verite a lavi, efè reyèl, itilizasyon fòm womanèsk privilejye a (Nouvèl).

Dat (anviwon) : 1830-1870

Tèm ki abòde :

– Mès yon epòk oubyen yon kote.

– Tout sa ki gen lyen ak kontèks politik, istorik epi sosyal.

– Enfliyans kote a sou endividi a.

– Vil, pwovens.

– Mizè

– Asansyon sosyal.

Jan ki plis kònen : Woman

Otè ak zèv prensipal :

– Honoré de Balzac (La Comédie Humaine : Le Père Goriot,Eugénie Grandet, Les Illusions Perdues…)

– Gustave Flaubert (Madame Bovary, l’Education sentimentale)

–  Stendhal (Le Rouge et le Noir)

– Maupassant (Contes du Jour et de la Nuit)

Sous : www.lettres.com

Marvens JEANTY

01-05-2020

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay

Kreyoliti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.