Samdi 15 janvye 2021 an, nan lokal Fakilte lenguistik aplike (FLA), Sant etid ak rechèch kreyoliti (SEREK) òganize seremoni remiz pri pwezi Kreyoliti. Nan chalè yon anbyans byen konvivyal, etidyan, lektè, zanmi pwezi ak literati te chita brase lide sou lobedyans Djevens Fransaint ki lanse yon bat bouch sou pèspektiv kreyasyon nan literati kreyòl ayisyen an anvan menm resipyandè yo resevwa rekonpans yo. Valbrun Frantzley, Jessica Nazaire, Richelor Nelson se premye, dezyèm epi twazyèm loreya konkou sila a ki sou dezyèm edisyon li.
Pou Valbrun Frantzley, ki ranpòte premye lamayòl pri a ak yon powèm flèv san tit, patisipe nan yon konkou konsa se yon bèl esperyans li rekonèt ki pèmèt li soti pi kwè nan tèt li ak nan travay li epi ranfòse konviksyon l pou l kontinye pwodui kinalaganach nan lang Feliks Moriso Lewa a : « Patisipasyon m nan dezyèm edisyon Pri pwezi Kreyoliti ban m okazyon pou m mete plis enèji ak jèvrin nan travay mwen kòm jenn powèt. Antanke manm Sosyete Koukouy, mwen kwè ak tout kè m pwodui nan lang matènèl mwen se yon fòm patriyotis. Se fason pa m pou m kite mak mwen ak siyati m nan bèl konbit jefò k ap fèt pou anrichi literati kreyòl ayisyen an ».
Pri pwezi Kreyoliti la pou ankouraje plis moun pwodui nan lang kreyòl, daprè direktè jeneral SEREK la, lenguis Marvens Jeanty. Pou ansyen etidyan Fakilte lenguistik aplike a, pri pwezi Kreyoliti pèmèt li menm ak ekip li nouri anpil bèl espwa ak optimis sou volonte nouvèl jenerasyon sa a genyen pou kontinye suiv tras ekriven tankou Morisseau Leroy, Frankétienne, Georges Castera, Manno Ejèn, Mercédès Foucard Guignard… Pou natif vil Gonayiv la, kantite kandida yo te anrejistre pou dezyèm edisyon konkou a vle di anpil pou li : « An tou, nou resevwa 67 postilan; kidonk, 67 jenn fi ak jenn gason ki chita ekri yon powèm epi voye li nan konkou a. Apre premye seleksyon an vin rete 20 kandida ki pwal redui finalman a 3 finalis nou konnen yo. Daprè mwen, konkou a reyisi san jeretyen. Sitou lè n konsidere obstak tout kalite nou janbe pou n konkretize lide a. Sa se yon bon siy. Piblik la reponn prezan pou remiz pri a malgre kapital peyi a ap fè fas ak tout pwoblèm nou konnen yo : kidnaping, ensekirite… ».
Rekonpans yo
Pou ansyen etidyan Fakilte lenguistik aplike a, konkou a reyisi menm si li rekonèt « gen yon mank mwayen finansye pwoblèm sosyopolitik peyi a vin agrave plis ». Premye loreya a, Valbrun Frantzley, resevwa yon lo liv, 20 000 goud ak yon plak donè ak merit; dezyèm loreya, Jessica Nazaire, jwenn yon lo liv ak 13 000 goud, epi Richelor Nelson, yon lo liv ak 10 000 goud.
Tèks Valbrun Frantzley la (ekstrè)
Vwa w se yon prim konsolasyon
Lè jou mèg nan 2 plan menm
Anmezi ti limyè bote w ap klinyote
Se anmezi lonbray ou ap chawonyen levid
Ak yon rekèy powèm dous makous
Pou sa ba li goumwen vle
Inyorans se flè tout sezon
Ki griye nan zantray malè
Alfabè moun fou pa gen men
Pou pote mo damou
Ki blese nan kè
Desten zile sa a se yon almanac
San dat
Anbisyon mwayo pa la
Pou fè ane plezi
Ou se esans tout fòs vital
Mounite w gaye sou twotwa
Tout syèl devègonde
Ou se reflè yon lide
ki pete dlo
Kreyolizay s on mo ki soti anba plim powèt e kreyolis Manno Ejèn: Kreyo pou kilti, lang, valè epi lizay pou mannyè, fason… Kidonk, an gwosomodo, kreyolizay se fason yon moun, yon pèp chwazi viv kreyolite li, lang li ak kilti natifnatal la.
Jean Baptiste Anivince
2022-01-19 | lenouvelliste.com
https://lenouvelliste.com/public/article/233738/remiz-pri-pwezi-kreyoliti-pou-yon-pi-bon-kreyolizay
