Nan ribrik pwovèb jounen an, KreyoLiti kontan prezante ou:

“Se pa pou bèl zèb pou mwen mare chwal mwen bò falèz”

Pwouvèb sila entèprete sa nou rele “kenbe diyite”. Nan sans menm si ou ta nan gwo pwoblèm , pa janm chwazi fè anyen ki pral redwi mounite ou, pa fè anyen ki pral fè ou mache tèt bese tankou zonbi. Se yon pwovèb ki lye ak rezistans epi konviksyon.

21-11-2019

Marvens JEANTY

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.