Mezi lajan w Mezi wanga w

Nou souvan itilize pwovèb sa lè yon moun ap achte, malgre kòb li piti li vle yo ba l anpil, machann yo sitou renmen di sa.

_Kèk fwa kòb moun nan twò piti yo pa dakò vann li, lè sa moun nan k ap achte a kapab di ba l mezi kòb li menm si l piti, paske mezi lajan w mezi wanga w.

_Gen pafwa moun nan pa oblije ap achte pou li rankontre ak pwovèb sila a, li ka t ap tann yon gwo rekonpans nan men Yon lòt moun pou yon sèvis li te rann li epi sa yo ba l la etone l, lè sa yo kapab di l mezi lajan l mezi wanga l.

Egzanp1: Jan ap plenyen pou manje a machann nan ba l ki twò piti, malgre kòb li pa t anpil, machann nan di l mezi lajan w mezi wanga w.

Egzanp 2: Ti pyè vin achte dlo yo pa vle vann li akoz kòb li pa kont, li di machann nan banm mezi lajan m mezi Wanga m.

Egzanp 3: Mariz panse parenn li t ap ba l plis kòb pou yon ti sèvis l te rann li, li bliye si mezi lajan l se mezi wanga l.

15-11-19

Magloire Fabienne

@Kreyoliti pou yon pi bon Kreyolizay
@Kreyoliti pou yon politik lengwistik ak jèvrin