“KASAV KANNI BON LAKAY”

Pwovèb sila, Nou itilize li lè nou ap montre enpòtans yon bagay nou pa t bay twòp valè ousinon nou bliye, petèt paske li la twò lontan ousinon nou pa twò bezwen, men kanmenm yon lè nou ap gen bezwen li.

Egzanp1: Miryam pa t janm renmen mete rad wouj sa, epi se avè li li ale nan reveyon an, kasav kanni bon lakay vre.

Egzanp2: TiJak sere yon pen depi semèn pase, li menm bliye li, Jodi a pandan li Santi grangou li sonje li, Kasav kanni bon lakay.

08-11-2019

Magloire Fabienne

@Kreyoliti pou yon pi bon Kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.

Categories: Uncategorized