
Félix Morisseau-Leroy fèt Ayiti (Gran Gozye) yon jou ki te 13 mas 1912. Depi nan laj 14 zan, li rantre nan domèn literati a, lè li ekri yon lèt pou li pote apui l bay Jacques Roumain. Nan lanne 1929, nan moman gwo mobilizasyon kont lokipasyon blan meriken an Ayiti,li pibliye premye powèm li “Debout les jeunes”. Li te lisansye nan dwa epi li al Etazini nan Colombia University pou li t al fè yon espesyalizasyon nan domèn edikasyon.
Menm jan ak kèk konpatriyòt li, tankou Jean Brierre, Roger Dorsinville, Morisseau Leroy te pran egzil an Afrik (Gana,Senegal, Nijeria) depi an 1960 (pou rive an 1980). An 1981, li antre Etazini (Miyami), li al viv ak fanmiy li. Se la tou li pral rasanble plizyè ayisyen sou baz kiltirèl. Pandan tout tan li fè an Afrik la, li t ap bay kout men li nan teyat popilè ak lòt pratik atistik.
Se youn nan otè ayisyen ki fè anpil pwomosyon pou lang kreyòl la. Zèv li yo, prensipalman rekèy powèm li ki rele “Djakout” (1953), pral make ak yon gwo trè literati kreyòl la.
Li te kwè lang kreyòl la se yon richès pou moun k ap ekri. Pou li, menm jan ak tout lang, kreyòl la granmoun, se yon pi bon zouti tou pou yon ayisyen ta itilize pou moun pwodui paske ap gen plis moun ki konprann ou.
Pou li montre sa, li pral fè tradiksyon zèv klasik tankou: Antigòn (Sophocle) 1953, Wa Kreyon, 1953.
Travay Morisseau-Leroy yo enskri nan yon globalite ki pran an kont batay pou chak ayisyen konsyan epi mèt tèt yo, pou yo mete fòs pou afwonte pwoblèm legzistans moun, kole zepòl pou barikade ravaj sivilizasyon oksidantal la ap fè yo. Angwo, se yon batay ki chita sou valè istorik pèp ayisyen an ak gany yo fè nan listwa, yon batay kont diktati, kont pasivite sitwayen yo; se yon kri kont lenperyalis ak tout enstitisyon li pote anba bral yo, nou raple powèm li kont “OEA”.
Dapre Pierre-Raymond Dumas [1], menm jan ak anpil lòt kreyatè ayisyen tankou Jacques Roumain, Carl Brouard, Anthony Lespès, Syto Cavé, Mercédes Guignard (Deita), Frankétienne, Félix Morisseau-Leroy pa rete kwè batay pou emansipasyon ayisyen an posib si pa gen yon gwo revèy kiltirèl ki fèt.
Félix Morisseau-Leroy pibliye ni an fransè, ni an kreyòl. Nan piblikasyon fransè yo nou ka site: Plénitudes (1940), Le destin des Caraïbes (1941), Récolte (1946) epi Natif-Natal (1948). Ak kolaborasyon Jean-François Brierre, Roussan Camille, li pibliye tou Gerbe pour deux amis (1945).
Men depi 1953, Morisseau-Leroy bay tèt li pou li ekri definitivman an kreyòl. Se konsa li pibliye: Djakout-1 (1953), Antigòn, (1954), Djakout-2 (1971), Jaden kreyòl (1977), Kasamansa (1977), Wa Kreyon (1980), Vilbonè (1982) epi Djakout-1,2,3 (1983).
Nan peyi Ayiti, yo sitou konnen Morisseau-Leroy kòm kreyolis ak kout penso li ajoute nan teyat ayisyen an. Se yon gason kanson, pwogresis, powèt angaje, kwonikè. Powèm li ki gen pou tit “Mèsi papa Desalin” tounen yon gwo siflè nan bouch anpil patriyòt ayisyen pou lage 2-3 kout flit chak lè moman an mande sa.
Felix Morisseau-Leroy mouri jou 5 septanm1998 la nan Jackson South nan peyi Etazini. Gen yon Avni nan Miyami yo bay pote non l.
[1] Pierre-Raymond Dumas, Félix Morisseau-Leroy, «Anpenpan» (1912-1998), yon atik ki pibliye nan jounal Le nouvelliste jou ki 17 me 2010 la.
Jean Verdin Jeudi (Toli)
Sous:
1- Pierre-Raymond Dumas, Félix Morisseau-Leroy, «Anpenpan» (1912-1998), yon atik ki pibliye nan jounal Le nouvelliste jou ki 17 me 2010 la.
2- Saint-John Kauss, Félix MORISSEAU-LEROY, le Djon d’Haïti Tonma. Yon atik nou konsilte sou
https://www.potomitan.info/kauss/morisseau-leroy.php jou ki te 17 novanm 2019 la.