«Le peuple des terres mêlées» se dezyèm woman René Philoctète apre « Le huitième jour», ki te ranpòte pri «L’an 2000» la. Li pibliye nan lane 1989 anba kouvèti edisyon «Henri Deschamps» nan koleksyon «Les cahiers du vendredi». Premye tiraj liv sa te fèt avèk 1250 egzanplè, tout nimewote.
René Philoctète fèt nan vil powèt yo, Jeremi, nan dat ki te 16 novanm 1932. Li se te ekriven, powèt, pwofesè, aktivis politik. Li pibliye plizyè liv: woman, teyat, pwezi ki fè anpil pale nan monn literè a tankou : «Margha», «Caraïbes», «Promesse»… Avèk Roland Morisseau, Serge Legagneur, Davertige, Auguste Thénor, Anthony Phels li fonde «Haïti littéraire» epi avèk J. C. Fignolé, Frankétienne li kreye «Spiralisme».
«Le peuple des terres mêlées» se yon bèl istwa damou ki pral sakaje anba sekous yon masak san parèy.
Adèle, bèl grenn fanm nwa ayisyèn ki soti nan vil Beladè men, chak madi ki toujou al fè mache «Maribaroux», yon mache ki reyini pèp ayisyen ak pèp dominiken ta pral rankontre pou premye fwa nan mache sa Pedro Brito, yon dominiken ki soti nan yon ti vil ki rele «Elias Piña». Se la tout istwa lanmou 2 moun yo koumanse, jiskaske yo ale viv ansanm Repiblik Dominikèn nan menm ti vil sa ki rele «Elias Piña» a. Moun yo te renmen tout bon. Se konsa 2 lane aprè, diktatè domiken Rafael Leonidas Troujillo y Molina ki te gen yon sèl foli depi li te tou piti pou li posede Sitadèl Henri a, mete yon komite sou pye «Cabezas haitinas» pou koupe tèt tout moun yo jwenn ki pa ka pwononse mo «Perejil» byen, yon mo espanyòl ki difisil sou lang ayisyen yo. Yon desizyon li pran pou li dezanfrikanike pèp dominiken an.
Depi lè desizyon sa fin pran an, se san k ap koule sou lòt bò fwontyè a, se tèt ayisyen k ap koupe, se fanmi k ap derasinen. Komite «Cabezas haitianas» ki te gen señor Agustin kòm direktè ekzekif nan vil «Elias Piña» a pa konn timoun, granmoun, fanm, gason. Yo masakre plis pase 20 000 moun nan operasyon sa. Pandan tan sa, chèf Leta ayisyen an ki se te Sténio Vincent ap pran plezi l nan kapital peyi Dayiti a, Pòtoprens. Se fèt k ap fèt pandan san ap koule. Koze masak sa domine Adèle anpil tankou yon vye rèv, Pedro li menm pat rete san aji, li menm ak zanmi li Guillermo t ap tante fòme yon sendika pou kontrekare operasyon an. Men, demach la pat reyisi, depi byen bonè yo touye Guillermo.
«Le peuple des terres mêlées» se yon woman 147 paj ki pote kri plis pase 20 000 ayisyen diktatè domiken Troujillo masakre nan lane 1937 nan silans otorite peyi Dayiti yo, kominote entènasyonal la. Se yon woman ki montre nan ki degre foli yon moun (Trujillo) ka mennen l menm jan Maurice Sixto ta ka esplike kijan laperèz depi nan anfans François Duvalier fè li tounen yon bèt nwa. Se yon woman ki pote yon mesaj lanmou pou 2 pèp yo. 2 nasyon, yon sèl zile. Poukisa se pa yon sèl pèp? Se yon woman ki trete yon seri tèm tankou : jenosid, lanmou, vodou, nostalji, lanati, politik, zenofobi, rasis… René Philoctète pran swen li pou li dekore woman an ak pwezi. Ant pwezi ak woman, nan ki jan literè liv sa ap pi byen sitye li? Antouka, se yon liv pou tout ayisyen ta li paske li pote yon paj nan listwa relasyon nou genyen depi lontan ak Repiblik Dominikèn.
Chrisvinan Joseph (Christo)