
“L’attentat” se yon woman ekriven aljeryen ki rele Yasmina Khadra ki pibliye jiyè 2005, anba kouvèti Edisyon Julliard nan peyi Aljeri. Bon non otè a se Mouhammed Moulessehoul, li pibliye plizyè liv deja : esè, rekèy nouvèl, woman tankou : “Ce que le jour doit à la nuit, Morituri, Les sirènes de Bagdad, Les Hirondelles de Kaboul, La dernière nuit du raïs, Dieu n’habite pas la Havane… “
Se yon woman ki pran plizyè pri literè apre piblikasyon li tankou : pri Libraires, pri Lycéens des chartres, pri Gabrielle d’Estrées, pri Lecteurs de télégramme, pri Lectrices côté femme, pri Lycéens ak Apprentis de Bourgogne…
Anndan woman sa ki genyen anviwon 250 paj, Yasmina rakonte istwa yon potorik gason, yon chirijyen san parèy nan domèn li an, yon arab israyelyen : Amine Jafaari ki te ap viv avèk madanm li Sihem, yon palestinyèn ki te ba li tout lanmou nan kè li. Se te 2 moun ki te ap mennen yon bèl vi sensè. Moun yo te vrèman damou. Doktè Amine fè tout sa li kapab pou fè madanm li viv tankou yon ti zanj malgre masak israyelyen yo ap fè sou fanmi li yo laba a, nan yon distans ki pa twò lwen li. 2 moun yo te nan bòl grès yo. Madanm lan te bay aparans li ere anpil.
Bonè se yon kout zeklè! Yon jou , pandan doktè Amine nan lopital la, li remake anbilans ap kouri vini ak pasyan pa pil e pa pakèt, kouri fè dilijans pou mete nan sal ijans. Sa ki pase? Se yon bann moun ki sot viktim yon atanta. Doktè yo fè tout sa yo kapab, sove vi yo kapab. Doktè Amine te vini oblije ale paske fatig li a pa te piti. Pandan li kouche pou li dòmi, li resevwa yon apèl ki di li pou li retouten byen vit lopital la. Li pa fè tèt di. Lè li rive, se avèk gwo lapenn, gwo kè chire li te ap ale dekouvri avèk anpil difikilte kò madanm li ki mouri trajik nan atanta a.
Dèyè chak nouvèl toujou genyen yon pi gwo nouvèl. Lapolis, pran doktè Amine, malgre siyasyon konplike li twouve li a pou yo kesyone li sou sa ki pase a paske yo gen endis ki montre yo se Sihem, madan doktè a ki woule anba rad li yon dividal eksplozif pou li te ka fè atanta sa menm. Bagay la domine Amine plis, li pa imajine madanm li tounen yon kamikaz. Li defann fi a ak raj paske pou jan li pran swen madanm li, pou jan pa te gen sekrè nan mitan li ak madanm li, li pa panse yon fwa menm se madanm li ki otè gwo krim sa. Epi tou, madanm li te twò sansib pou doulè moun pou li ta rive komèt zak sa. Doktè a kanpe tennfas dèyè pozisyon li jiskaske lapolis ba li vag.
Kèk jou aprè, doktè Amine jwenn yon lèt madanm li te ekri kite pou li avan li te fè atanta a. Amine debousole, li dekonstonbre, li santi se tout lavi li ki pran nan yon sanndwitch doulè melanje ak soufrans. Li tonbe kesyone tèt li sou rezon ki fè mandanm li ale foure kò li nan zafè sa. Li ap mande tèt li kisa li pa te fè oubyen kisa li te mal fè. Li pase anpil peripesi pou li ta eseye jwenn yon repons sou aksyon Sihem lan. Èske se neve li Adel ki antrene l ladan? Poukisa? Èske se teyoris palestinyen yo ki lave tèt madanm li? Kiyès? Kòman? Poukisa? Depi kilè Sihem te ap manniganse kou sa sou li? Yon bann kesyon ki mennen li lwen lwen jiskaske li rejwenn fanmi li. Fanmi yon sitiyasyon sosyal, yon pyedestal te fè l bliye. Sitiyasyon ki fè li bouche je li sou sa fanmi li yo ap viv chak jou.
Nan woman sa ki fè pati triloji ki genyen ladan li ankò : Les sirènes de Bagdad avèk Les Hirondelles de Kaboul, ki konsènen batay tout lasent jounen ki genyen an Oryan yo Yasmina abòde san twòp patipri koze batay ki egziste ant Israyèl avèk Palestin ; relasyon konplike ki egziste nan mitan yo ; Move tretman Lapolis israyelyen yo ape bay palestinyen yo san pitye pou menm timoun. Anndan woman sa nou jwenn yon seri tèm tankou : Patriyotis, Lanmou, Lamitye, Fanmi, Teyoris, Rasis, Diskriminasyon, Relijyon… Se yon woman otè a ekri ak yon ekriti powetik. Istwa a tèlman koule swa, li bay anvi dekouvri chak grenn paj ki ap vini. Se yon bèl liv tout moun ka li.
13-11-2019
Chrisvinan Joseph (Christo)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin