Liv “La Peste” Albert Camus lan, radyografi yon vil k ap kofre anba yon katastwòf

« La peste » se yon liv Albert Camus ekri ki pibliye nan ane 1947, sou direksyon Edisyon Gallimard. Liv la popilè anpil epi li fè gwo siksè nan monn literè a. Nan menm ane li pibliye a, « prix des critiques » nan peyi laFrans te rekonpanse l.

Depi nan kòmansman tèks la, naratè a prezante liv la tankou yon kwonik, yon ansanm evènman istorik k ap deplòtonnen youn apre lòt, ki eksplike kijan yon seri moun viv yon gwo epidemi lapès nan yon vil maladi a vin oblije fè yo izole.

Woman an rakonte listwa yon maladi ki tonbe nan lavil Oran, yon vil nan peyi Aljeri nan lane 1940. Sa ki ta pral fè otorite vil la pran yon seri desizyon pou pwoteje sante moun yo, epi evite maladi a gaye lòt kote, youn ladan yo se izole vil la ak rès peyi a.

Tout Bagay t ap byen mache anvan yon bon maten, yon sèl eskandal rat mouri pete. Lameri ak otorite sanitè nan zòn lan pa sispann ranmase rat epi dezenfekte vil la. Apre kèk jou, yo vin pa jwenn rat ankò, men gen yon maladi layèv ak apse k ap touye moun. Youn nan premye moun li touye yo se gadyen otèl kot doktè Rieux te ye a.

Panik vin nan mitan pèsonèl medikal la, anvan yo vin aksepte se yon epidemi lapès ki tonbe sou vil la. Prefè vil la ak lòt otorite yo pèdi kontwòl maladi a. Yo deside fèmen pòtay vil la pou moun pa fè alevini yon fason pou maladi a pa gaye nan tout peyi a. Raymond Rambert, yon jounalis ki soti kapital peyi laFrans (Pari) vin fè yon ankèt nan vil la tou fèmen anndan, yon sitiyasyon ki mete l byen lwen ak madanm li. Li fè plizyè tantativ pou li chape poul li, planifye anba anba ak jandam k ap veye pòt yo pou yo fè li ale. Men planifikasyon yo pa janm ka ateri. Dènye lè ki rive pou li ale a, ant lanmou pou madanm li ak kontinye bay kout men pou fè fas ak maladi a, li chwazi rete pou li wè si li ka ede sove kèk vi. Joseph Grand li menm, yon atache nan Lameri, pa janm sispann anpile estatistik sou maladi a. Men tout rèv li se te vin yon gran ekriven. Li pase tout tan maladi a dire a, nan ekri yon sèl fraz ki pa janm ka fini. Alafen, li boule maniskri a. Nan finisman epidemi an, li vin fou.

Maladi a boulvèse tout vil la, antrepriz yo ap fèmen, Restriksyon nan deplasman sitwayen yo, moun vin pè moun pou youn pa kontamine lòt. Pè Paneloux, nan kòmansman epidemi an di se yon malediksyon ki tonbe sou vil la. Apre li fin asiste pitit jij Othon an k ap jigote anba lanmò, sèl rekou li devan zak trajik sa a se ranfòse lafwa l. Li vin atrape maladi a, li refize èd tout moun, epi li tonbe l mouri.

Sèl moun maladi a aranje se Cottard, yon trafikan lapolis t ap chèche. Li panse sitiyasyon tèt chaje sa a detounen je lajistis sou li. Men nan dènye moman maladi a li vin fou, lapolis arete l. Tarrou, yon filozòf, pwofite ekri divès kwonik nan kanè pèsonèl li sou evolisyon maladi a. Okontrè kanè sekrè sa a se yon gwo sous enfòmasyon pou naratè a. Li bay gwo kout men nan ekip benevola ki t ap ede nan peryòd difisil sa a.

Maladi a lakòz egzil, distans nan mitan fanmi ak zanmi, yon aprizònman nan pwòp tèt ou. Menm doktè Rieux, yon nèg ki pase tout tan epidemi an dire a sou de pye l nan bay lòt moun laswenyay ak ede nan chèche remèd pou maladi a, madanm li t al lopital deyò vil la, li fèmen dèyè baryè a. Menm jou zanmi l Tarrou mouri, li pran nouvèl madanm li te gen tan mouri ak maladi tibèkiloz.

Se yon peryòd defèt sou defèt. Jis lè Costard vin jwenn yon sewòm ki bon pou maladi a, yon pakèt pwòch gen tan fè vwèl pou peyi san chapo. Men lè maladi a nan wout pou l disparèt, kèk aktivite kòmanse reprann, anpil moun vin manifeste yon enpasyans san limit. Anpil kabouyay pete ak jandam ki nan pòtay vil la ak moun k ap bat pou yo soti. Se tankou pwovèb ayisiyen an ki di, bouki nan prizon pou yon lane, nan dènye jou nan ane a li touye tèt li.

Nan fen tèks la, naratè a, nou pral dekouvri ki se te yon gwo aktè ki te nan kè evènman an, doktè Rieux, di li ekri istwa sa a kòm temwanyaj viktim yo, yon souvni sou enjistis ak vyolans yo te sibi. Li pwofite raple lakay moun an jeneral, gen plis bagay pou nou lwanje pase sa nou ka meprize. Li fini pou li di jèm lapès la pa janm mouri, li ret ap dòmi plizyè kote, yon bon jou konsa li ka pwente sou nou.

woman sa a montre kouman yon seri moun sakrifye yo, pou yo bay tout fòs yo pou yo wè kijan yo ka ede yon kominote. Camus gade nan sans sa a, kapasite moun genyen, nan nannan sa ki defini mounite l, pou li itil yon fason kanmèm nan yon sitiyasyon patikilye. Li montre tou difikilte moun genyen pou yo adapte yo ak yon bagay ki etranj ak sa yo te konn viv chak jou. Se yon eksperyans kolektif nan yon gwo peryòd difisil ki charye evolisyon atitid moun yo nan divès moman maladi a. Ant esperans, kwayans nan Bondye, dezespwa, separasyon, woman an prezante yon tablo byen sonm nan mitan yon gwo katastwòf. Li eseye abòde plizyè pwoblèm filozofik tankou limit moun genyen pou li fè fas ak yon soufrans, yon reyalite ki depase kapasite fizik oubyen entèlektyèl li ; li gade moun parapò ak soufrans yon lòt moun, yon eleman esansyèl nan definisyon mounite. Men, an jeneral, tankou Camus menm di, woman an rete yon kwonik rezistans. Se pa san rezon, nan divès moman nan listwa kote ki gen twoub ki sanble ak sitiyasyon Camus dekri a, woman sa a sèvi yon referans pou moun li.

Albert Camus se yon ekriven, jounalis, filozòf, ki fèt nan lane 1913. Li pibliye plizyè liv ki fè gwo siksè nan monn lan, sa ki ta pral pèmèt li pran pri Nobèl literati nan lane 1957. Li te toujou angaje l nan yon seri batay rezistans sitou apre dezyèm gwo gè a. Li mouri nan yon aksidan machin nan lane 1960.

Jean Verdin JEUDI

06-04-2020

KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin