Prezantasyon liv: Masi, yon woman Gary Victor
Masi se yon woman Gary Victor ki soti nan Edisyon “Memoire d’Encrier”, an 2018, nan yon kontèks kote diskou sou omoseksyalite sonnen pi fò nan zòrèy piblik la. Tankou tout lòt zèv li yo ki toujou foure bouch nan kilti popilè a, epi pran kèk mit ak Pratik pou kreye bèl istwa, chaje entrig pou lektè yo. Masi se ekspozisyon toutouni yon bann Pratik nou te konn tande anba anba kay lektè yo.
Dieuseul Lapenuri ki te yon senp anplwaye nan yon bwat, se yon nèg papa li meprize li. Madanm li ki gen lanbisyon viv nan gwo konfò, kòm gwo zouzoun, kòmanse bal move jan. Li pral fè tout mwayen pou mari li rive minis. Pou Dieuseul rive jwenn pòs sa a, tankou sa toujou ye, li oblije bay prezidan an ki se yon jwisè, yon pip, jwe flit pou li. Dieuseul tèlman bay prezidan an bon plezi, li tèlman fèl byen jwi, prezidan an vin gen yon apresyasyon san parèy pou li, sa ki leve anpil jalouzi nan kabinè ministeryèl la ak nan antouray gouvènman an.
Yo mete Dieuseul minis « Valè moral ak sitwayen » pou li kapab aji sou degradasyon tout valè moral nan sosyete a, epi diminye sou abominasyon ki ap kankannen Repiblik la. Li te sitou gen manda pou li pwononse li sou premye festival masisi ak madivin ki pwograme nan peyi Ayiti. Yon aktivite ki leve plim sou do anpil otorite, anpil responsab relijyon ak lòt enstitisyon nan peyi a. Men tou se te inisyativ yon bann gwo blan, yon bann anbasadè ki vin fè festival sa a tounen yon kesyon etatik.
Dieuseul pral konnen tout atak posib akoz ekspètiz li genyen nan bay prezidan an pip. Jalouzi fè yo al dèyè yon misyonè jis Monreyal, ki pedofil epi ki te direktè lekòl. Dieuseul fèl anpil pwomès pou yo gade si yo te ka jwenn kote Dieuseul jwenn don sa a oubyen jwenn yon dosye pou mate minis lan. Menas lanmò, maji, ipokrizi, tout te tounen yon gwo fado sou moral minis « valè moral ak sitwayen » an. Madan prezidan an menm rive debake yon bon lè nan kabinè minis lan, bat li akoz li aprann minis lan bay mari li plis jwisans pase li. Alafen, malgre anpil presyon, minis lan rive gen kouraj pou li bay aksè pou festival « masi-madi » a reyalize nan peyi a.
Ak yon estil patikilye, Gary Victor antre ak tout fòs nan pratik politisyen ak elit ayisyen yo. Pou moun nan rive pi wo nan sosyete a, li pare pou li fè tout bagay, met ajenou devan tout moun. Li montre kouman rive jwenn yon pòs nan administrasyon Leta a, mande pou moral ou trennen atè, antre nan tout vye zak koripsyon posib. Li leve rido pou montre sa ki kache dèyè fasad enstitisyon piblik yo, relasyon otorite ak anbasad, pratik elit ekonomik nan peyi Ayiti.
Se yon woman ki chaje ak entrig, ki kenbe lektè a nan gagann nan mitan yon bann gwo kout ekla ri. Se yon woman ki envite tout moun leve rido al gade nivo imoralite, kantite banbòch, lavi sal ki nan do fasad elit peyi a ak otorite Leta yo.
06-11-2019
Jean Verdin JEUDI (Toli)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.
