2020 | |

Sant Etid ak Rechèch KreyoLiti (SERK)
Prezantasyon pri literè KreyoLiti
Plan
c) Jesyon estratejik ak òganizasyon
I- Tit pri a
Pri pwezi KreyoLiti
II- Jistifikasyon pri a
Anpil travayè plim goumen san pran souf pou kanpe eskanp figi literati ayisyen an. Genyen ki rive make peryòd pa yo a sèlman, gen lòt ki rive tanpe letènite tankou bèf nan lagon. Chak jou pi plis, anpil enstitisyon, anpil moun pa sispann batay pou gen plis pwodiksyon ki fèt nan lang lan. Nan sans sa a, SERK ki se òganizasyon ki ap travay nan domèn literè estime fòk genyen tou dispozitif ki pou ankouraje moun pwodui nan lang lan, fòk gen plis vilgarizasyon ki fèt pou zèv ki pwodui yo, epi tou rive deniche moun k ap pwodui bèl zèv yo nan anonima. Se nan sans sa a, SERK kwè yon pri literè kapab kontribiye nan dinamik sa a.
III- Objektif
Ankouraje pwodiksyon literè nan lang pèp ayisyen an pandan nou ap aprann konnen pi byen epi dekouvri eritaj kiltirèl ekriven ki pase yo kite pou jenerasyon ki gen pou vini yo.
IV- Prezantasyon SERK
Sant Etid ak Rechèck KREYOLITI (SERK) kreye nan dat 21 novanm 2019, objektif li se fè pwomosyon pou lang ak kilti kreyòl pandan li ap sèvi ak literati epi travay ki fèt nan kèk lòt domèn.
SERK fòme prensipalman ak inivèsitè, ki soti nan plizyè domèn, tankou : sosyoloji, literati, edikasyon, jiridik, administrasyon, tradiksyon ak lengwistik. Syèj SERK se nan nimewo 49, Boulva Toussaint Louverture, Wout Ayewopò, Pòtoprens, Ayiti. Men nou fè entèvansyon ki lyannen ak politik nou tout kote nan peyi a.
Menm jan ak anpil lòt asosyasyon, SERK gen yon estaf administratif ki ap dirije li. Pami yo, nou jwenn :
- Marvens Jeanty,( kòdonatè jeneral)
- Widny Moise (Vis Kòdonatè)
- Wyddiane Prophète (Sekretè jeneral)
Bò kote estaf sa, gen lòt manm ki responsab divès komisyon ki la pou jere kèk lòt tach espesifik, tankou : rechèch, kominikasyon ak piblikasyon.
V- Jistifikasyon pwojè a
Jounen Jodi, rechèch pa sispann fèt sou lang kreyòl anpil kote nan monn lan. Ou ta di, tout chèchè nan domèn nan pare pou ofri sa yo pa posede pou pwofite richès ak orijinalite lang sila. Anpil travayè plim goumen san pran souf pou kanpe eskanp figi literati ayisyen an. Genyen ki rive make peryòd pa yo a sèlman, gen lòt ki rive tanpe letènite tankou bèf nan lagon. Chak jou pi plis, anpil enstitisyon, anpil moun pa sispann batay pou gen plis pwodiksyon ki fèt nan lang lan. Nan sans sa a, SERK ki se òganizasyon ki ap travay nan domèn literè estime fòk genyen tou dispozitif ki pou ankouraje moun pwodui nan lang lan, fòk gen plis vilgarizasyon ki fèt pou zèv ki pwodui yo, epi tou rive deniche moun k ap pwodui bèl zèv yo nan anonima. Se nan sans sa a, SERK kwè yon pri literè kapab kontribiye nan dinamik sa a.
VI- Deskripsyon pwojè a
a) Benefisyè
Pri pwezi KreyoLiti, se yon inisyativ ki makònen pwodiksyon literè ak lang. Se yon pwojè ki vizè tout jèn k ap ekri pwezi nan peyi Ayiti. Nan inisyativ sila, nou swete touche tout travayè plim ki gen soti 15 lane rive 30 lane. E menm lòt moun oswa enstitisyon ki enterese ak travay literè nan lang kreyòl la.
b) Aktivite ak dewoulman
Moun tout kote nan peyi a ap ka patisipe nan aktivite sila depi yo reponn ak kritè yo. Pri a ap fèt sou twa (3) mwa, soti mwa dawout rive oktòb.
Nan kad pri a, nou ap met anpil aksan sou teknik ekriti nan lang kreyòl la ak pwodiksyon literè. Nou ap evite pwopoze yon tematik espesifik pou nou pa mete baboukèt nan djòl plim okenn powèt epi mete yo nan yon kad ki pi lib.
Komisyon k ap pilote pwojè a ap chwazi pi bèl tèks yo pou pibliye yon zèv kolektif.
c) Jesyon estratejik ak òganizasyon
Pou nou rive ateri ak pwojè a, nou ap mete sou pye yon komisyon jesyon byen solid ki ap gen ladan li 3 manm nan konsèy SERK la. Ap gen yon jiri k ap gen 3 moun òganizasyon an ap chwazi pou evalye tèks yo. Apre sa, n ap gen bezwen lòt resous moun, materyèl ak finansye. Puiske SERK toujou mete aksan sou volontarya ak benevola nan travay li yo, sa tounen yon gwo avantaj nan kad inisyativ la. Rekritman pèsonèl la ap chita sou sa. Yo ap sèlman gen pou benefisye yon prim nan men sant etid la.
VII- Kritè patisipasyon
Patisipan an dwe gen ant 15 rive 30 lane. Li ap genyen pou li enskri gratis ti cheri sou imel SERK la : kreyoliti9@gmail.com, kote li ap fè yon kout prezantasyon de li, epi soumèt yon powèm ki pa depase 600 mo, ki ekri an kreyòl ayisyen .
VIII- Prim
Nou ap rekonpanse 3 pi bon tèks jiri a ap chwazi yo (premye, dezyèm, twazyèm). Yo ap resevwa plak donè, lajan, lo liv, Kat rechaj telefòn.
IX- Patnè
Patnè konkou a se sitou enstitisyon k ap travay nan domèn literè, nan koze lang ak politik liv:
- Fondasyon Moris Siksto
- Fakilte Lengwistik Aplike (FLA),
- Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA),
- Direksyon Nasyonal Liv (DNL), Bibliyotèk Nasyonal (BN)
X- Kalandriye
Lansman | Ranmase tèks | Evalyasyon ak rezilta jiri yo | Rezilta Pasyèl (10 pi bon tèks yo) | Rezilta final | Remèt pri |
10 dawout | 10 dawout rive 13 septanm | 13 septanm rive 5 oktòb | 5 oktòb | 23 oktòb | 28 oktòb |