René Depestre
René Depestre, powèt, womansye, eseyis, aktivis politik fèt nan dat ki te 29 dawout 1926, nan vil Jakmèl. Yon vil nan depatman Sidwès nan peyi Ayiti. Li fè etid primè li nan lèkòl Frères Bretons de l’instruction Chrétienne. Li fè yon bout nan etid segondè li lise Pinchinat (Jakmèl), yon lòt pati lise Pétion (Pòtoprens). Li fè etid inivèsitè li nan kapital peyi laFrans: Pari. Li etidye Lèt nan inivèsite Sorbonne epi li etidye Syanspo tou. Se nan peyi sa li ta pral mare zanmitay avèk anpil gwo zotobre, entèlektyèl epòk la tankou: Seghers, Eluard, Aragon, Leiris, Tzara, Cendrars, Elsa Triolet, Roger Vaillant.
Nan lane 1945-1946 yo, li pibliye premye rekèy pwezi li (Etincelles) epi li te tou fonde ak kèk jenn ki te nan menm jenerasyon avèk li (Baker, Blancourt, Alexis) yon ebdomadè (La Ruche) ki ta prale konnen anpil siksè nan opinyon piblik la. Se nan lane sa yo tou li ta pral fè premye rankont literè li avèk manm entèlijannsya ayisyen an: Price Mars, Léon Laleau, J.F Brierre, Magloire Saint-Aude, R. Belance. Li te tou rankontre kèk entèlektyèl etranje: Aimé Césaire, Pierre Mabille, André Breton, Wilfredo Lam, Auguste Viatte. René Despeste te yonn nan etidyan ki te nan tèt grèv jeneral ki te ranvèse nan dat janvye 1946 rejim diktati prezidan Elie Lescot a. Se lè sa Depestre ta prale konnen yon ti tan nan prizon. Aprè li te tou pran Legzil pou peyi laFrans.
René Depestre te manm yon gwoup jenn powèt ki te gen ladan li: Dobzinsky, Roubeaud, Guéri, F. Kerel, A. Mathieu, R. Doukhan. Se pandan li te ap kolabore nan revi “Présence africaine” li te tou mare kòkòday avèk: A. Diop, Césaire, L. S. Senghor, F. Fanon, Glissant, Mario de Andrade, Cheik Anta Diop. Depestre te yonn nan dan devan ki te ap batay kont dekolonizasyon nan milye etidyan yo Pari. Se la yo ta prale pouse do li nan peyi moun yo laFrans.
Apre yo te fini kouri dèyè li laFrans, li ta prale refijye li nan yon vil ki nonmen Prag kote li ta prale fè kèk vye eksperyans politik avèk pwoteksyon Jorge Amado, Pablo Neruda, V. Nezval, Ilya Ehrenbourg. Nan lane 1952, li menm ak zo kòt li, Edith Gombos, te oblije kite Tchekoslovaki pou yo te ale jete yo nan peyi Kiba. Bagay yo te konplike, apre Depestre fin pase kèk semèn fèmen nan kan militè Tiscornia, yo te mete li deyò nan peyi a pou voye li an Ewòp. Ni Itali ni laFrans, yonn ladan yo pa deside kenbe yo. Aprè yon mwa yo pase nan vil Vyèn, yo ale nan peyi Chili, kote Depestre akonpanye Neruda, Amado te aprale òganize kongrè kontinal kilti. Aprè 7 mwa Chili, yo te pase yon ti tan tout kout nan peyi Ajantin epi yo te ale pase plis pase 2 lane nan peyi Brezil.
René Depestre retounen Ayiti apre 11 lane li pase sou teritwa etranje. Nan yon ti kozman li te genyen avèk François Duvalier, li te mete yon gwo baryè devan diktatè a pou li di li pozisyon kontrè li genyen avèk rejim papadokrasi a. Nan yon konferans SNAD (société nationale des arts dramatiques) te òganize, Depestre fè apèl ak rezistans. Depi lè a, yo tou mete kay li sou siveyans. Sa pa te anpeche li te tande chak swa radyo Rebelde, vwa geriya frè Castro yo epi Che Guevara. Nan mwa mas 1959 li retounen nan peyi Kiba sou envitasyon Ché, prèske 3 mwa apre geriya a te rantre Laavàn. Paske pou li, van espwa a te ape vante, revolisyon an te nan wout.
René Depestre se yon gwo bout tonton aktivis politik, ki ap goumen nan tout mond lan kont enjistis sosyal; ki ap goumen pou byennèt sosyal. Nan kad batay li yo, li rankontre anpil majòjon nan kontinan amerikan an menm jan ak rès monn lan tankou: Che, Castro, Mao, Chou En-lai, Hô Chi Minh…
Li se yonn tou nan ekriven ayisyen ki pwodui plis epi ki pa sispann epate anpil gwo ekriven, kritik, filozòk etranje kou nan peyi li Ayiti nan jan l ekri, nan ideyoloji ki devlope nan liv yo. Se yon powèt, womansye, eseyis ki bay vil natifnatal li a anpil plas nan zèv li yo. Liv yo resevwa yon bon valè pri ak mansyon espesyal. Pou senpman woman sa ki rele “Hadriana dans tous mes rêves” la, otè a dekwoche prèske 10 tit. E pou ansanm zèv li yo, nou pa sa rive konte… René Depestre se yon ikòn nan literati ayisyen an.
Kèk zèv otè a
-Etincelles, Prefas Edris St Armand, Imprimerie de l’Etat, Pòtoprens, 1945.
-Gerbe de sang, Prefas René Bélance, Imprimerie de l’Etat, Pòtoprens, 1946.
-Végétation de clartés, Prefas Aimé Césaire, Pierre Seghers, Pari, 1951.
-Traduit du grand large, Pierre Seghers, Pari, 1952
-Minerai noir, Présence africaine, Pari, 1956.
-Journal d’un animal marin, Pierre Seghers, Pari, 1964.
-Un arc-en-ciel pour l’occident chrétien, Présence africaine, Pari, 1967.
-Cantate d’octobre (éd. bilingue) Institut du livre, Laavàn. 1968/SNED, Aljè, 1968.
-Poète à cuba, Pierre-Jean Oswald, Pari, 1976.
-En état de poésie, coll. l’a petite sirène, Editeurs Français Réunis, Pari, 1980.
-Au matin de la négritude, Euroditor, 1990.(éd. Hors commerce)
-Anthologie personnelle, Actes Sud, Arles, 1993. Pri Apollinaire de poésie, 1993.
-Pour la révolution pour la poésie, esè, Leméac, Monreyal, 1974.
-Le mat se cocagne, roman, Gallimard, Pari, 1979. Folio 1978.
-Bonjour et Adieu à la négritude, Esè, Robert Laffont, Pari, 1980.
-Allélouia pour une femme jardin, resi, Gallimard, Pari, 1980.
-Hadriana dans tous mes rêves, woman, Gallimard, 1988.
-Éros dans un train chinois, nouvèl, Gallimard, 1990. Folio 1993.
-Ainsi parle le fleuve noir, esè, Edition parole d’aube, 1998.
-Le métier à métisser, Ed. Stock, Pari, 1998.(esè)
-Encore une mer à traverser, coll. vermillion, Ed. De la table ronde, Pari, fevriye 2005.
Sous: Étincelles suivi de Gerbe de sang, René Depestre, koleksyon L’intemporel, Ed. Presses nationales d’Haïti, Pòtoprens, 2005.
12-11-2019
Chrisvinan Joseph (Christo)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin
