Nan ribrik nosyon literè jounen an, KreyoLiti kontan prezante ou, “Tip naratè”.

Anvan nou konnen tip naratè yo, nou kwè li enpòtan pou nou konnen : kisa yon naratè ye ? Nan yon resi, nou rele  naratè  moun ki rakonte istwa a. Li ka absan nan istwa, konsa tou, li ka patisipe ladan li.

  • Li absan lè li pa yon pèsonaj nan istwa a. Lè konsa, resi a ekri ak twazyèm pèsòn  (itilizasyon pwonon « li ».
  • Li prezan lè li se yon pèsonaj nan istwa a. Lè konsa, resi a ekri ak premye pèsòn (itilizasyon pwonon « mwen »).

 Nan ka sa, nou pale de :

  • Naratè sijè : Si naratè a se pèsonaj prensipal istwa a.
  • Naratè temwen : Si naratè a okipe yon plas segondè, si li ap rakonte istwa yon lòt moun.

Sous : Carole PILOTE, (2000), Guide des procédés d’écriture et des genres littéraires, Québec.

11-11-2019

Marvens JEANTY

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.

Categories: Uncategorized