Gen ekriven, plim yo sifi pou dezabiye lavni, dekore tan pase epi pentire prezan ak bon jan koulè. Pami ekriven sa yo nou ka site Antenor Firmin, otè ki rive akouche koze ki bobo letèninite. Koze ki lyannen ak mounite , defye diskriminasyon epi bay lavi bon sans li. . Kote genyen ki chwazi pran lari pou konbat Rasis, gen lòt se plim yo ki sèvi zam pou mennen tout kalite konba.
Ti koze sou Joseph Auguste Antenor Firmin.
Joseph Auguste Anténor Firmin wè premye jou li nan vil Okap, dat ki te 18 oktòb 1850 lan. Li soti nan yon fanmi modès, fè etid segondè li nan lise ki nan vil natal li, kote li te koumanse pataje pen enstriksyon depi lè li te gen disèt (17) lane. Li te nan relasyon ak Marie Louise Victoria Rosa Salnave ki te ba li de (2) pitit , Anne-Marie Firmin ak Georges Anténor Firmin. Li te avoka, pwofesè, jounalis e li te ap milite ak pati politik liberal la. Li mouri Saint Thomas (Indes occidentales danoises) pandan li te gen swasant (60) lane, nan dat 17 septanm 1911,
Firmin te anplwaye nan yon antrepriz komès, pwofesè, epi enspektè lekòl ; pasyone pou koze politik, li fonde nan vil Okap yon jounal ki rele « Le messager du Nord ». Nan lane 1879 li poze kandida pou depite, malerezman li pa t bon. An 1883, li te reprezantan peyi dAyiti pou fèt santenè Simon Bolivar.
Sou prezidan Lysius Félicité Salomon, li te refize yon pòs minis, apre li pran egzil pou peyi laFrans, vil Pari (1885). Se la tou li te rankontre Louis-Joseph Janvier epi tou vin manm « Société d’Anthropologie de Paris ». Yo te nonmen li anbasadè Ayiti an Frans nan menm epòk la.
Nan lane 1885, li pibliye « De l’égalité des races humaines. Anthropologie positive », ki se yon reyabilitasyon grandè istorik ras nwa a soti depi peyi Ejip rive Ayiti. Zèv sa reprezante tou yon reyaksyon kont tèks Gobineau a « L’essaie sur l’inegalité des races humaines » (1853-1855). Nan fen 19e syèk la, Firmin te kandida pou pòs prezidan peyi dAyiti. Nan lane 1891, li te minis sou prezidan Florvil Hyppolite, kote li te kanpe tennfas kont peyi Etazini ki te soti pou enstale yon baz militè an Ayiti nan Mòl Sen Nikola.
Ti koze sou Georges Floyd
Georges Floyd se yon Afwo-ameriken ki fèt Caroline du Sud,pase yon pati nan vi li Houston epi Texas. Nan jenès li, li te maton nan jwe foutbòl ameriken ak baskètbòl. Li te konn pratike baskèt ak yonn nan zanmi anfans li Stephen Jackson, konnya ki se sipèsta nan NBA. Floyd ak Stephen te tèlman bon zanmi, yo te konn rele yo marasa. Gwo gason ki te gen 46 lane, epi papa 2 pitit, nan chache bay lavi li yon nouvo direksyon pou li ka pi byen pwofite li, li twouve lanmò dat 25 me 2020 an, nan vil Minneapolis Etazini, anba jenou yon polisye ki rele Derek Chauvin. Tout moun ki te konnen Floyd lè li te vivan konn rele li « Doux géant », tèlman li te saj. Men, fòk 25 me a te prezante pou mete li nan sitiyasyon kote yon polisye mete li sou fas, epi depoze jenou sou kou li jous li met bout nan lavi li, kote ti rès souf li pat sispann repete tou piti « please i can’t breath ». Moun ki te ap asiste sèn lan te pwofite fè videyo a, epi pataje li sou tout rezo sosyal yo. Sou plas, yo arete polisye a pou kalite zak sila, epi yo revoke rès kat polisye ki te asiste krim sila. FBI pwomèt li ap fouye pi fon pou li konprann koze a pi byen. Malgre fòm jistis sa, popilasyon an kanpe pou manifeste. Konsa sitiyasyon an vin pi grav chak jou ki rele jou , kote anpil lòt peyi tonbe manifeste pou mande jistis pou viktim nan, epi konbat rasis. Tout kote, manifestasyon ap denonse rasis sou tout fòm.
Ak kisa mo Rasis fè nou panse ?
Koze Rasis la depi byen lontan. Anpil konba mennen pou li ta frennen, men menmlè nou santi li diminye sou yon fòm, li ap pran chè sou yon lòt. Lè nou pale de Rasis, nou vle di fòm diskriminasyon ki jwenn tout fondman li sou orijin, apatenans etnik oubyen rasyal moun ki viktim li an, kit li reyèl, kit li se yon senp sipozisyon. Rasis lan souvan chita sou prejije ki ap mennen ou pa vle wè lòt la devan je ou, baze sou aparans fizik li pou ba li karaktè ki fè ou plezi menmlè yo pa sanble li toutbon. Mal jije kapasite entèlektyèl li pandan li ap sèvi ak estereyotip epi kliche.
Aksyon rasis la toujou vle blese viktim nan nan diyite ak onè li. Li la tou pou li akouche layèn, epi ankouraje vyolans vèbal, e menm fizik. Li la tou pou li gaye ide ki san fondman pou mete moun dozado.
Kèk fwa, li prezante sou fòm yon ideyoloji, yon teyori pou esplike inegalite ki ta genyen ant moun, epi pwopoze yon yerachi ant gwoup moun. Rasis ideyolojik la devlope apati XIXe yo, avèk yon otè tankou Vacher de Lapouge ki te vle bay rasis la yon baz biyolojik , men ki tounen yon veritab sistèm politik, sitou ak koze « apartheid » nan Afrik Sid, epi nazis « Reich allmand » an.
Alèkile, nan demokrasi oksidantal yo, sèl mouvman estremis yo ki ap vann ideyoloji rasis la, men nou fasil rankontre rasis la nan kotidyen nou, kote nou rete, nan travay nou, nan lwazi nou, sitou sou fòm jouman, agresyon ak refi pou yon sèvis. Rasis la rime ak koze imigrasyon tou.
Se yonn nan rezon ki fè pwogram edikasyon kont rasis esansyèl anpil. Anpil peyi fè fòmasyon sou sa, soti depi nan lekòl pase pran travay, e menm anpil lòt enstitisyon.
Rezime ak analiz kèk pati nan « De l’egalité des races humaines » pou konprann rapò li pataje ak lanmò Georges Floyd la.
De l’égalité des races humaines se yon esè 410 paj Anténor Firmin ekri ki edite pou premye fwa nan lane 1885 sou lobedyans « la Librairie Cotillon de Paris ». Edisyon Mémoire d’encrier reyedite li 2005 ak 2013. Ladan li, Firmin pran ide kontrè tèz sou « l’inégalité des races » la. Padan li pa fin rejte nosyon ras la, li esplike sa ki manke klè ak absans teyori sou yerachizasyon ras yo. Yonn nan egiman li avanse se sou diferans tay sèvo yo, pandan li ap montre diferans entè-endividyèl yo pi enpòtan pase tay mwayen sèvo a, e tay sèvo a pa ka detèmine entèlijans, men pito gras kalite tisi serebral la. Li soulinye reyalizasyon nwa nan listwa limanite, paregzanp : envansyon matematik ki pote mak fabrik nwa Ejypsyen yo.
Zèv sila te ekri pou sèvi repons tèks Essai sur l’inégalité des races humaines (1853-1855) Arthur de Gobineau a ki te espoze yon yerachizasyon nan ras moun. Nan non kritè syantifik ki kritike piblikasyon sou rasis, nan tèks li a, Firmin te remete an koz tèz « de l’inégalité raciale » la.
« De l’egalité des races humaines » gen soutit « Anthropologie positive », se yon mas konesans ki konpoze li. Se yon kokennchenn tèks, nou ka menm di, se yon liv tout moun dwe li, sitou si ou vle konn kichòy sou istwa panse ayisyen an. Se yon klasik pami tout lòt yo. Se yon veritab espas konba ak resistans sou sa ki konsène ide sou rasis ak segregasyonis ki te an vòg nan fen XIXe syèk la. Ladan li , Firmin pote ti limyè sou move mannyè Gobineau ak alye li yo te pran nosyon rasis la. Jan nou sot siyale sa nan liy ki pi wo yo, se yon liv nou dwe li tankou yon repons pou yon zak yo akize nou. Ak pawòl ki jis e rezonab, prèv yon nonm eklere, e ki gen yon gran kilti syantifik, Firmin fè yon tonton pledwari pou ras nwa a, pandan li ap montre fo kote ki genyen nan tèz sou « l’inégalité des races » la.
Manm « Société d’Anthropologie de Paris », yon sèk kote teyori sou rasis te konn site anpil, pou li, te gen ijans pou itilize mo lasyans pou konbat espansyon nosyon an, mete yon fren sou tout refleksyon ak ide sou prejije nan epòk la, pandan li kanpe tennfas kont tout move ide sou kesyon rasis. Li te pran tan pou li soulinye avèk anpil fòs, wòl kilti nèg yo nan istwa sivilizasyon. Raple Ejipsyen yo kontribye anpil nan monte sa nou rele syans modèn nan. Pifò Grèk yo te fòme nan lekòl Ejipsyen yo. Yo jwi de syans, filozofi, an gwo de tout savwa Ejipsyen yo. San nou pa bliye, jan li di li nan tèks la, « ròl ayiti te jwe aprè 10 lane endepandans li nan istwa modèn nan »
Yon polisye blan ki fin metrize yon nonm nwa, e ki chwazi met jenou li sou kou li jous souf li koupe, sa tradwi aklè kesyon rasis Firmin te ap konbat depi lontan an. Zak sa tradwi tou rasis la toujou la nan mitan nou. Konnya n ap mande tèt nou si apwòch syantifik pa sifi pou ede nou byen konprann nosyon an ? èske pawòl Firmin yo manke klè pou ede n konprann pa jije moun sou koulè po, men sou potansyalite ? wout monn lan ap pran, kote nou wè aklè len bezwen èd lòt, kit po nou nwa kit po nou blan tou di nou otomatikman rasis pa gen plas li nan mitan nou, e li lè pou nou antann nou sou pawòl sa : Nou konnen yon sèl ras : Ras moun !
Marvens JEANTY
Sous : – https://www.lenouvelliste.com/article/131621/firmin-et-legalite-des-races-humaines