Jounen jodi a, li difisil pou n pale sou womans pandan lagè ap fè ravaj nan pòt Ewop, Ayiti… mete sou pil soufrans, dram ak pwoblèm politik lemonn ap konnen.
Lagè te toujou prezante sous enspirasyon ak temwànyaj pou literati.
Resi sou lagè egziste depi lontan. Nou ka konsidere « L’illiade » kòm tèks fondatè a, nan epòk mwayen aj .« la Chanson de Roland », èske l pa t yon tèks gèrye ki ta reprezante an menm tan kòmansman yon mouvman literè ?
Yon mannyè ki pi kontanporèn, gen yon nesesite pou rakonte dram lagè pwovoke. Lanmò, risk, konkèt, soufrans, ewoyis, libète… tout sa yo sèvi motè ekriti a paske yo rive touche entimite lòm an jeneral.
Ekri sou lagè pèmèt nou diminye pwa konsekans li ta ka genyen sou lavi moun epi aji pou libere santiman afektif yo.
Liv sou lagè ka sou plizyè sou fòm.
Li ka sou fòm : resi, jounal, korespondans, woman…
Li ka montre an menm tan :
- valè moral yo: kouraj, lachte, ewoyis, trayizon;
- mouvman politik e ideyolojik yo : patriyotis, pasifis, ideyo, rezistans ;
- tenik pou byen fè lagè : sous estrateji nan plizyè domèn.
Nan epòk kontanporèn nan, anpil ekriven, inivèsitè, militè, sosyològ, sikològ konn pwofite pou pwodui sou lagè.
Men, poukisa literati lagè enterese moun konsa ?
Pi lwen deba k ap fèt sou reyalite ak fiksyon, literati a se yon sous dokimantè sou esperyans konba, men tou, li se yon mwayen pou byen sènen fenomèn sosyal ak kiltirèl nou vin jwenn aprè yo.
Sonje lagè epi rakonte l, se glorifye soufrans, lanmò ak sakrifis. Se tou, yon fason pou byen sènen gran mouvman politik monn lan epi konprann enstitisyon ki vin kreye aprè yo eki bay tèt yo dwa fikse jounen jodi a règ sou Dwa moun (ONU, UE, OTAN…)
Literati lagè sèvi pou pwoteje memwa monn lan, fè pwomosyon pou lapè epi evite kèk dram istorik repete.
Efè lagè sou transfòmasyon chan literè a.
Lagè enspire moun; li se sous deba paske fontyè yo souvan flou ant woman lagè yo, resi istorik yo ak esè politik yo.
Nan literati lagè, nou sitou dwe sonje konfrontasyon ide womansye lagè yo ak pa istoryen yo fè pati sa nou ka rele Syans temwanyaj ak dokimantasyon. Men genyen tou, yon elatriye zèv ekri ki la pou selebre nanm imanite atravè repòtaj ki byen detaye lagè a ak kèk pwezi tou nèf.
Laterati lagè : yon zèv san limit
Anpil bèl zèv literè, tankou « le grand Troupeau ak Jean Giono, les racines du ciel ak Roman Gary », pase pran « le Silence de la mer », bout nan ouvraj sou taktik lagè, resi epik, tankou « l’ Histoire maritime de la première guerre mondiale » Paul Chack ekri . Chan an laj anpil !
Pa twò lontan la, jounalis literè parèt nan ane 70 yo, avèk kèk esè ki chita sou aktyalite ak analiz. Sou lagè 6 jou a, lagè Gòlf la, lagè Irak oubyen Bosni an.. e talè konsa, n ap gen sou lagè Ikrèn.
Jounen jodi a, enfòmasyon tèlman sikile rapid, sa menm pèmèt nou asiste lagè k ap fèt yo an dirèk sou televizyon ak rezo sosyal la, sa ki tou bay literati a yon nouvo wòl pou l jwe.
– Woman ta ka jwe wòl entèpretasyon travay memwa, men tou, wòl ki pèmèt li mezire konsekans lagè sou moun, sou santiman, sou tras memwa, sou leson nou aprann de lagè a.
– Esè ki ekri nan yon espri istorik, ki respekte sous dokimantasyon yo e ki tou bay an menm tan yon imaj ki pi objektiv e ki konteste reyalite a.
Marvens Jeanty
17 oktòb 2022
KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
