Èkse wobo yo ap rive pwodui zèv literè ?
Sanble pa ret anpil tan pou wobo X Métal ta ranpòte Pri Goncourt ?
Gentan gen anpil lojisyèl sou entelijans atifisyèl k ap itilize nan Presse Outre-Atlantique. Entelijans atifisyèl la sèvi pou fè atik sou kontrandi match espòtif, rezilta eleksyon, elatriye. Sa gen 10 lane depi Washington Post te pwopoze plis pase 850 atik sou tèm espòtif ak politik gras Heliograf, yon wobo ki fèt menm pou repòte « Jeux olympiques » sezon ete 2016 la. Jis jounen jodi a, fèb pèfòmans entelijans atifisyèl yo pa enkyete okenn otè.
« The road » toujou rete premye liv entelijans atifisyèl rive ekri nan lane 2018. Pou sa te fèt, te genyen yon Cadillac, yon GPS, yon mikwofòn, yon kamera siveyans, yon revèy. Tout sa yo konekte nan yon entelijans atifisyèl jis liv la rive louvri. Yon bon resi te rive pwodui, li rakonte istwa yon ‘’road trip’’ ki pase Nouvelle-Orléans nan New-York.
Si gen kèk moun, sitou nan Etazini ki pwomèt yo ap rive analize ‘’ADN’’ yon liv, kidonk rezon ki fè liv la gen yon siksè komèsyal, sa rete yon limit okenn lòt moun enkonsyàmman pa anvi franchi.
Dayè teknoloji a genyen pou l vin pi kreyatif, editè yo va disparèt. Wòl editè a se dekouvri, fè dekouvri epi rekonèt nouvo vwa, nouvo otè, nouvo pis literè, (kidonk, jenere zèv womanèks yo, souvan pa aksidan). Premye fonksyon li pa sèlman komès pou yon tan ki pa twò long.
Pwodwi yon liv pou pa gen dout sou siksè l, èske sa posib ?
Malgre sitiyasyon an difisil, an Almay, nan kèk gwoup edisyon, gen lojisyèl ki la pou evalye epi mezire potansyèl komèsyal liv yo sou kritè chema naratif yo, konpleksite fraz yo, dimansyon orijinalite tèks la, tipoloji emosyon pèsonaj yo, pwa dyalòg yo…
Pou tounen yon gran editè oubyen yon editè ki fè siksè, li sanble nesesè pou w se yon gran enfòmatisyen. Tèlman pratik sa yo koumanse fonn yonn nan lòt.
Ou dwe gen kapasite pou mezire chak eleman komèsyal yon liv : istwa yon fanm Etazini, ki pèdi mari l byen jèn, vin endepandan epi rich, vin malad… Tout sa, nan yon woman 320 paj ki dwe byen fini. Sa k konnen ? Se sitou yon liv ou p ap bezwen presize si se yon moun ki ekri l oubyen si se yon machin.
Marvens Jeanty
11 oktòb 2022
KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay !
