Les dix hommes noirs, Etzer Vilaire

Dis zanmi ki rive nan sitiyasyon kote yo pa kapab kenbe ankò anba sakad lavi, nan pataje sitiyasyon malouk y ap viv, yo pran yon dènye randevou pou yo mete yon bout nan vi yo. Yo kotize ansanm, pou yo fè yon dènye babako nan yon forè, pandan y ap tann minwi sonnen pou yo di lavi babay.

Se yon gwo powèm ki genyen 796 aleksandren, ki pibliye nan lanne 1901, menm ane ak “Page d’amour”. “Les dix hommes noirs” pote soufrans yon jenès ki dezespere, se denonsyasyon yon sitiyasyon sosyopolitik koupe kou, ki bouche tout fenèt ki bay sou lavni. Powèm lan kwaze divès tematik epi soulve anpil deba epistemik ak filozofik tankou: lanmò, enfidelite, lanmou, swisid, ipokrizi, abi pouvwa, foli ak dinyite moun.

Se yon seri diskou divès kategori sosyal ki pran fòm nan yon pèsonaj byen taye, se ekspresyon yon sansibilite pataje k ap deplòtonnen youn apre lòt.

premye a se yon patriyòt, apre echèk tout tantativ li fè pou li sove lonè peyi a anba rejim bout di ak atoufè, apre egzil li pran epi lawonte li genyen pou zansèt yo, lanmò pou li se pi bèl opsyon an. Dezyèm lan ki se yon Òfelen, batay pou l grandi, lamizè kouwònen l, li pa ka jwenn travay. Li jwenn yon anmòrèz ki ta sanse dekore vi l, men nan tann li jwenn travay pou yo marye fi a mouri.
Twazyèm lan se yon mizisyen, yon atis, men angwas ak dezolasyon kouvri talan l yo. Katriyèm lan se yon dezespere, kleren pa fè anyen pou li. Tout men yo lonje ba li se pou imilye l. Senkyèm lan se yon powèt, li panse l ap pi bon si li al devlope talan l yon lòt kote.

Sizyèm lan se yon anmoure, yon gason jalou, men madanm li bouke twonpe l, lawonte a twòp pou li. Setyèm lan li menm, se yon viktim konplotay yon bon zanmi li. Zanmi an al vann li bay otorite Leta yo, yo mete li nan prizon. Lè li resi libere, li jwenn yon minis kouche madanm li.
Uityèm lan gen 2 sè li renmen anpil, men yo oblije lage kò yo nan pwostitisyon pou yo kapab viv. Epi nevyèm lan, se yon nèg ki santi l ap viv tankou yon etranje sou latè, yon moun ki pa wè plas li sou latè.

Dizyèm lan, Frank, yon kretyen, li parèt pi optimis parapò ak sitiyasyon an. Li toujou kwè bagay yo ka chanje, epi panse yo kapab sèvi kòm sous motivasyon tou.
Malerezman leson ak moral Frank t ap fè yo pa t kapab konvenk konpayèl li yo. Yo deklanche masak la kanmèm: dezyèm lan touye premye a, twazyèm lan touye dezyèm lan… yo mouri youn apre lòt. Devan pil mò ki anpile devan l yo, Frank pete yon gwo kout eklari, li tou vin fou.

Powèm sa a soulve anpil gwo deba kontradiktwa. Si pou kèk moun se yon louwanj pou swisid, se yon kri dezespere, pou anpil lòt, se pi bon mwayen pou reprezante divès kalte pwoblèm k ap brase bil sosyete a. Men, nou rete kwè, se sibvèsivite sa a, kapasite pou kreye konfli nan entèpretasyon, plizyè ang nan resepsyon yon zèv kreyasyon ki fè orijinalite l.
Roger Gaillard ak Christophe Philippe Charles rete kwè Villaire te sibi enfliyans Alfred Vigny ak Lamartine. [1]. Pou yo menm, powèm lan rantre nou byen fon nan sitiyasyon epòk la epi ban nou yon lide sou panse ki t ap deplòtonnen nan kontèks la. Men sa ki lesansyèl, se yon zèv konplè, byen chita; travay yon kreyatè ki konn plim li, epi ki enskri l nan yon demach estetik ak kreyasyon ki pwòp ak li menm.

Etzer Vilaire se pitit Jean-Baptiste Joseph Vilaire ak Eugénie Clérié. li fèt 7 avril 1872 nan vil Jeremi (Ayiti), yon vil yo batize vil powèt yo. Li mouri 22 me 1951. Se te yon womansye, powèt, ekriven, avoka, anseyan. Se Georges Sylvain ki te mennen l nan pwezi epi fè li antre nan sèk literè “La ronde” lan. Akademi fransè te rekonpanse rekèy powèm li “Les nouveaux poèmes” nan lanne 1912. Pami zèv Vilaire yo nou ka site: Page d’Amour; Le Flibustier; Poèmes de la mort; Années tendres; Quelques remarques sur le roman de Timoléon C. Brutus “L’Homme d’airain” ; Essai d’étude monographique sur Jean-Jacques Dessalines, fondateur de la nation haïtienne.

20-11-2019
Jean Verdin Jeudi (Toli)

Pou yon pi bon kreyolizay!

Nòt

[1] Roger Gaillard ak Christophe Philippe Charles, « Vilaire, le créateur », Pòtoprens, Ed. Choucoune, 2003.

Referans

  • Etzer Vilaire, Les dix hommes noirs [1901], Pòtoprens, Edisyon Fardin, 2013
  • Roger Gaillard ak Christophe Philippe Charles, « Vilaire, le créateur », Pòtoprens, Ed. Choucoune, 2003.

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.