Lansman konkou « Kreyòl la la » ap APKA

APKA ki se Asosyasyon Pwofesè Kreyòl Ayisyen lanse pou ane 2025 lan yon konkou sou pwodiksyon tèks an kreyòl ayisyen ki batize « Kreyòl la la ». Kreyoliti te chita ak Kensley Brutus ki se Prezidan Asosyasyon sila pou plis detay.

Kreyoliti: Nan kèk mo di Kiyès Kensley Brutus ye?

APKA: Kensley Brutus se Lengwis e Jiris ayisyen ki gen yon Mastè 2 nan lengwistik ak yon lisans an Dwa. An gwo se yon pwodwi Inivèsite Leta Ayisyen an nan moman sa a ki ap kòmanse kòm anseyan yon karyè nan ansèyman siperyè e ki angaje l pou chanjman nan sosyete a.

Kreyoliti : Raple nou dat lansman ofisyèl konkou a?

APKA : 17 fevriye 2025 se dat nou konsidere pou lansman ofisyèl kokenn aktivite sila.

            Kreyoliti : Ki objetif inisyativ sila ?

APKA : Inisyativ sa la gen yon enpòtans kapital ki charye plizyè objektif, men rezon fondamatal la se ankouraje pwofesè ak moun ki renmen lang lan pwodui nan lide pou valorize lang lan plis toujou nan sistèm edikatif ayisyen an.

 

 

Kreyoliti : Kisa ki pral diferansye l ak lòt konkou an Kreyòl ayisyen ki genyen deja yo?

APKA : Nou pa nan yon demach konpetitif paske sa nou priyorize se fè pwomosyon pou lang lan pandan n ap ankouraje pwodiksyon ladan l, men nou ret kwè se piblik nou vize a ak enpak travay ki pral reyalize yo kòm pwodiksyon k ap fèb diferans la .

Kreyoliti : Eske Pri a ouvè pou moun tout kote?

APKA : Se yon konkou nasyonal e menm entènasyonal kidonk tout moun alawonnbadè ka patisipe depi ou respekte kondisyon yo.

Kreyoliti: Ki Prim ak rekonpans k ap tann moun ki pra l genyen yo?

APKA: Pèsonèlman, m pa kwè nou ka mete yon pri sou yon pwodiksyon akademik oubyen atistik paske valè travay sa yo imans anpil anpil. Mwen pito pale de rekonpans oubyen yon ti jès pou ankouraje travay yo.

Kidonk APKA dispoze:

50 000 goud premye pri

30 000 goud dezyèm pria

15 000 goud twazyèm pri

Kreyoliti: Eske nou gentan gen Patnè ofisyèl oubyen nou ouvè pou kolabore ak lòt enstitisyon?

APKA: Nou ka di wi, sitou si nou konsidere kèk manm donè nou genyen ki se swa ansyen pwofesè oubyen moun k ap milite pou avansman lang kreyòl la. Pou kounya e nan kad òganizasyon konkou sa a, nou di tèt nou li ta bon anpil si nou ta jwenn yon kout men nan bò kote enstitisyon sa yo tankou Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Fwofesyonèl, Inivèsite Leta a, Unesco (kòm enstitisyon Entènasyonal ki ap fè pwomosyon lakilti), Akademi Kreyòl Ayisyen …   

Kreyoliti: Si wi, kijan yon enstisyon ka rejwenn nou si li ta swete travay ak nou?

APKA : Nenpòt enstitisyon ki renmen travay nou ap fè a e ki anvi sipòte l, yo ka kontakte nou imel asosyasyon an ki se : asosyasyonkreyolayisyen@gmail.com oubyen kontakte sou telefòn nan nimewo sa a ki gen whatsapp tou : +509 33515142.  

Kreyoliti : Ki lang nou priyorize pou patisipasyon tèks yo ak piblikasyon yo?

APKA : Nou p ap ankouraje yon lengwisid ni okenn diskou epilengwistik kote nou pral nan konpare lang ak lang sou baz kilès ki pi bèl pase lòt oubyen kilès ki gen plis valè pase lòt, men kòm konkou sa lanse pou ankouraje pwodiksyon nan kreyòl ayisyen an, nou rekòmande pou tout tèks yo ekri an kreyòl ayisyen.  

Kreyoliti: Ki kritè tèks yo dwe respekte nan fòm, nan fon ak nan prezantasyon?

APKA:

 Kritè patisipasyon ak evalyasyon

Plan leson: Chak plan leson dwe gen ladan l:

o Objektif pedagojik

o Materyèl nesesè

o Aktivite ansèyman

o Evalyasyon

Rapò kritik: Dwe montre yon rigè syantifik ak yon analiz apwofondi.

Travay ki pral soumèt yo dwe respekte karaktè Arial 12, entèliy 1 an fòma PDF.

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay ak yon politik lenhwistik ak jèvrin

4 mas 2025

Categories: Atik