«La famille des Pitite caille» se yon woman Justin Lhérisson, ki twouve l nan rejis literati Ayisyen an ki pibliye nan lane 1905.

Lhérisson se powèt, womansye «Génération de la ronde», jounalis. Li fèt 10 janvye 1873, nan kè kapital peyi Dayiti a, Pòtoprens. Depi lè l te gen 16zan, li te gentan ap egzèse metye jounalis. 10 lane apre, li vin gen yon lisans nan dwa, patwon près epi pwofesè nan lise Petyon. Li te fonde revi ki rele «La Jeune Haïti» a epi kreye ebdomadè «Le Soir».

«La famille des Pitite caille», premye woman Justin Lhérisson an rakonte yon istwa ki pase Pòtoprens nan ane 1870 yo. Se Golimin, yon nonm chaje ak eksperyans ki t ap rakonte sou fòm lodyans otè a istwa a. Yon premye pati se pandan yo te chita channmas epi rès istwa a fin rakonte yon lòt jou kay naratè a, anba yon tonèl pye rezen.

Nan koumansman woman an, Golimin fè jeneyaloji fanmi Pitite Caille la : Demvala, premye moun ki te pote non sa se te yon jèn nèg entelijan blan fransè te pran nan peyi Kongo pou vin vann nan koloni Sendomeng lan. Men entelijans li te fè mèt yo pi byen trete l. Demvala te patisipe nan gè ki ta pral debouche sou lendepandans Ayiti a. Bagay sa pral fè l vin yon nonm ki gen anpil valè apre pwoklamasyon endepandans lan. Li vwayaje anpil e nan chak vwayaj li yo li ansent kèk fanm. Sa ki ta pral fè l genyen 22 fanm, 69 timoun. Men se Eliezer li te plis pran swen paske li te pitit fanm kay la: Sor Zinga.

Manman ak papa Eliezer mouri byen bonè. Se li poukont li k ap debwouye l ak lavi a. Fè prèske tout metye manyèl yo epi li te konn vwayaje sou kot Sid la tou. Nan yonn nan vwayaj li yo, li te rankontre Velleda, yon matinikèz ki te konn wè lavni, prezan ak pase pou moun nan tire zèl kat. Li te konn bay resèt tou pou mare gason. Bagay sa ta pral fè li ranmanse plizyè milye dola nan men kliyantèl li a. Li menm ak Velleda te plase e menm rive vin marye. Yo te pran lajan sa y al abite «Turgeau» nan yon chato, yo fè 14 timoun men se 2 dènye yo ki chape, y ap etidye an Frans. Moun yo rich jis nan dan.

Eliezer ak Velleda se sèl kòk chante nan Pòtoprens; se yo ki marenn ak parenn tout maryaj, kominyon, batèm ki genyen. Yo toujou kontribye nan tout aktivite k ap òganize. Lakay yo se toujou gwo kanbiz. Yo gen tout kalte zanmi. Sitou pou Eliezer. Bon vin rive yon lè yon zanmi fè l al poze kandida pou premye depite Pòtoprens. Desizyon sa fè l pran prizon, fè yo imilye li menm ak tout konpayèl li Boutenègre, pandan l te prèske eli depite. Depi lè l sot nan prizon an li tou deside pou l pa janm antre nan politik ankò, li rete ap viv ak madanm li anpè. Men tout bagay pa t ale jan yo te swete l la, apre yon konplo li te fin viktim, li rive mouri.

Apre lanmò Eliezer, pitit li yo ki t ap viv an Frans yo tounen vin nan peyi natal yo ki se Ayiti pou vin pran byen papa yo mouri kite pou yo. Yo te tou pwofite rete viv. Men jan yo swete bagay yo pase a yo pa t pase konsa paske Lucine, pitit fi a mouri anba pil move tretman ak baton mari l ba l. Kanta pou Etienne, pitit gason an, li tèlman banboche, li pa ret yon penich. Se sou lakwennta l ap viv. Manman yo menm, Velleda al pran yon jeneral pou fè rès vi l.

«La famille des Pitite caille» se yon woman ki trete yon seri tèm tankou : kriz idantitè, fanmi, relijyon, matchis, vyolans konjigal, maji… Se yon woman ki gen yon reyalis pwofon ladan l; Justin Lhérisson pa ajoute ni retire anyen nan jan l dekri reyalite ayisyen an. Lè w ap li l, dèfwa ou rankontre tèt, ou rankontre moun w abitye wè, w abitye tande… Apa reyalis pwofon sa ki gen nan woman an, li se yon woman ki orijinal anpil. Justin Lhérisson enspire l de tradisyon oral ayisyen an pou l mete avèk anpil talan, anpil finès sa nou rele «Lodyans» lan nan literati ayisyèn lan. Li «La famille des Pitite caille» se fè konesans ak tèt ou, ak mès ayisyen yo. Se yon woman ki bay gou pou li l.

Chrisvinan Joseph (Christo)