Lang moun pale toujou makonnen ak sosyete se sa ki fè menm jan genyen divèsifikasyon nan sosyete yo se konsa genyen divèsifikasyon nan lang yo. Chanjman ki ap rive nan sosyete yo aji sou lang lan tou. Youn nan tèm ki pèmèt nou dekri relasyon tan ak teritwa gen sou lang se nosyon varyant. Varyant yo se youn nan pi gwo trezò yon lang genyen. Li pa sèlman pèmèt lang lan grandi men li se tou yon prèv tou pou montre nan ki degre lang yo vas epi rich.
Nan kad ribrik sa nou ap prezante ou yon modèl fraz konplè ki soti nan varyant nò kreyòl ayisyen an.
Egzanp fraz : Miche mande y’ pou i jete djo a.
Nan fraz sa, nou remake moun ki ap pale a, kontrèman ak moun ki pale lòt varyant kreyòl yo, pito itilize ‘”miche'” nan plas ‘misye’ ; y’ oubyen i nan plas ‘li’, ‘djo’ nan plas ‘dlo’.
Sous : https://www.persee.fr/doc/ierii_1764-8319_1978_mon_8_1https://www.cairn.info/load_pdf.php?ID_ARTICLE=EG_441_0001&download=1
24-10-2019
Marie Cadette PIERRE-LOUIS
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.