KREYOLITI
RIBRIK PWOVÈB KREYÒL
Nan ribrik pwovèb kreyòl jounen an, KreyoLiti kontan prezante ou:
BAT CHEN AN TANN MÈT
Se yon Pwovèb kreyòl nou souvan itilize lè nou pral prepare yon revanj, lè yon moun fè nou yon mechanste ousinon yon fanmi. Depi ou tande yo di w bat chen an tann mèt li, yo ap rive sou ou kanmenm, nenpòt Jan, nenpòt kòman.
Egzanp: Gwo Jera kenbe ti jan li bimen li ak kout baton Pou granmesi, sèl sa Moyiz di li : bat chen an tann mèt li.
01-11-2019
Magloire Fabienne
@Kreyoliti pou Yon pi bon Kreyolizay
@kreyoliti pou Yon politik Lengwistik ak jèvrin.
