KreyoLiti
Ribrik : Prezantasyon liv jounen an
Tit liv nou ap prezante jodi a se : PETIT PAYS, otè li se GAËL FAYE.
« Petit pays » se yon woman literati afrik la ki pibliye pou premye fwa nan lanng fransè anba kouvèti edisyon Grasset, nan dat ki te 24 dawout 2016 la. Se Gaël Faye, yon konpozitè, rapè epi entèprèt ki pran nesans Bujumbura nan peyi Burundi jou ki te 6 dawout 1982 la ki otè li. Liv sa se premye woman Gaël pibliye.
« Petit pays » rakonte yon istwa ki ap dewoule nan de peyi : Burundi (Kinanira, yon katye nan Bujumbura) epi Rwanda (Kigali). Aksyon yo dewoule nan lanne 1990 pou kontinye. Gaby, yon ti moun, naratè listwa a fè pati yonn nan pèsonaj prensipal yo, jwenn avèk li Ana ti sè li, Papa li (Yon ekspatriye fransè), manman li (yon bèl grenn fanm wannèz) epi ti zanmi li yo ki pa te sispann jwe avèk li.

Gaby rakonte tout anfans li li te pase an Afrik. Yon anfans ki melanje ak kè kontan epi kè sere, boulvèsman politik epi gè sivil. Jiskaske li rive asiste disparisyon manman li (bagay ki lage lapenn nan kè li) ki te vin fou akoz yon gwo masak li te sote sou fanmi li yo ki te viktim. Sitiyasyon yo te tèlman mangonmen, papa Gaby te oblije voye li laFrans, pou li te ka sove lavni ti pitit la ki te menase ak tout krim sa yo ki te ap ogmante chak jou pi plis. Se nan peyi sa Gaby ta pral pase tout adolesans li avèk imaj manman li nan panse li. Aprè 20 lanne, li deside retounen nan peyi li Burundi pou al chache liv Madanm Economopoulos te kite pou li yo, se konsa nan yon vye kabarè li te konn frekante lontan li te vin pran pi gwo sipriz lavi li.
Apre kèk mès, kèk tradisyon nou ka di Ayiti pataje ak sèten peyi nan kontinan Afrik la, nou ka remake, nan woman sa anplis, se prèske ak menm pwoblèm yo chak jou yo ap fè fas : boulvèsman politik, koudeta, chirepit, yingyang toutan nan mitan aktè politik yo. Sitiyasyon yon bann men envizib oblije pèp yo antre ladan yo, tèlman yo pa reponn ak bezwen primè yo, falsifye rezilta eleksyon yo pou met moun ki ap vin regle bagay patikilye yo.
Gaël Faye prezante yon travay ki enteresan anpil. San nou pap bliye soulve omaj sa otè a bay Jacques Roumain nan dènye pati yo nan woman li an lè li mete yon ekstrè nan « Gouverneurs de la rosée », gwo bout tonton zèv otè ayisyen an ladan li. « Petit pays » se yon liv ki ka konseye nenpòt moun, otè a pran swen li pou li rakonte istwa a, li itilize yon ekriti ki byen senp epi ki powetik. Istwa a bèl, istwa a tris. Liv la ba ou gou pou li li plizyè fwa.
30-10-2019
Chrisvinan Joseph (Christo)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.
1 Comment
Comments are closed.