RIBRIK: PWOVÈB KREYÒL
Nan ribrik sa, nou ap prezante ou yon pwovèb kreyòl ak egzanp ki ap fasilite nou itilize li.
Kisa Yon pwovèb ye menm?
Yon pwovèb se yon fòmil tou kout, yon règ moral ousinon yon refleksyon ki esplike yon ide jeneral epi ki vin popilè.
” TWÒ PRESE PA FÈ JOU LOUVRI”
Se yon pwovèb kreyòl nou itilize souvan tankou yon konsèy pou ede sila ki renmen aji san reflechi ousinon ak emosyon. Nou itilize li pou fè lokitè a konprann jan li ta dwe fè chak bagay nan tan pa yo, epi evite boule etap yo.
Egzanp: Manman Jak toujou di li pran pasyans e pou li reflechi anvan li fè nenpòt bagay la paske twò prese pa fè jou louvri.
18-10-2019
Magloire Fabienne
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin .