Emmelie Prophète, Le bout du monde est une fenêtre.
Yon woman Emmelie Prophète, ki soti nan Edisyon « Mémoire d’encrier » nan lanne 2015
Emmelie Prophète kache dèyè tèt woman sa a a yon filozofi lavi ki devlope nan rapò moun ak fwontyè, kesyon distans ak rapwòchman.Tout moun gen yon fenèt. Kijan yon moun te ka fè viv san fenèt ? Fenèt la se yon bann ti fant ki pèmèt rèv yo oubyen lòt bagay fofile. Ou pa sèlman bezwen lonje men ou pou ou touche bagay ki lesansyèl nan vi a. Men gen kèk fwa ou fè yon kout je nan yon fenèt, sa ka pèmèt ou konnen li tou. Yon fenèt pèmèt ou wè limit ou, rapwoche sa ou pa ka manyen, epi gen aksè ak sa ou pat gen aksè.
Lide sa a li mete nan kè travay la (paj 81) rezime filozofi tèks la.
Se yon woman ki swiv pakou « samuel », ale retou li nan yon vilaj bò lanmè ki rele « Suzanne » ki pote nan figi li tout mak move lavi ki ap ravaje peyizan an yo. Se sèlman lorizon lanmè a te ofri, ki te sanse sèl divètisman timoun ki te ap grandi nan zòn lan. Samuel pat janm konn manman li ak papa li te leve ak grann li nan yon tikay nan vilaj la. Apre lanmò grann lan, li te kite vilaj la pou li ale nan yon vil ki te pi pre a ki rele Bondeau, apre Anonce, vwazen ki te konn pran swen li apre lanmò grann lan, te ba li kèk rad ki te menm twò gwo pou li.
Nan estasyon bis nan vil la, li travèse jounen li yo nan chaje kamyon ak rann machann manje kwit sèvis. « Ti Gason », yon non yo ba li nan estasyon an, kwaze ak yon pwopriyetè kamyon ki rele Djo, sa ki pral fasilite li rantre Pòtoprens. Sammuel oblije fè menm jan ak lòt timoun nan lari yo (tankou lave ak siye machin) pou li pase jou yo.
Yon bon samdi Djo vin jwenn « Ti Gason » Malad, li remèt li bay Marcel, Yon machann ki ap vann kleren tranpe, kapòt ak tabak. Tanzantan li ba li lajan pou li pran swen ti gason pou li. Gras ak yo menm, Sammuel pral lekòl pou li aprann li ak konte. Men yo tou de ap viv nan yon ti kay « Flanm dife », silans sèlman ki kòk chante, nan mitan tout peripesi ki abiye bidonvil yo.
Tout rèv Sammuel se te chofè kamyon menm jan ak Djo, moute desann nan tout kwen peyi a. Men desten lage li nan yon garaj kòm apranti. Silans ki kouwònen lavi li te anpeche li jwenn senpati manm ekip garaj la. Sèlman ak Billy, ki te toujou ap kòdase nan zòrèy li sou byen ak bonè fanmiy li, li te devlope yon relasyon.
Anfas garaj la gen yon fanmi ki ap viv nan yon kay ki sanble ap fini menm jan ak fanmi an… Chak jou ki pase kay la pi panche. Alix, papa Timoun yo, te oblije marye ak madeleine paske li te ansent, men li pat janm santi li alèz nan fanmi Labarre. Lilas ak Rose, yon pòte marasa, yo tankou lajounen ak lannwit tèlman yo te diferan. Lilas byen bèl, renmen ri, chaje zanmi epi jwi lavi li jan li kapab. Rose li menm pa janm soti, ret kwense anndan kay la, san fè okenn pwojè sou lavi li. Manman an li menm pèdi tèt li, tout lajounen li fèmen kòl anndan chanm li, l ap viv ak yon nèg imajinè, ki renmen l. Alix pati kite kay la, li ap fimen, li ap bwè. Rose sèlman gen Martha, sèvant lan nan kay la avè li ki pou fè manje pou manman an. Sèl revni fanmi an se te kòb lokasyon yon lokal anba lavil Madeleine te eritye bò kote gran paran yo Labarre, ki te yon gwo komèsan.
Sammuel rantre nan lakou sa a, lè Alix te deside vann yon vye machin fanmi an te genyen, ki te kanpe depi kèk ane. Si zak sa a dechire souvni Rose, se la a tou li te pral tonbe anba cham Sammuel, sou bèl grenn je Ti gason an ak tout silans li pote nan lavi li. Se koumansman yon relasyon lanmou.
Depi lè sa a, fenèt kay sa a tankou yon gonm pou je Sammuel. Chak Jou, li bat pou li rive nan garaj la anvan, pou li kole je li nan fenèt la pou li ap bouske rega jenn fi a, ki li menm tou, kache dèyè rido a ap gade li san li pa janm soti deyò. Pandan plizyè mwa, yo ap viv yon bon womans san pawòl, yo ap boukante rèv, pataje sekrè youn ak lòt, epi lanbisyon yo genyen pou yo viv. Pou Sammuel, Se te metrès dlo, yon bèl gengenn Anonce te konn ap rakonte nan listwa lanmè Suzanne ki te moute sou tè.
Apre antèman Marcel, 12 lanne apre, Sammuel pral tounen Suzanne. Vizaj vilaj la vin pi mal, anplasman kay grann li an disparèt. Men, Anonce toujou ret kole ak yon ti radyo, yon pip ki ap pouse lafimen monte, jan li te konnen li 12 lanne anvan. Apre 12 zan, Sammuel al rakonte Anonce li wè mètrès dlo. Lè Sammuel tounen pòtoprens pou li al kontinye viv ak anmòrèz li lanmou san pawòl la, chèf garaj la mete li deyò.
Se yon woman ki fè lektè a travèse listwa a kè nan men, li chaje ak tristès. Li charye reyalite mizèrere ki ap ravaje vilaj yo, kesyon migrasyon entèn ki fè moun yo ap kouri zòn riral yo pou debake lavil nan nenpòt kondisyon, pwostitisyon jenn fi, epi poze pwoblèm fanmi nan sosyete a.
Emmelie Prophète fèt Pòtoprens, Ayiti.
Anseyan, ekriven, womansye. Li pibliye plizyè zèv, ladan yo nou ka site : Le testament des solitudes (Mémoire d’encrier, 2009), Le reste du temps (Mémoire d’encrier, 2010), Impasse Dignité (Mémoire d’encrier, 2012).
22-10-2019
Jean Verdin JEUDI (Toli)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.
1 Comment
Comments are closed.