Jacques Stephen Alexis fèt 22 Avril 1922 an Ayiti nan Gonayiv. Papa li Stephen Alexis, jounalis otè liv( Nègre masqué) te ap travay kòm diplomat an Ewop, nan menm moman sa, Jacques Stephen Alexis te kòmanse etid li nan kolèj Stanislas nan vil Pari.
Jacques Stephen Alexis retounen nan peyi a nan lanne 1930 epi tou kontinye etid li nan kolèj Saint Louis de Gonzague aprè li te tou antre nan fakilte medsin. Nan lanne 1942, li te fè konesans ak Jacques Roumain epi Guillen. Apre li fonde yon jounal opzisyon ( La Ruche) nan ki te jwe yon wòl enpòtan nan revolisyon 1946. Manm pati kòminis Ayisyen. Li pa t dakò nan fason Dumarsais Estimé te fè eleksyon,dezakò li te fè li pase yon tan nan prizon. Aprè li fin soti nan prizon, li te al fè doktora li nan medsin epi tou ale nan vil Pari . Menm moman sa, li te angaje li nan plizyè aktivite pwofesyonèl:( li te espesyalize li nan newoloji, politik ak yon gwoup jèn kòminis nan vil Pari, aprè,li kontinye pran kontak ak plizyè pati kòminis nan peyi Lachin, nan domèn literati li te fè konesans avèk Aragon, epi yon bann lòt ekriven nwa latino-ameriken. Nan lanne 1955, Gallimard pibliye premye woman li: konpè jeneral solèy nan menm moman an liv la fè gwo siksè. Epi li antre Ayiti.
Jak Estefèn Aleksi, te enkyete li nan fason li te wè dirijan yo te ap dirije, rapidvit li angaje li nan deba kiltirèl ak politik nan peyi a. Pote gwo soutyen nan premye kongrè ekriven ak atis nwa nan lanne 1956 nan vil Pari,nan menm tan sa, li prezante yo “Manifès Reyalis Mèvèye Ayisyen an. Nan lanne 1957, li pibliye Les Arbres musiciens, L’espace d’un cillement 1959 et Romancero aux étoiles 1960. Nan menm moman sa yo, li patisipe nan yon pakèt kongrè entènasyonal, nou ka site:( l’Union des écrivains Soviétiques 1959). Pouvwa rejim( Duvalier) a te menase li epi anpeche li fè plizyè lòt aktivite ankò.envite nan peyi Lachin nan lanne 1961, li te fè tout sa ki te depann de li pou li te kapab jwenn yon antant ak de(2) pi gwo eta kòminis yo ki te fin divize. Li rankontre Chi Minh, Mao epi tou pwofite wè nan ki fason li te kapab ini mouvnan kòminis entènasyonal la fè li vin pi solid. San moun pa konnen li antre Kiba, ak kat zanmi li ki te akonpanye:( Charles Adrien,-Georges, Guy Béliard, Hubert Dupuis-Nouillé epi Max Monroe). Li debake Bonbadopolis nan lide pou l fè sèvis pou lwa rasin lafami Alexis, Souvnans. Yo trayi yo, yo arete, tòtire, touye tout zanmi ki te akonpanye li. Jouk jounen jodi a, pa janm gen moun ki ka di kouman e kijan Jacques Stephen Alexis mouri.
Zèv prensipal otè a:
Woman
( Compère général soleil, paris, Gallimard 1955)
L’espace d’un cillement , Gallimard 1959)
L’Étoile absinthe, Zulma, 2016)
Nouvèl
Romancero aux étoiles, contes
Gallimard
Sous : île en île
23-10-2019
Feguerson Thermidor (Tfegg)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.