Nan ribrik nosyon literè jodi a, yon fason pou nou kontinye dekri jan naratif la, nou ap pale sou « eleman kontekstyèl ». Lè nou di eleman kontekstyèl nou vle pale de ansanm eleman ki sèvi dekò ak objè ki nan anviwònman yon istwa. Nou vle pale tou, de referans ki fèt ak kèk enstitisyon, rejim, valè moral, sosyal kiltirèl, ideyolojik politik ousinon ekonomik. Nan yon resi, eleman kontekstyèl yo souvan anpil e yo varye. Pafwa kèk nan yo konn domine tout istwa, kèk lòt absan. Pou sa , li enpòtan pou nou byen konprann anvan nou entèprete yo. Eleman kontekstyèl yo se sa nou ta ka rele tou : zouti ki revele lektè a tout sans ak koyerans tèks la
An nou bay plis detay sou chak kontèks .
- Kontèks politik: Li prezan e li dominan nan resi a lè aksyon ki ap dewoule yo chita sou sa ki konsène kesyon pouvwa, lit oubyen konfli. Lè konsa, otè a montre aklè gen yonn oubyen plizyè pèsonaj ki ap lite pou posede yon bagay. Nan faz sa, nou jwenn : dirijan/direje, gouvènan/gouvène, , elatriye). Nou ka sezi kontèks politik la tou, lè nan istwa gen yon ansanm manisfestasyon ki ap fèt pou pouvwa nan yon enstitisyon (sivil, jiridik, sosyal, elatriye).
Egzanp : Yon resi ki pale sou pwosè ki mete fas a fas lapolis ak yon gwoup moun ki ap defann dwa yo.
- Kontèks sosyal : Nou santi prezans kontèks sosyal la nan kèk aspè ki pwòp ak mòd òganizasyon yon gwoup endividi. La nou ka pale de enpòtans endividi yo, soti nan pi wo al nan pi ba a, fason nou detèmine wòl endividi a sou baz ran sosyal, nan enstisyon yo, fanmi an, travay la, apatenans seksyèl li, elatriye.

- Kontèks ekonomik : Kontèks sila prezan nan kèk aspè ki lyannen ak mòd pwodiksyon, distribisyon ak konsomasyon ansanm byen yon sosyete. Lè sa, nou ka pale de lajan, pouvwa moun genyen pou achte, envestisman, enflasyon, richès, povrete, elatriye.
- Kontèks kiltirèl : Pou sa ki konsène kontèks sa, se ansanm aspè ki lyannen ak mòd represantasyon, mwayen ekspresyon yon endividi oubyen yon kolektivite itilize pou li manifeste rapò li genyen ak sa ki reyèl, ak sa li ap viv. La nou ka pale sou pati nou wè koutim ak mès yon pèp parèt nan istwa a, travay atistik kominite a, syans, teknoloji, fason yo abiye, elatriye.
- Kontèks ideyolojik : Kontèks sa prezan nan aspè ki lyannen ak kwayans, valè epi sistèm panse yon endividi oubyen yon kolektivite nan plizyè domèn.
Ps : Si analiz kad kontekstyèl yon tèks pèmèt nou sitiye li nan tan li ak espas li, se ansanm eleman kotekstyèl dominan yo ki la pou òganize, estriktire epi ankadre tout siyifikasyon resi a. Dayè , prensipal fonksyon kontèks la, se voye lektè a fas pou fas ak reyalite istwa a ap vann nan, ki li menm se imaj ki la pou rann tèks la pi klè (ilistrasyon).
Carole Pilote, (2000), Guides des procédés d’écriture et des genres littéraires, Québec
21-10-2019
Marvens JEANTY
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.