Nosyon literè jounen an

Nan seyans pase a, nou te pale sou jan literè, kote nou te di kichòy sou jan naratif. Jodi a, nou ap kontinye ak estrikti naratif.

Lè nou di estrikti naratif, nou vle pale de baz chema yon istwa. Jeneralman, se eleman naratif yo ki defini li paske se evènman sila yo ki fè istwa a avanse yon fason lojik. Li menm pèmèt nou byen fè sènay istwa a, epi byen obsève fason narasyon an trete done fondalnatal resi a.

Si gen yon elatriye fason imajinè nou ka ekri yon resi, li posib pou nou distenge sekans oubyen pati ki souvan repete nan anpil lòt istwa.

Nan sekans sa yo, nou jwenn :

Li enpòtan nou fè ou konnen, gen otè ki varye sekans yo nan resi yo ap ekri. Yo konn fè sa pou yo kreye yon orijinalite. Nou ka pran Yanick Lahens, Louis Philippe Dalembert, Dany Laferierre… pou egzanp. Kidonk, li pa yon obligasyon pou swiv sekans yo jan nou elabore yo la.

12-19-2019
Marvens JEANTY