Nan analiz yon tèks literè, li toujou enpòtan pou nou byen konprann pwosede ekriti ki itilize a, anba ki jan literè tèks la koube, men tou, ansanm pwosede teyorik ki lyannen ak chak pwen sa yo. Nan travay sila , nou ap prezante ou lis eleman ou ta dwe konnen oubyen egzamine si tout fwa ou ap analize yon tèks ki koube anba jan naratif, dramatik, oubyen jan powetik. Pou sa ki konsène elatriye fòm literè chak jan sa yo akouche, nou ka toujou prezante ou yon lòt tèks nan epizòd ki ap vini apre a.
Jan naratif
Lè nou ap analize yon tèks naratif, tankou yon woman
oubyen yon nouvèl paregzanp, li pa toujou fasil pou nou konnen kòman pou nou kòmanse. Nan lis nosyon analiz nou pral bay la yo, menm lè yo pa anpil, nou ret kwè yo pral fasilite ou byen analize nenpòt tèks ki koube anba jan naratif ou ta chwazi etidye.
Jeneralamn, yon resi gen de eleman ki konpoze li: ístwa ak narasyon. Istwa a se sa nou rakonte a, alòske, narasyon an koresponn ak fason istwa a rakonte a. Nan menm lojik sa, nou ka rive konprann yon sèl istwa ka rakonte plizyè fason. Yonn nan egzanp selèb nou genyen, se ekriven franse Raymond Queneau ki te prezante nan « exercices de style », 99 fason diferan pou rakonte yon istwa banal. Pi prè nou la, nou genyen ekriven Gary Victor nan kèk travay li ki pa sipann pwouve sa tou.
Nou ap remèsye ou pou atansyon ou, e nou ba ou randevou demen pou yon pi bèl prezantasyon. Nan plato nou, nou ap ofri ou koze sou « estrikti naratif ».Se te KreyoLiti !!!
Marvens Jeanty
Sous : Carole Pilote, (2000), Guide des procédés d’écriture et des genres littéraires, Etudes vivantes, Québec
