Figi estil jounen an

Figi estil opozisyon

Oksimò : Nan pwosede figi estil sila nou anfas de tèm ki ini yo nan yon nivo gramatikal, men sans yo lakoz yo opoze. Se inyon de mo ki kontrè nan yon enonse pou frape imajinasyon destinatè a

Egzanp 1: Bri silans konn soud moun.

Egzanp 2 : Sanble se nan lanmò mwen pral aprann viv.

Ps : pa pran Oksimò pou antitèz. Yo sanble men yo pa tradwi menm reyalie. Nan lòt seyans lan nou ap pale sou antitèz nèt ale.

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.

14-10-2019

Marvens Jeanty