Figi estil Jounen an Opozisyon

Oksimò :

Nan pwosede figi estil sila nou anfas de tèm ki ini yo nan yon nivo gramatikal, men sans yo lakoz yo opoze. Se inyon de mo ki kontrè nan yon enonse pou frape imajinasyon destinatè a

Egzanp 1: Bri silans konn soud moun. Egzanp 2 : Sanble se nan lanmò mwen pral aprann viv. Ps : pa pran Oksimò pou antitèz. Yo sanble men yo pa tradwi menm reyalie. Nan lòt seyans lan nou ap pale sou antitèz nèt ale.

14-10-2019
Marvens Jeanty