Liv pou semèn lan se: Petit piment,
yon woman Alain Mabanckou ki soti nan Edisyon Seuil nan lanne 2015.
Se yon woman ki rakonte lavi yon jèn afriken ki rele Petit piment (Tipiman), yon òfelen. Li te kòmanse grandi nan yon òfelina nan vil Lwango (Kongo), nan yon peryòd ki te gen diktati . Gen yon revolisyon sosyalis ki eklate, li sove nan òfelina a ak 2 marasa pou yo al bout nan yon lòt vil ki rele “Pwent Nwa”.
Soti nan timoun ki ap drive nan lari pou al tonbe mennen yon vi bò lanmè, Tipiman te tèlman pase tray, ou ta di 7 plè ki te tonbe sou peyi Lejip la te tonbe sou tèt li.
Desten ta pral fè Tipiman ateri kay “Manman Fiat 500”, yon ansyen bouzen, ki vin pwopriyetè yon makrèl. Depi lè sa a lavi kòmanse ba li bèl dan, jouk Makelele, Majistra vil la pral deside yon bon jou, chase bouzen yo. Tipiman pèdi tèt li lè Makrèl “Manman Fiat 500” an disparèt ak tout bouzen yo. Anbisyon li te genyen pou vanje nèg sa a ki vin bare chimen desten li an ta pral fè li pase yon bon bout nan vi li nan prizon.
Chwa pèsonaj yo, sipriz ki genyen nan tèks la, bay istwa a anpil chalè epi kenbe atansyon lektè yo.
Anplis istwa a ki koud ak anpil asyonan, “Petit Piment” rakonte reyalite jenès Afriken an nan yon peryòd diktati; se yon kri imanis ki lonje dwèt sou fenomèn timoun nan lari epi poze pwoblèm migrasyon an Afrik. Menm jan ak Jacques Stephen Alexis, Alain Mabanckou pran tan li pou li detaye lavi ak kalamite fanm ki nan makrèl yo ap sibi, poze pwoblèm ki genyen pou yo reponn ak sa yo bezwen pou yo viv.
Alain Mabanckou se yon filozòf, powèt, womansye. Li deja pran pri “5 continents”, pri “Renaudot” pou woman li ki rele “Mémoire de porc-epic”.
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin
15-10-2019
Jean Verdin Jeudi (Toli)