Francklyn Dorcé
Lenguis / Etidyan nan Metriz nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn

Entwodiksyon


Depi kèk tan nou pa sispann tande yon bann mo ak ekspresyon k ap tchoula kò yo nan kreyòl la ki soti nan lang anglè (foulay, kwòch, may, poulòp, tòg, lòk, eks.) [1]. Mo a oswa ekspresyon an kapab egziste nan lang nan deja men li vin pran nouvo sans (neyolojis semantik). Konsa tou mo a ka soti nan yon lang etranje kote li vin blayi kò li nan yon lòt lang. Menmsi se nan lang etranje mo a ta soti, sa pa anpeche li pran nouvo sans nan nouvo lang nan, pafwa menm sans mo nan lang sous la konn pa gen anyen pou wè ak sans nan mo lang sib la ; pafwa tou, yo konn gen rapò antre yo. Tout ka sa yo egziste nan kreyòl ayisyen an. Men nan atik sa, se dezyèm ak twazyèm ka a ki enterese nou espesyalman.


Youn nan dènye neyolojis semantik nou obsève nan kreyòl la se «Gee (dji)». Nou tande eslogan sa a nan lari, nan lekòl epi sitou sou rezo sosyal ki pi popilè an Ayiti (an patikilye TikTok). An reyalite, mo sa a egziste byen lontan nan pale kèk lokitè ayisyen, sitou lakay rapè oswa moun ki fanatik rap. Mo a vin popilè anpil lakay jèn yo nan dènye tan sa yo. Lè nou pale de jèn nan atik sa a, nou fè referans sitou ak kategori sosyal yo rele «timoun de mil» yo [2]. Mo «Gee» a vin sibi yon evolisyon semantik, li vin gen lòt sans anplis selon obsèvasyon nou fè.

Obsèvasyon an mennen nou tou dwat nan yon kesyònman : Apati ki moman mo «Gee» a kòmanse itilize nan pale lokitè ayisyen yo epi kilè li kòmanse sibi evolisyon semantik ? Mo a gen yon sans denote depi nan lang li soti a ki se anglè, ki sans konote li vin genyen nan kreyòl ayisyen an ? Kòman nou ka eksplike pasaj diferan sans yo nan de (2) lang sa yo (anglè ak kreyòl ayisyen) ? Kisa emèjans oswa evolisyon sans mo sa a di sou lokitè ki rete akwoche avèk li yo ?


Se sou kesyònman sa a nou pral eseye pote kontribisyon pa nou pami moun ki enterese ak tematik neyoloji nan lang ak evolisyon sans mo. 

Objektif kontribisyon sa a se rive fè limyè sou istwa ak orijin mo «Gee», kote li soti pou li tonbe nan kreyòl ayisyen an, yon kote. Yon lòt kote, n ap analize sans konote li pran nan kreyòl ayisyen an. Pou nou fini, n ap gade kisa an reyalite itilizasyon mo sa a di menm, kisa ki kache dèyè li.


An nou fè yon premye remak : nou remake jèn yo ekri «Gee» yon fason pou yo byen pwononse lèt «G» avèk fonetik anglè [ʤi:]. Men n ap souliye òtograf «Gee» an pa gen anyen pou wè ak anglè nan sans yo itilize li a. Nou sèlman ka konprann se yon fason pou yo ka fasilite lektè ki pa anglofòn yo ki fè yo ekri li konsa. [3]. Pou rezon sa a, n ap itilize «G» ki se inisyal mo «Gangster» nan ekspresyon «O G».
N ap siyale pou nou rive retrase kèk sans sou ekspresyon sa a, nou pa vrèman fè yon ankèt fòmèl tankou soumèt yon kesyonè bay lokitè yo. Nou konsilte rezo sosyal TikTok, Facebook epi nou gade kèk videyo mizik rap ki gen rapò ak sa sou Youtoube pou nou rekeyi kèk done. Nou rekeyi kèk done tou bò kote kèk lokitè sou Whatsapp. Nou pale tou avèk kèk jèn ekolye nan de (2) lekòl nan kapital la. Nou pa ale fè ankèt nan zòn yo rele defavorize yo pou nou ta rive konnen plis sou ekspresyon an. Li byen posib ekspresyon an kapab gen lòt sans nan lòt milye. Sa ki fè sans nou retrase lakay jèn, nou pa ka di se sans sa yo sèlman ki genyen.


N ap presize tou nou konsidere atik sa a kòm yon vilgarizasyon lasyans, yon fason pou tout lektè ka rive konprann li san twòp jefò kèlkeswa domèn l ap evolye a. Sa ki fè nou p ap antre nan twòp analiz lengwistik konplike. Men, nou espere moun ki etidye syans langaj (lengwis) yo ava jwenn nouvo kichòy pou ogmante konesans yo.


Istwa mo «G» a


An reyalite ekspresyon an se «O G». Li se yon akwonim ki soti nan lang anglè «Original Gangster» ki siyifi, yon fason literal, Gangstè orijinal. Mo «Gangster» a li menm soti nan «Gang» ki deziye yon gwoup, yon bann, yon estaf. Yon «Gangster» li menm se manm nan bann sa a. Men avèk plis presizyon, «Gangster» a fè referans ak yon manm nan yon òganisazyon kriminèl ki lage kò yo nan fè sa ki pa bon, sa ki pa kòdjòm ak sa lalwa di [4]. Si se sa siyifikasyon mo «Gangster» a, kòman yon «Gangster» ka orijinal ? An nou gade rapidman sa istwa di nan sa.


Si mizik rap la pran nesans nan lane 1970 yo kote te gen yon kriz ekonomik ki t ap ravaje Etazini, nan Bronks, nan Eta Nouyòk, se pito nan vil Los Angeles plis mizik rap ta pral parèt ; vil sa a ta pral konnen yon pakèt moun ki lage kò yo nan «Gang» [5]. Se sitou nwa ki te lage nan aktivite sa yo. Nan sans sa, kèk rapè ameriken tankou Ice Cube, Dr Dre, Eazy-E ta pral eksprime sa nan mizik yo. Atis Tupac Shakur di sa byen : « Mwen pa kreye vyolans Etazini, mwen pa envante lavi kriminèl la tou, mwen sèlman analize fenomèn nan. » (Se Decault, 2017, ki fè tradiksyon an an fransè, nou fè tradiksyon kreyòl la). Atis yo non sèlman dekri reyalite anpil moun ap travèse men anpil nan yo viv yo tou, sa ki fè anpil nan yo te lage nan «Gang» pou amelyore lavi yo. Sa montre nou aklè, alorijin rap la te gen yon objektif espesifik : denonse vye moman /sityasyon moun ki te pi mal yo, oprime yo, lèse-pou-kont yo, t ap travèse nan sosyete a. Alèkile nou ta ka di rap la pèdi esans li.


Fòk nou di tou atis ki lage nan pratik sa yo pa te toujou gen bèl lè ak fòs legal yo, lapolis, yo souvan rele «Babylòn», konsidere sa fòs sa yo konn fè yo sibi. Sityasyon difisil sa a vin fè anpil nan yo pwoklame tèt yo «Original Gangster» : se swa yo sa oubyen yo pa sa. Se la menm ekspresyon «O G» a soti. Sa ta vle di gen «Fake Gangster». Nou p ap mize sou sa. Se «O G» ki enterese nou la a. An reyalite, ekspresyon an pa toujou fè referans ak vye zak ; li fè referans tou ak yon rapè ki pran responsabilite li nan enskri diskou rap la nan fè pase revandikasyon moun ki pi mal nan sosyete a. Sa te tèlman an vòg nan sosyete ameriken an nan lane 1980/90 yo, tip mizik sa yo te vin konstitye yon lòt ti kategori anba jan mizik rap la ki se «Gansta Rap». Ekspresyon «O G» a te vin popilè gras ak albòm atis Ice-T ki te rele «OriginalGangster» nan lane 1991 [6].


Kidonk «O G», nan kontèks rap, te gen yon responsabilite sosyal, denonse move bagay moun ap sibi, se sitou nwa yo. Malgre jan sityasyon an ye, moun ki «O G» pa dwe abandone batay l ap mennen an. Pawòl rapè ameriken Rick Ross ka ilistre sa byen lè li di : «O G is one who standing on his owfeet» (Rick Ross ft Meek Mill, Ima boss) (Yon O G se yon moun ki kanpe sou de pye militè li.) [Tradisyon pa nou].


Pasaj ekspresyon «O G» nan kreyòl ayisyen an


Fenomèn prete mo a obsève nan tout lang sou latè. Selon Govain (2014, 2017), anglè, panyòl, franse plis enfliyanse lang kreyòl ayisyen an, sa ki fè se nan men lang sa yo li prete mo plis. Nou p ap antre nan veritab koz ki fè sa [7]. An nou rete sou ka anglè a puiske se li ki enterese nou la a. Anfèt, de (2) rezon ta ka eksplike sa (Dorcé, ki gen pou parèt) [8]. Premye rezon an istorik : « le rap a pris naissance aux Etats-Unis ; en vue de montrer qu’ils connaissent ce genre musical et vouloir ressembler aux pionniers, les artistes haïtiens font appel à des lexèmes anglais ». Dezyèm rezon an komèsyal : «l’anglais devient une langue dominante sur le marché international voire une langue véhiculaire.» N ap note nou tire dezyèm rezon an lakay lengwis Hagège (2012) [9]. Sa ki fè «les lexèmes anglais utilisés parviennent à être lexicalisés et sémantisés en CH [créole haïtien]. Et les artistes, les DJs, contribuent beaucoup à ce processus. C’est ainsi qu’on observe un ensemble d’expressions d’origine anglaise dont certaines parviennent à être sloganisées.» (Dorcé, Ibid.) Nou dakò ekspresyon «G» ta kapab konsidere kòm yon eslogan nan kreyòl ayisyen. Pou plis detay sou eslogan nan kreyòl ayisyen, al wè Dorcé (2022) ; Dorcé & Saint-Jean (2022) [10].


Analiz ekspresyon «O G» nan kreyòl ayisyen an


«Real» se premye aksepsyon nou jwenn nan kreyòl la pou ekspresyon «O G» a. Nan sans sa, ekspresyon an gen menm sans nan lang li soti a.

a. «Msye sa w ap gade la se yon G.» / b «G pa nan pale anpil avèk moun.» Se yon konpòtman ki rive obsève nan tout sosyete kote gen moun ki pa pè di sa l ap di w la anfas ou ; gen lòt tou ki chwazi fè kontrè a. Dezyèm kategori moun sa yo pa «G» paske yo gen plizyè pawòl oubyen plizyè langaj. Toude egzanp sa yo (1a-b) esprime egzakteman konpòtman sa a. Sa vle di lokitè a gen yon konpòtman ki pwòp avèk li menm, li pa nan chanje koulè. Li «real», li vrè. Nou jwenn sans sa lakay sitou rapè yo. Plizyè egzanp nan mizik rap an Ayiti montre sa byen klè jan sa ye nan refren mizik Anbasad Camp ki gen pou tit «Nèg sa yo pa real».

Nèg k ap bese pou money / Nèg k ap trayi bon zanmi / Nèg ki gen vitdo yo fele / Nèg k ap mache pale moun mal / Nèg sa yo pa real.
Yon «G» se yon moun ki pa nan tripotay, ki pa nan pale moun mal. Rapè DRZ nan egzanp (3a) epi Blaze One nan (3b) di sa byen klè nan fason pa yo.

a. «Neg ki O G pa gen tan pou l pale sou moun. / Ni l pa yon gangster pouf [?]. / Li pa gen tan pou l pale nan bouch.» (DRZ, Replik feat Zoe Nas…) / b «True man ki O G ou p ap wè l nan baz ap apante.» (Blaze One, Nèg ki real yo feat P Jay ak DRZ)
«O G» a pa sèlman redui ak sa nou sot eksplike la yo. Rapè DRZ mete yon ti grenn sèl lè li di : «Li pa gen tan pou l pale nan bouch.» Ta sanble atis la vle montre «O G» a pa sèlman kontante li nan pale, li aji tou. Ki aksyon konsa li fè ? Ta sanble aksyon sa yo gen pou wè ak frape lòt la fizikman. Alò pou nou konprann sa, li enpòtan pou nou raple yon bon pati nan istwa rap an jeneral make non sèlman avèk vyolans oral men tou avèk vyolans fizik. Nou ka panse ak dyèl ki te mete nan opozisyon de (2) gwoup rap ayisyen tankou : Rockfam VS Baricad.     

Itilizasyon «G» /  «an G» lakay jèn yo


Li pa fasil pou nou retrase egzakteman kilè mo ‘G’ ap fè aktyalite konsa. Ta sanble se nan lane 2023 li kòmanse pran gwo anplè pou rive eklate nèt ane 2024 la kote rezo sosyal TikTok kontribye anpil nan vilgarizasyon li.
Anpil lokitè pa konnen si mo ‘G’ a soti nan ekspresyon « O G » ki se yon akwonim. Anpil lokitè, sitou jèn yo, pran plezi repete li pou kèk rezon efoni : li sonnen byen nan zòrey yo men an reyalite yo pa konn sa li vle di. E si nou afimatif konsa se paske nou ateste sa menm nan yon klas segondè. Sa ki atire nou nan repons kèk elèv aprè nou te fin mande yo kisa mo a vle di, se lè plizyè nan yo di : li vle di orijinal.

Sa fè nou souri paske se pa ‘G’ an ki siyifi orijinal. Lokitè sa yo pa konn si ‘G’ an se inisyal mo ‘Gangster’ alòske inisyal mo ki vle di orijinal la se ‘O’. Sa nou ta dwe konprann la, sèke yo redui ekspresyon an ak yon grenn mo nan ekspresyon an kote grenn mo a charye menm chaj semantik ekspresyon an. Yo petèt pa gen tò paske nou obsève menm rediksyon sa lakay ansyen jenerasyon nan rap ayisyen an e menm nan rap ameriken an.


Lòt bagay ki enteresan lakay jèn ki itilize mo ‘G’ a, sèke mo a vin pran plizyè lòt sans mete sou sa li gen deja nan lang lan. An nou gade kèk nan sans sa yo nou rive retrase. Mo ‘G’ a tèlman fè aktyalite li menm parèt nan tèks mizik oswa kèk mizik ayisyen pote tit la menm.

«Malgre m Gee m damou / An Gee m damou.» (Murphy, An Gee)
Nan egzanp sa, atis la montre gen sityasyon li pa t ap janm antre ladan yo tankou tonbe damou yon fi. Se enpòtans sa a prepozisyon «malgre» a genyen ki eksprime an kèlkesòt yon kont-volonte. Sa reprann yon lide oswa yon konpòtman tradisyonèl nan sosyete ayisyen an kòmkwa gason ki jènjan / flannè pa damou fanm. Sa pèmèt nou ouvri yon ti parantèz tou kout sou ekspresyon «tonbe damou» an, nou ap fèmen li tousuit.


Scott Peck, yon sikyat ameriken, ki pwodui refleksyon sou ekspresyon sa a nan liv li a ki rele Le chemin le moins fréquenté ki soti nan lane 2004, nan liv sa a, espesyalis maladi mantal la montre ekspresyon «tonbe damou» poze de (2) pwoblèm. Premye pwoblèm sa poze, sa sèlman reflete yon nivo seksyèl entansif lakay patnè a, libido li vrèman an aktivite. Moun ki damou an vin santi li fò puiske li santi patnè li pou li sèlman, li pa ka rete pou li pa bò kote li ; men pa bliye bò kote sa a, dapre sikyat la, se nan objektif satisfè libido a. Nou menm nou ka ajoute sou sa, fòs sa a an reyalite se yon feblès puiske moun ki damou an vin totalman depann de patnè ki pa damou an. Sa k ap fè li soufri plis. Wi ! Nan yon relasyon amourez, moun ki renmen plis la se li k ap jwenn mwens lanmou, li ki soufri plis. Dezyèm pwoblèm ekspresyon an poze, lanmou moun ki damou an pa dire pase sa vre, li ka menm mennen nan foli. Anpil fwa sa nou rele lanmou an se pito yon foli. An nou fèmen parantèz la.


Si efektivman «G» pa konn damou, «G» pa ta dwe damou atis la li menm li damou alòske li bay enpresyon li se yon «G». Men damou atis la gen yon lòt dimansyon lè li di «an Gee m damou». Sa ta vle di li pa damou yon fason nayif men li damou avèk pridans, yon fason petèt pou li pa tonbe viktim oswa pou li ekate pwoblèm nou sot site la yo. Fòk nou di tou nan menm mizik sa ki rele «An Gee» a, atis la vyole premye prensip la oswa sans premye mo a ki se «real». Wi li vyole li lè li di nan (4b) :
b. «Lè m avè l li fè m dou tankou se pè è / Pandan mwen ak gang tankou se frè è.»


Si atis la gen yon konpòtman lè li avèk fi a epi li gen yon lòt konpòtman lè li avèk gang li kalifye frè, nou te wè sa mo gang nan vle di deja, èske atis la se yon «real» ? Gen yon kontradiksyon nan sa atis la di a si nou dakò efektivman yon «G» se yon «real». Men tou, nou ta ka mande si se pa yon mwayen / estrateji atis la itilize pou li abouti ak yon finalite. Èske yon «G» se pa sa a tou k ap etidye posibilite pou li rive atenn yon objektif espesifik nan yon tan presi ? Nou panse repons la kapab wi men li trè paradoksal.
Mo «G» kapab konsidere tou kòm yon mòdvi nou obsève lakay anpil jèn (gason kòm fi) an Ayiti ki eksprime atravè yon sosyolèk, sètadi yon mòd pale ki egziste lakay yon gwoup sosyal byen presi. Nou di sa paske nou doute anpil yon moun ki nan kategori laj 40 / 50 an ap itilize mo sa a jan li itilize jounen jodi a. Menmsi nou jwenn itilizasyon an lakay anpil atis nan laj karantèn tankou DRZ, Blaze One, men se pa nan sans jèn yo. Sa ki fè jèn yo ba li sans pa yo selon pèsepsyon yo, fason yo panse, pale, abiye ; an brèf, selon jan yo wè reyalite a («vision du monde»). Sa montre aklè gen yon rapò sere ant fason jèn yo wè reyalite a ak fason yo eksprime reyalite a.

«Ti Jak vin nan fèt la, li pa konpòte li an «G gason» menm.» Nan egzanp sa a, lokitè a bay enpresyon gen yon konpòtman preskri preyalab Ti Jak dwe genyen si li vle alamòd nan sans yo. Se kòmsi ou ta di jèn sa yo kreye yon ansanm nòm sosyal ki enstitye yon fason tasit lakay yo. Puiske Ti Jak pa konpòte l «an G gason», alò li pa «G gason». Evidamman tou depann de kontèks lokitè a fè enonse a, nòm yo ka varye de yon kontèks avèk yon lòt. Paregzanp, li posib se paske Ti Jak pa abiye twò fre ; li yon jan mòlòlò kòm gason, li gen yon postè tankou fanm ; li petèt gen yon langaj ki twò soutni tou parapò ak espas yo ye nan moman enonse a fèt la.


Parapò ak fason jèn sa yo konpòte yo nan monn pa yo a, nou ka di yo konstitye yon mikwo-sosyete. Men sosyete an jeneral gen nòm yo tou yo toujou vle anseye endividi yo. Gwoup jèn sa yo ta renmen etann nòm pa yo plis pou yo jwenn plis aderan. Se pretansyon tout fenomèn k ap nòmalize : jwenn plis aderan. Anfèt, nou vin gen de (2) tip nòm. Pa egzanp

[Kontèks : yon pwofesè mande yon elèv kite klas la.]

Pòl, kite mete ou debou.

M p ap kanpe non pwòf la.

M di w debou wi, elèv.

Pòl p ap kite klas la non – «an G» !


Si yon pwofesè mande yon elèv kite klas la se paske gen yon koz. Swa elèv la ap pale anpil nan klas la, li anpeche kou a dewoule byen… Elèv la refize obeyi pwofesè a epi tout klas la kanpe ak elèv la. Sa montre nan kontèks sa, an «G» tradui yon lèse-ale, yon lèse-fè lakay elèv yo. Se vre sa tradui yon solidarite avèk elèv la men se yon solidarite ki pa nan avantaj elèv la. Yon solidarite ki ap fèt nan «non respè» prensip. Nou jwenn mòd solidarite sa tou nan yon bout videyo k ap sikile sou facebook kote plizyè jèn liseyen fè kote youn nan yo di : «Malgre nid besti m pran lari, m still kanpe dan di – «an G» ! »


Si nou ta dwe konkli ?


Emèjans nouvo mo ak nouvo ekspresyon yo pa fèt pou granmesi nan lang nan. Sa kontribye nan anrichi lang nan, kit nan nivo leksikal oswa nan nivo semantik mo yo / ekspresyon yo. Sa se nan nivo lengwistik. Emèjans la tou kapab yon dyagnostik sou sante sosyete a tou paske lang nan se yon mwayen pou eksprime reyalite sosyal yo. Alorijin, nou wè ekspresyon «O G» a tradui yon pozisyon parapò ak yon reyalite sosyo-ekonomik kote rapè ameriken yo chwazi eksprime reyalite moun ki pi mal yo. Pozisyon sa a devni yon opozisyon parapò ak lòd legal yo. Pou atis yo kenbe opozisyon sa a, yo di tèt yo lavi ou lanmò (To be or not to be), yo se Gangstè orijinal : «Original Gangster» (O G). Se menm sans sa ekspresyon an tradui nan kontkèks rap an Ayiti.


Sepandan, ekpresyon an pa gen anyen pou wè ak sans orijinèl li lakay jèn yo : jèn lokitè ayisyen yo sèvi ak mo «G» pou eksprime fason yo wè pwòp reyalite pa yo. Nou wè ekspresyon «an G» tradui yon lèse-ale, yon lèse-fè atravè yon ansanm konpòtman yo enstitye menmsi yo pa toujou konsyan de sa. Nou wè tou itilizasyon ekspresyon «an G» a itilize pou eksprime yon estrateji ki pa gen anyen pou wè ak «G» lakay lokitè a pou li rive atenn yon objektif espisifik. Sa ki parèt paradoksal (Pa egzanp lakay atis Murphy). Yon lòt kote, lè jèn yo di yo kanpe «an G», sa eksprime yon bravou, yon rebelyon parapò ak yon lòd, yon prensip. Nan sans sa, nou remake «G» rejwenn sans orijinèl li jan sa ye an anglè, yon «Gangsta». Jèn ki akwoche ak itilizasyon mo «G» a vle mete konpòtman sa a lakay lòt moun pou rive gen plis aderan. Se nan sans sa yo di tèl moun kanpe «an G», tèl lòt pa kanpe «an G». Men sa pou nou konprann nan koze sa a alaverite, sèke nouvo nòm sa yo pran nesans parapò ak yon ansanm nòm ki egziste deja nan sosyete a ; sa tou montre gen disparisyon (nan) nòm sosyal yo lakay lokitè sa yo. Se egzakteman sa konsèp «anomi» an lakay sosyològ Emile Durkheim pèmèt nou konprann.


Tout emèjans ak evolisyon semantik sa yo rive posib gras ak fenomèn ki rele analoji nan lang kote lokitè yo kreye yon rapò ant de (2) bagay oswa de (2) fenomèn ki pa te gen ankenn rapò antre yo nan kòmansman. Gras ak analoji a, lokitè yo mete de (2) sityasyon an relasyon menm si yo pa te gen relasyon puiske kontèks / sityasyon lokitè yo pa toujou menm. Men nou pa apwofondi koze analoji sa a nan atik sa pou rezon espas [11].

Kisa nou ka di finalman ? Sa montre aklè lè yon lang prete yon mo oswa yon ekspresyon nan yon lòt lang, li pa rete esklav sans mo a pou sa ; se lokitè yo oswa yon ansanm lokitè ki bay mo a sans parapò ak reyalite sosyal yo ap viv. Se sa nou jwenn egzakteman lakay jèn yo. Kidonk chak lang granmoun lakay yo. Prete mo pa fè li tounen timoun pou sa.


Se vre atik sa a pote nouvo kichòy pou nou ogmante konesans nou, antouka nou espere, men li gen limit li tou. Si nou di fason jèn yo itilize mo «G» oswa ekspresyon «an G» pa gen anyen pou wè ak sans orijinèl la, an reyalite nou pa gen ase done sou lokitè anglofòn yo, sitou nan pale enfòmèl yo, pou nou rive fè gwo deklarasyon sa a. Toutfwa travay sa a rete pètinan puiske rechèch nou fè yo rete nan nivo rap sèlman. Sa ki fè travay sa a mande pou li ta kontinye. Chèchè ki enterese ak kontinyite a ta ka gade si mo «G» oswa ekspresyon «an G» pa konstitye yon «fozanmi » nan kreyòl ayisyen an sitou nan fason jèn yo itilize mo a oswa ekspresyon an.

Nòt ak referans


[1] Nou pwodui refleksyon deja sou kèk nan mo nou site yo nan liv nou ki gen pou parèt pa lontan ki gen pou tit Langue, société et musique en Haïti nan edisyon Connaissances et Savoirs (an Frans).


[2] Lektè yo ka konsilte refleksyon nou fè deja sou ekspresyon Timoun demil «Quand les slogans révèlent des mécompréhensions partagées : le cas des Timoun 2000», Le Nouvelliste / Le National, fevriye 2022.


[3] An nou siyale mo «Gee» egziste nan anglè enfòmèl. Li make yon entèjeksyon ki tradui yon etonasyon. Sous : Larousse anliy. Disponib sou https://www.larousse.fr Nou sèten se pa nan sans sa a lokitè ayisyen itilize li.


[4] Selon diksyonè L’internaute [en ligne], disponib sou : https://www.linternaute.fr/dictionnaire/fr/definition/gang/


[5] Clément Decault (2017), « Le Gangsta rap : entre résistance et marchandisation. », Volim 26, Nimewo 1. Disponib sou https://www.ficsum


[6] Al wè « Que signifie ‘‘OG’’ dans les noms de weed ? » Disponib sou : https://www.newsweed.fr


[7] Al wè Govain Renauld (2014), Les emprunts du créole haïtien à l’anglais et à l’espagnol, Pari : L’Harmattan.


[7] Al wè Govain Renauld (2017), « Le cas de l’analogie dans les créoles à bases lexicale française de la Caraïbe », disponib sou https://doi.org/10.4000/ced.941


[8] Dorcé Francklyn (ki gen pou parèt), Langue, société et musique en Haïti, Edisyon Connaissances et Savoirs (an Frans).


[9] Hagège Claude (2012), Contre la pensée unique, Pari : Odile Jacobe


[10] Dorcé Francklyn, « Quand les slogans révèlent des mécompréhensions partagées : le cas des « Timoun 2000 », Le Nouvelliste, 11 février 2022.


[11] Dorcé Francklyn et Saint-Jean Richardson (2022), « Pour une analyse sémantique des slogans en créole haïtien. Cas de ‘‘Kwense moun met moun, foulay et Bwa kale’’. », Potomitan, 26 décembre 2022.


[12] Al wè Paul Moles (2017), Étude sémantique des analogies utilisées dans le discours de la presse parlée en créole haïtien, Memwa Mastè, Fakilte Lengwistik Aplike/Inivèsite Leta Ayiti


[13] Al wè tou Dorcé Francklyn (2022), Étude philosophique et sémantique des noms propres en créole haïtien, Memwa Lisans, Fakilte Lengwistik Aplike/Inivèsite Leta Ayiti.