Kòman pou kòmante yon woman? Kesyon anpil moun ki renmen literati ap poze san rete. Men, se yon travay ki mande anpil atizay, sitou yon metodoloji ki solid. Di yon otè: « Liv ou anfòm » san di anyen ankò, se prèske yon jouman. Yon bon kritik dwe ka itil otè a, swa pou l fè travay la pi byen, oubyen pou l avanse.

Kòmante yon woman pa yon senp travay. Nan atik sila, nou ap pwopoze ou kèk sijesyon ki pa preskriptiv, men ki ap ka ede ou nan travay sila.

Men ansanm pwen , nou sijere ou byen konprann pou fè analiz oubyen kòmantè yon woman:

     >> Entrig la

Eske ou santi istwa a enteresan, èske w te ret konekte pandan ou ap li tèks la, èske lekti a te nwizib ? Ki pasaj ki plis frape ou ? èske fen istwa a fè ou plezi ou non ? èske ou santi tèks la koyeran, si non, kisa ki parèt enkoyeran pou ou ? èske ou santi gen yon vrèsanblans nan sitiyasyon yo ? èske entrig la kenbe ? èske liv la te kenbe w soti nan kòmansman rive nan fen ? konbyen tan ou pran pou li li. Eske w li li nèt ? si non, konbyen paj ou rive li ? èske w te sote paj ? èske gen paj ou te fè lekti dyagonal ? daprè ou menm, ki prensipal kalite entrig la ? ki defo li genyen ? kisa k ka fè w di entrig la orijinal ou non ?

            >> Pèsonaj yo 

Ekse pèsonaj yo vrè oubyen se kèk estereyotip ?

            >> Dyalòg yo

Eske dyalòg yo reyisi, èske yo vivan ? èske yo fè entrig la pwogrese ?

            >> Deskripsyon yo 

Eske yo bèl, itil ? èske yo ajoute yon eleman nan resi a oubyen yo la sou fòm ?

            >> Panse pèsonaj yo

Eske pèsonaj yo panse ? èske panse yo enteresan ?

            >> Emosyon lakay pèsonaj yo 

Eske pèsonaj yo gen emosyon ? si wi, èske emosyon sa yo vrè, konplèks oubyen initil ?

            >> Sansasyon lakay pèsonaj yo 

Eske pèsonaj yo gen sansasyon ?

            >> Relasyon pèsonaj yo

Eske relasyon pèsonaj yo parèt vrè menm jan nan lavi reyèl ?

            >> Naratè a

Eske ou tande yon vwa ki ap pale nan resi a ? Yon vwa ki kenbe menm frekans lan soti nan kòmansman tèks la rive nan fen li. (Nan ka yon sèl naratè) ?

            >> Ton an

Eske gen yon Ton nan resi a ? èske l pa chanje depi nan kòmansman tèks la rive nan fen li ?

            >> Enèji  

Ki enèji ki anime liv la ? èske li koresponn ak entrig la ?

            >> Otè a 

Eske sa ki rive ou bliye otè pandan yon moman nan lekti a ?

            >> Lektora a

Daprè ou menm, ki otè ideyal yon liv konsa ? Nan kèk fraz, drese pòtre li.

            >> Lang lan (ekriti ak estil) 

Eske resi a literè ? èske ou santi gen yon travay sou lang ki fèt nan resi a ? Yon fason pèsonèl otè a itilize lang l ap ekri a ? oubyen, èske lang lan parèt efikas, fonksyonèl ? èske ou santi lang lan vivan nan tèks la, oubyen se imitasyon yon estil otè a pa twò byen metrize ?

            >> Prezantasyon liv la 

Eske liv la byen prezante, byen ekri, byen ponktye ? èske règ sentak yo respekte ?

            >> Pwennvi yon editè

Si ou te yon editè èske ou t ap pibliye yon tèks konsa ? Ki konsèy ou t ap bay otè a ? èske menm si ou ta remake tèks la pa ka pibliye, ou t ap voye otè a retravay li ?  èske ou pran plezi nan li tèks la ? Li fè w kontan, fè w reflechi… ?  èske l ba w anvi pou li yon lòt liv otè a ?

Pou pi kou : Yon bon kòmantè se yon kòmantè ki itil otè a, evite di li senpman : m renmen liv ou a. yon kòmantè itil se yon kòmantè ki sensè, ki pa ezite di otè sa kip a twò byen mache. Kidonk, yon bon kòmantè se yon kòmantè ki di sa ki pa twò byen mache nan tèks la.            

Marvens Jeanty

6 septanm 2021

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay !

Sous: https://www.monbestseller.com/actualites-litteraire/15146-comment-analyser-un-roman-comment-le-commenter?sstc=u64697nl15187