Nou pa fouti peche si nou deklare lavi gen tout bèlte li paske nan kè chak moun li chita yon jan. Yon jan, ki fasilite n sèvi ak nanm nou pou n ba li koulè ak fòm nou pi pito. Kote genyen ki fè lòt aktivite jwe wòl de je nan tèt yo, gen lòt ki pa nye anyen, e ki chwazi bay literati mennen bak lavi yo. Se nan dezyèm kategori a nou kwaze Jean Marc Fleurimond, powèt ki aprann konn kadans, pwen sansib ak mezi gouyad ekriti pou li akouche michan tèks san rete.

Jean Marc Fleurimond ki gen ti non jwèt Flejmarc, tonbe nan bra lanati jen 1989, nan komin Kwadèboukè, depatman Lwès peyi dAyiti. Li etidye Jesyon, epi li se pwofesyonèl nan Teknik enfòmatik ak Jounalis.

Otè plis pase 7 liv, san konte sa li gen nan kouti, li kòmanse met pawòl nan bouch mo yo depi lane 2016, nan sousi pou li kwape move pratik ki sot pou tanpe chak jou lavi ofri li. Prensipal sous enspirasyon li se lanati ak tout sa ki ba li fòs, enèji pou li pran gou lavi. Yon mannyè pou satisfè djòl plim li epi fè kri li rive pi lwen, yon sèl kou li karese plizyè jan literè , tankou :Pwezi, Woman, Resi ak Teyat. San bliye li ekri Kwonik tou.

Dapre ekriven an, literati bay pi bon gou lè li manje ak plizyè moun. Se toujou yon anbyans wòdpòt lè travayè plim rasanble, pran ti chèz ba pou chache oubyen kreye mwayen pou fè tout moun konprann bon sans legzistans, sonje rasin yo, rete djanm pou pa kite mounite yo file ale. Se yonn nan rezon ki fè li pa neglije antre nan plizyè gwoupman literè , tankou : AJDM, Kalbas Ayiti, Sosyete Koukouy, epi CLIHA, pou nou site sa yo sèlman. Yonn nan pi gwo konsèy ekriven an pa sispann bay konpayèl plim li yo : se pou yo kontinye manche plim yo, fè yo batay. Milite san kanpe epi bay letènite fòm jouk lavi fè yan. Yo dwe sonje tou yo pote vwa yon nasyon, e plim yo sifi pou yo ba li lavi. Tankou lòt la di : 2 oubyen 3 nanm ki pataje menm ideyoloji ka chanje yon zòn, yon komin e menm yon peyi. Kidonk, pa pè fè plim nou bay lanmen, menmjan nou dwe mete tèt nou ansanm pou nou chanje eskanp figi lakay.

Ekriven an pa sèlman angaje li nan koze literati. Li se lidè kominotè tou. Li se manm fondatè epi prezidan AJDM (Association des jeunes pour le Développement Meilleur) ; manm fondatè epi direktè Finans POUSAD ( Plan Organisationnel de l’Union Sociale et d’Action Dur) ; sekretè jeneral CRPMM (Comité de Réhabilitation du Parc de Micado de Meyer) ; administratè EXEP (Excellence Ecole Professionnelle), san bliye li se anbasadè Innova-Tech.

Kèk tit otè a :

  • Mo pyese, pibliye avril 2018 ak kont otè.
  • Lanmou Tèt Nèg, pwezi (poko pibliye)
  • Mo yo pyese , pwezi (poko pibliye)
  • Cri endeuillé, pwezi (poko pibliye)
  • Piégé dans le corps, Woman (poko pibliye)
  • Intelligence de Kéké, Woman (poko pibliye)
  • Moyens ages , Teyat (poko pibliye)
  • Chak joug en eleksyon ,Kwonik (poko pibliye)

Pssss: Tout tit ki poko pibliye yo gentan pare, se pandemi kowona ki bloke yo.

Men yon estrè tèks ekriven an:

TÈT NÈG

<<Nou koupe lonbrit nou ak monnen
Domaj !
Nou pran pye manman n
Nan chache bè pou kras dlo
Nou bouske lavi nan loup
Peyi a plen jenn
Ki nwaye nan granmounite l
Twòp woulib pran pou kanni lespwa sòyèt
Enterè sizonnen vant yon latriye fanm
K ap fè chacha ak lonbraj yo
Zafè aprè pòte vach pa chè
Pawòl sa pèdi siyal
Pandan lanmou vin tèt nèg

Nou nan yon syèk mantal gaye
Yon syèk k ap beke zetwal
Yon syèk k ap fè pwomosyon pou janm louvri
N ap dekoud lanmou
Lanmou ap dekoud nou
Li fofile anba pye n
Jodi a nou tout ka wè
Se lonbraj nou k ap ba n rèz>>

Lyen ki ap voye n dwat nan travay ki fèt sou travay otè a

https://lenouvelliste.com/article/188146/mo-pyese-un-recueil-de-poemes-de-jean-marc-fleurimond

Marvens JEANTY
22-05-2020

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
Kreyoliti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.