Nan analiz yon tèks literè, li toujou enpòtan pou nou byen konprann pwosede ekriti ki itilize a, anba jan literè tèks la koube, men tou, ansanm pwosede teyorik ki lyannen chak pwen sa yo. Nan travay sila , nou ap prezante ou lis eleman ou ta dwe konnen oubyen egzamine si tout fwa ou ap analize yon tèks ki koube anba jan naratif.

Jan naratif

Lè nou ap analize yon tèks naratif, tankou yon woman oubyen yon nouvèl paregzanp, li pa toujou fasil pou nou konnen kòman pou nou kòmanse. Nan lis nosyon analiz nou pral bay la yo, menm lè yo pa anpil, nou ret kwè yo pral fasilite ou byen analize nenpòt tèks ki koube anba jan naratif ou ta chwazi etidye.

Jeneralamn, yon resi gen de eleman ki konpoze li: ístwa ak narasyon.
Istwa a se sa nou rakonte a, alòske, narasyon an koresponn ak fason istwa a rakonte a. Nan menm lojik sa, nou ka rive konprann yon sèl istwa ka rakonte plizyè fason. Yonn nan egzanp selèb nou genyen, se ekriven franse Raymond Queneau ki te prezante nan « exercices de style », 99 fason diferan pou rakonte yon istwa. Pi prè nou la, nou genyen ekriven Gary Victor nan kèk travay li ki pa sipann pwouve sa tou.

 Estrikti  naratif.

Lè nou di estrikti naratif, nou vle pale de baz chema yon istwa. Jeneralman, se eleman naratif yo ki defini li paske se evènman sila yo ki fè istwa a avanse yon fason lojik. Li menm pèmèt nou byen fè sènay istwa a, epi byen obsève fason narasyon an trete done fondalnatal resi a.
Si gen yon elatriye fason imajinè nou ka ekri yon resi, li posib pou nou distenge sekans oubyen pati ki souvan repete nan anpil lòt istwa.

Nan sekans sa yo, nou jwenn :

Sitiyasyon inisyal (ki plase nan kòmansman), jeneralman se pati nan istwa kote otè a fè lektè a santi tout bagay poze, nan avanti lekti a nou nan yon sitiyasyon ki estab.

Eleman deklanchè (pètibatè), se pati ki met bout nan estabilte ki nan kòmansman istwa a. Ladan li, souvan gen yon nouvo pèsonaj ki parèt, yon nouvo misyon oubyen yon katastwòf ki deklannche.

Seri evènman naratif, nan pati sa, nou souvan jwenn yon seri chajman ki fèt britsoukou nan istwa a, gen dezekilib, gen evènman nou pat atann, gen transfòmasyon, konfli… pou konsekans, li anpile tout chanjman sa yo pou montre lektè a aklè chay tansyon ki nan tèks la ak sousi pou li mennen ansanm aksyon yo nan bra yon rezolisyon.

Pawoksis (pi wo degre, pi gran moman nan pataj santiman ak pasyon, elatriye), se moman nan resi a kote tansyon ki charye tèks la rive nan dènye limit li.

Denouman, se pati kote otè a fè lektè a santi yo jwenn yon solisyon pou ansanm entrig, tansyon oubyen konfli ki nan resi a.

Sitiyasyon final, se pati kote lektè a santi gen nouvèl lòd ki etabli.

Ps : Li enpòtan nou fè ou konnen, gen otè ki varye sekans yo nan resi yo ap ekri. Yo konn fè sa pou yo kreye yon orijinalite. Nou ka pran Yanick Lahens, Louis Philippe Dalembert, Dany Laferierre… pou egzanp. Kidonk, li pa yon obligasyon pou swiv sekans yo jan nou elabore yo la.

Pèsonaj

Jeneralman, nou genyen kat (4) tip :

Pèsonaj prensipal : li gen gwo enpak sou ansanm evènman nan resi a. Li se pivo tout lòt pèsonaj yo. Li souvan plis kapte atansyon lektè a akoz kalite aksyon li ap poze.

Pèsonaj segondè : Li parèt dèyè pèsonaj prensipal la nan dewoulman ansanm evènman yo. Li mete ewo tèks la oubyen pèsonaj enpòtan an an valè, pafwa li met tou de (2) an valè. Li prezan nan resi a nan moman egzat otè a vle li a.

Pèsonaj enpòtan : Li parèt nan resi a tankou yon moun ki pa ka pa la. Li gen enfliyans ousinon pouvwa sou tout sa ki konsène pèsonaj prensipal la. Li ap swiv pèsonaj prensipal la nan tout resi a.

Pèsonaj figiran (pèsonaj akseswa): Li pa vrèman parèt nan dewoulman evènman yo. Yo senp pale de li pandan yon ti kras tan. Li plis parèt nan dekò resi a pou ka kreye anbyans oubyen ajoute aparans verite (vrèsanblans).

Jan nou fè santi sa nan entwodiksyon an, yon pèsonaj se sant enterè yon istwa. Nou ka abòde yo plizyè fason, epi fè deba sou entansyon yo nan tout resi a. Sepandan, lè nou ap analize pèsonaj nan yon istwa, gen twa (3) kesyon pou pi piti nou dwe chache byen reponn.
1- Kiyès pèsonaj sa yo ye ?
2- Kisa yo vle ?
3- Kisa yo reprezante ?

❖ Pou nou reponn premye entèwogasyon an, nou dwe bat pou nou prije resi a jouk nou jwenn tout enfòmasyon yo bay sou pèsonaj yo. Enfòmasyon tankou : laj yo, estati sosyal yo, trè karaktè yo, pase yo, fanmi yo, zanmi yo, elatriye.

❖ Pou sa ki konsène dezyèm entèwogasyon an,li enpòtan pou nou konnen, aksyon pèsonaj yo poze, sitou aksyon pèsonaj prensipal yo, se souvan yon kèt ki akouche yo, swa sou lòd dezi yo oubyen volonte yo. Se kèt sila ki detèmine tout sa pèsonaj yo ap gen pou fè, e se ansanm aksyon sa yo menm ki reprezante motè istwa a. Nou dwe santi gen yon rapò dinamik ki tabli ant sa ki pa ale nan menm liy ak kèt la ( ènmi, obstak materyèl, elatriye) ak sa ki la pou ede yon pèsonaj jwenn sa li vle a (zanmi, kalite, zam, fòtin, objè ki gen valè, elatriye).

❖ Pou nou byen fè sènay twazyèm entèwogasyon an, li bon pou nou konnen dèyè chak pèsonaj se souvan la entansyon otè a kache. Pèsonaj yon istwa se yon moun otè a akouche sou papye, e ki souvan gen yon egzistans ki pa fin reyèl. Poutan , yo enteresan anpil paske yo reflete sa moun ye. Li enpòtan tou pou nou pa trete pènosaj yon istwa tankou yon moun ki ta egziste tout bon nan lavi reyèl la, men li bon pou reflechi sou valè senbolik li. Pou sa, fòk nou byen gade ki tip moun pèsonaj la reprezante, e ki aspè nan kondisyon moun li ap vann, temwanye, oubyen revele.

Kad kontèkstyèl nan narasyon

Toujou nan sousi pou nou ede ou dekouvri eleman esansyèl nan analiz tèks naratif, apre nou fin prezante ou tèm « pèsonaj», nou kwè li enpòtan pou nou kontinye ak eleman nou rele « kad kontekstyèl » la. Nan nenpòt resi a, entrig la ap dewoule, e ansanm pèsonaj yo ap evolye nan yon kad kontekstyèl egzat, nou menm ki ap mennen yon analiz sipoze ka rekonèt epi byen entèprete li.

Nan kad kontekstyèl, nou jwenn jeneralman “kad tanporèl” ak “kad espasyal”.

Nan kad tanporèl la nou detèmine moman ansanm aksyon yo poze ( epòk, ane, sezon, mwa, jou, lè, elatriye.) epi dire yo (de “2” zan, yon “1” mwa, “1” jou, elatriye).

Pou sa ki konsène kad espasyal la, li enpòtan pou nou ka jwenn eleman ki voye nou dwat nan espas dramatik la (kote istwa ap dewoule a) : kontinan, peyi, vil, lakanpay, kote anndan/kote deyò, pyès kay ki ouvè/pyès kay ki fèmen, anba lakay, elatriye.
Se yonn nan rezon ki fè, diferan ak sinema ki souvan gen tandans plase aksyon yo nan yon espas byen detèmine, nan resi a li pa twò nesesè pou yo dekri ansanm kote istwa ap dewoule a. Men, endikasyon ansanm kote yo enpòtan anpil paske yo pa inosan.

Lè nou ap etidye ansanm ‘kote” nan yon narasyon, li enpòtan anpil pou nou swiv twa “3” etap sa yo:

1- Fè yon deskripsyon an detay (envantè) sou ansanm kote yo epi pran nòt sou chimen chak pèsonaj ap swiv pou yo soti yon kote ale nan yon lòt (itinerè)

2- Detèmine siyifikasyon senbolik chak kote yo.

3- Chache fè lyen ant chak pèsonaj yo ak kote yo asosye a ( nan yon nivo, chak kote yon pèsonaj ap evolye prezante imaj li).

Eleman  kontekstyèl

Lè nou di eleman kontekstyèl nou vle pale de ansanm eleman ki sèvi dekò ak  objè ki nan anviwònman yon istwa. Nou vle pale tou, de  referans ki fèt ak kèk enstitisyon, rejim, valè moral, sosyal kiltirèl, ideyolojik  politik ousinon ekonomik. Nan yon resi, eleman kontekstyèl yo souvan anpil e yo varye. Pafwa kèk nan yo konn domine tout istwa, kèk lòt  absan. Pou sa , li enpòtan pou nou byen konprann anvan nou  entèprete yo. Eleman kontekstyèl yo se sa nou ta ka rele tou : zouti ki revele lektè a tout  sans ak koyerans tèks la

An nou bay plis detay sou chak kontèks .

Kontèks politik: Li prezan e li dominan nan resi a lè aksyon ki ap dewoule yo chita sou sa ki konsène kesyon pouvwa, lit oubyen konfli. Lè konsa, otè a montre aklè gen yonn oubyen plizyè pèsonaj ki ap lite pou posede yon bagay. Nan faz sa, nou jwenn : dirijan/direje, gouvènan/gouvène, , elatriye). Nou ka sezi kontèks politik la tou, lè nan istwa gen yon ansanm manisfestasyon ki ap fèt pou pouvwa nan yon enstitisyon (sivil, jiridik, sosyal, elatriye).

Egzanp : Yon resi ki pale sou pwosè ki mete fas a fas lapolis ak yon gwoup moun ki ap defann dwa yo.

Kontèks sosyal : Nou santi prezans kontèks sosyal la nan kèk aspè ki pwòp ak mòd òganizasyon yon gwoup endividi.  La nou ka pale de enpòtans endividi yo, soti nan pi wo al nan pi ba a, fason nou detèmine wòl endividi a sou baz ran sosyal, nan enstisyon yo, fanmi an, travay la, apatenans seksyèl li, elatriye.

Kontèks ekonomik : Kontèks sila prezan nan kèk aspè ki lyannen ak mòd pwodiksyon, distribisyon ak konsomasyon ansanm byen yon sosyete. Lè sa, nou ka pale de lajan, pouvwa moun genyen pou achte, envestisman, enflasyon, richès, povrete, elatriye.

Kontèks kiltirèl : Pou sa ki konsène kontèks sa, se ansanm aspè ki lyannen ak mòd represantasyon, mwayen ekspresyon yon endividi oubyen yon kolektivite itilize pou li manifeste rapò li genyen ak sa ki reyèl, ak sa li ap viv. La nou ka pale sou pati  nou wè koutim ak  mès yon pèp parèt nan istwa a, travay atistik kominite a, syans, teknoloji, fason yo abiye, elatriye.

Kontèks ideyolojik : Kontèks sa prezan nan aspè ki lyannen ak kwayans, valè epi sistèm panse yon endividi oubyen yon kolektivite nan plizyè domèn.

Ps : Si analiz kad kontekstyèl yon tèks pèmèt nou sitiye li nan tan li ak espas li, se ansanm eleman kontekstyèl dominan yo ki la pou òganize, estriktire epi ankadre tout siyifikasyon resi a. Dayè , prensipal fonksyon kontèks la, se voye lektè a  fas pou fas ak reyalite istwa a ap vann nan, ki li menm se imaj ki la pou rann tèks la pi klè (ilistrasyon).

Tèm

“Tèm” soti nan “thema” ki vle di “tout sa ki poze”. Jeneralaman se tèm nan ki voye nou nan nannan sijè tèks la. Li pran nesans a pati yon ide nan narasyon an ki reflete fason otè a konprann kèk reyalite.

Tèm yo souvan chita sou aspè ki lyannen ak kondisyon moun ap viv. La nou pale de : lanmou, lanmò, sosyete, jistis, konesans, angwas, plezi, elatriye. Tèm yo ka varye soti nan yon tèks al nan yon lòt. Yo ka filozofik, sikolojik, sosyolojik… Pafwa, yo parèt anpil, pafwa yo vag, men yo toujou pote yon koulè anplis, yon dimansyon patikilye nan tèks la.

Nan yon zèv, valè yon tèm ka varye . Konsa, nou rele “tèm prensipal”, yon tèm nou santi prezans li nan tout kò tèks la, e ki gen yon enpòtans kapital. Tèm prensipal la souvan lye ak mesaj otè a vle livre a, nan fason pa li pou li entèprete monn lan. Nan fason pa li pou li abòde tèm nan, otè a dwe pote yon rega tou nèf, mete lektè a bab pou bab ak entrig yo, evite kliche. Dayè, abilite yon otè genyen pou li prezante tèm yo souvan jwe an favè kalite zèv la.

Nan tèm prensipal la, nou jwenn kèk sou-tèm (tèm segondè), ki devlope nan kèk pasaj nan zèv la. sou-tèm yo lye anpil fwa ak tèm prensipal la, e yo pèmèt nou pi byen entèprete li. Men tou, sa konn rive nou esplwate sou-tèm yo nan digresyon ( pati nan yon diskou ki elwanye sijè a) tèks la, e yo pèmèt nou preszante yon lòt fasèt nan prewokipasyon otè a.
Paregzanp , nan yon woman tankou « Bel ami », Guy de Maupassant ekri, tèm prensipal la se « arrivisme ‘arivis’ », pèsonaj presipal la « Bel ami » jwe wòl la. sou-tèm yo ka : sediksyon, kondisyon fanm , jounalis, lanmò, elatriye. Li enpòtan pou nou konnen tou, pèsepsyon tèm yo ka chanje soti nan lektè al nan yon lòt. Fason pou nou idantifye yo, e menm fason yo klase souvan akouche gwo deba, men ki enpòtan anpil pou lavi zèv la.

Tip naratè

Anvan nou konnen tip naratè yo, nou kwè li enpòtan pou nou konnen : kisa yon naratè ye ? Nan yon resi, nou rele  naratè  moun ki rakonte istwa a. Li ka absan nan istwa, konsa tou, li ka patisipe ladan li.

Li absan lè li pa yon pèsonaj nan istwa a. Lè konsa, resi a ekri ak twazyèm pèsòn  (itilizasyon pwonon « li ».

Li prezan lè li se yon pèsonaj nan istwa a. Lè konsa, resi a ekri ak premye pèsòn (itilizasyon pwonon « mwen »).

 Nan ka sa, nou pale de :

Naratè sijè : Si naratè a se pèsonaj prensipal istwa a.

Naratè temwen : Si naratè a okipe yon plas segondè, si li ap rakonte istwa yon lòt moun.

Fokalizasyon ( pèsepsyon naratrè a)

Fokalizasyon koresponn ak pèsepsyon naratrè a sou istwa a. Vizyon li ka konsyan, omnisyan, enteryè, konsa tou li ka pa ni enteryè ni eksteryè.

Vizyon li omnisyan lè li parèt siperyè anfas  tout lòt pèsonaj nan istwa a. Naratè omnisyan konnen prezan, pase e menm avni tout pèsonaj nan resi a. Li konn panse sekrè yo. Li ka jije panse yo ak aksyon yo. Li ka fè aranjman nan aksyon yo e menm entèveni nan istwa a.

Vizyon li enteryè lè li egal ego ak pa yon sèl lòt pèsonaj. Naratè ki posede vizyon enteryè a pa ka konnen lòt bagay pase sa yon lòt pèsonaj ka konnen , sa vle di, li ka konn pase li , prezan li, men pa avni pèsonaj la, panse li , emosyon li ak sa ki ap pase anndan li. Sof si li ta rive devine yo!

Vizyon eksteryè ak vizyon ki pa ni enteryè ni eksteryè.

Se lè naratè a konn mwens bagay pase lòt pèsonaj yo. Se vizyon yon pèsonaj ki ret deyò istwa a epi li ap obsève.

Oganizasyon   tanporel

Tout  istwa ki ap rakonte twouve li nan yon tan espesifik. Naratè a li menm ka entèveni nan tan sa epi modifye li, yon fason pou fè resi a pi efikas. Nan ka sa, li ka jwe ak vitès narasyon an, entegre ripti tanporèl yo epi pran libète sou frekans ansanm evènman ki rakonte yo.

Se rapò ki genyen ant tan istwa a ak narasyon an ki tabli sa nou rele vitès narasyon an.


Nou genyen senk (5) vitès narasyon :

-deskripsyon,
-resi ralanti,
-absans modifikasyon,
-resi akselere

– elips naratif.

Nou gen deskripsyon lè istwa a fè yon ti kanpe pou pèmèt naratè a dekri yon pèsonaj, yon objè, yon kote, elatriye .

Nou nan « resi ralanti » lè tan narasyon an pi lan pase tan istwa a. Nan ka sa, naratè a ka pran anpil tan pou l dekri yon evènman k ap dewoule rapid . Egzanp : lè gen yon aksidan ki rive britsoukou.

Nou gen absans modifikasyon lè vitès narasyon an koresponn ak vitès istwa a. Paregzanp , lè gen dyalòg ant pèsonaj yo.

Nou gen « resi akselere  » lè tan narasyon an pi kout pase tan istwa a. Paregzanp , lè naratè a ap rakonte nan yon sèl paragraf plizyè evènman ki pase nan plizyè ane.

Nou gen « elips naratif  » lè narasyon fè yon ti neglije yon evènman pou li rakonte yon lòt. Nou ka remake « Elips naratif  » la ak endikasyon, tankou: yon ane  apre, mwa pwochen, elatriye.

Sous :

  • Carole Pilote, (2000), Guide des procédés d’écriture et des genres littéraires, Beauchemin, Québec.
  • Jean-Joseph Julaud, (2005), La littérature française pour les Nuls, Editions First, Paris.

26-08-2020

Jeanty Marvens

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

@KreyoLi pou yon politik lengwistik ak jèvrin.