JAN DRAMATIK
Mo teyat la soti nan mo grèk ki vle di « bagay moun gade ». Pou sa ki konsène mo dram nan , nan etimoloji li, li vle di « aksyon ». De tèm sa yo esprime esans mo teyat la : yon aksyon de (2) ou plizyè aktè entèprete devan yon piblik. Vokab atizay dramatik la deziye alafwa ekriti ak prezantasyon teyatral la, e li konfime estati patikilye tèks dramatik la nan literati a tankou sipò yon reprezantasyon, ki, li menm sèlman ka fè parèt siyifikasyon zèv la nan tout konpatiman li. Pou rezon sa, li yon teyat pa sèlman vle di dekouvri yon fab ( nan laten fabula, « resi » ), men, se tou, egzèse esperyans espektatè yo pandan ou pa fouti koupe je sou eleman kle komikasyon teyatral la ki se piblik la menm.
Konpozan
Tèks dramatik la konpoze ak de (2) tip enonsyasyon : yon kote nou jwenn didaskali ( endikasyon sou sèn) ki pèmèt otè a presize, ki kote, kilè, kòman, e kiyès ki pwononse dyalòg la. Yon lòt kote, nou jwenn dyalòg ant pèsonaj yo. Kidonk , tèks dramatik la fasil pou idantifye : replik ki vini anvan non pèsonaj ki pwononse yo a. Se yon diskou ki sipoze prezans yon emetè ak yon destinatè.
Didaskali
Tèm didaskali a deziye endikasyon sou sèn otè a note yo nan dyalog yo. Li endike dekò, atitid ak ton aktè yo adopte. Didaskali yo pa vrèman fè pati tèks dramatik la paske tèks dramatik la se denyè sa aktè yo di pandan yo ap ofri prestasyon sou sèn nan ki konstitye li. Didaskali yo pito konstitye ak ankadreman ki pi enpòtan pou tèks la, e se pou sa jeneralman yo entegre vèsyon edite pyès la. Nan epòk 17èm syèk, tèks enprime pyès yo pa te tou lye ak didaskali yo, se yonn nan rezon ki fè mizansèn yo vin pi difisil jounen jodi. Didaskali yo ki prèske absan bay libète pou metè an sèn kontaporen yo fè bèl kreyasyon. Sepandan, nou ka distenge lakay dramatij aprè-gè yo, tandans pou yo ogmante enpòtans didaskali yo. Nan Les paravents Jean Genet ekri, didaskali yo prèske gen menm enpòtans ak dyalòg yo. Twa (3) rezon ka esplike evolisyon sila. Dabò, pyès li yo ekri byen pou yo li e pou yo jwe alafwa. Answit, otè dramatij pa souvan satisfè ak wòl ekriven yo sèlman. Li vle, nenpòt fason an, pote sou zepòl li mizansèn pyès li a. Pou fini, nou ka santi enfliyans Antonin Artaud ak yon efè ekilibraj ant tèks la ak lòt eleman espektak teyatral la.Yon pyès ki gen anpil didaskali sanble nan fason li ekri ak yon senaryo sinema.
Dyalòg
Esansyèl tèks dramatik la konpoze ak dyalòg, sa vle di echanj vèbal ant pèsonaj yo, e konposant sa konstitye esans teyat la menm paske se nan dyalòg yo relasyon ant pèsonaj yo espoze. Selon jan ak epòk la, yo ekri an vè (jeneralman ak aleksandren, ak rim plat) oubyen an pwoz. Men, dyalog la pa espesifik ak teyat la. Nan Antikite, li te yon jan ki granmoun tèt li: Se la nou jwenn dyalòg filozofik. Men , jan sa pa gen anyen pou wè ak teyat, e dyalòg Platon yo paregzanp, pa gen okenn finalite senik. Se pito, kèk agimantasyon dyalektik sou fòm dyalòg Platon te konsidere tankou yon fòm pi vivan pase trete nan epòk la. Jan naratif la ( woman, kont, nouvèl) genyen tou kèk pasaj dyalòg san yo pa pèdi estati naratif la. Tout sa pou nou di , dyalòg nan teyat la gen pwòp espesifisite li.
Espesifisite dyalòg teyatral
Menmlè li ka esprime amoni, lanmou ak konplisite moun pataje, dyalòg nan teyat souvan vyolan, e mete aklè afwontman de (2) volonte kote yonn vle domine lòt. Sa ka menm rive nan yon veritab lit klas sosyal . Echanj vèbal ki nouri ak konfli sa yo ka pran fòm sediksyon oubyen twonpri, e an menm tan devwale espektatè yo bèl pwisans lapawòl charye. Dyalòg nan teyat gen pou fonksyon esansyèl devwale piblik la relasyon konfli, sediksyon, lanmou oubyen konplisite ant pèsonaj yo ak karaktè yo. Poutan, nou pa vrèman ka separe dyalòg yo ak aksyon yo, paske dyalòg la nan li menm akonpli aksyon ekri a : Anvan menm li te voye souflèt la, papa Chimène, nan Le Cid de Pierre Corneille te gentan resevwa kalòt la nan men Don Diegue, sèlman nan remak ki te koud ak jouman li yo.
Diferan tip dyalòg
- Repons rapid, replik (La repartie)
Dyalòg ant de (2) moun pa nesesèman yon echanj ekilibre, sitou si gen kèk replik ki la pou fè valè lokitè a. Dayè, Samuel Beckett pase nan rizib tip dyalòg sila nan Fin de partie. Clov ki mande li : « a kisa m sèvi ? », hamm li reponn : « pou ban m replik ». Men, san nou pa rive nan nivo dezekilib sa, La repartie a souvan gen pou misyon mennen yon replik yon pèsonaj ki fò anpil. Nan trajedi klasik yo, paregzanp, tip dyaòg sa te la pou mete an valè tout sa ki parèt gran, eleve epi nòb. Nou jwen ka sa nan pasaj selèb Horace de Corneille la kote yo anonse Horace yonn nan twa (3) pitit li yo kouri pandan li fin wè de (2) frè li yo mouri ak ènmi li yo ki te soti pou plonje sou li. Papa te santi se wont sa ye, li estime li pèdi onè li pou sa ki pase a. lè yo mande li : « sa ou te swete li fè kont twa (3) moun yo ? », Horace reponn, « Se pou li te mouri tou ».
- Dyalòg kote chak entèlokitè yo reponn vè pou vè (La stichomythie)
Tèm sila deziye pasaj nan dyalòg la ki gen yon rit rapid, kote chak replik de (2) pèsonaj sou sèn yo kout anpil e yo anchennen ak sa ki vini anvan yo. Nan yon pyès ki ekri ak aleksandren, chak replik yon estikomiti okipe espas yon sèl vè, pafwa yon emistich (mwatye yon vè). Pi gwo moman nan yon dyalòg, estikomiti a souvan soulinye aspè ki gen konfli nan pyès la.
- Konvèsasyon ak plizyè pèsonaj (Le polylogue)
Polylogue, jan prefiks la endike li a « poly », deziye yon dyalòg ak plizyè pèsonaj kote vwa yo kwaze yonn ak lòt. Selon entansyon otè a, polylogue la ka chaje amoni, konsa tou li ka tounen yon kakofoni dejenere.
- Dyalòg san sousi kominike (La non-communication dans le dialogue)
An prensip, dyalòg esprime kominikasyon, chak entèlokitè, pou reponn sa yo tande a, dwe byen konprann anvan. Menmsi se ta pou echanje betiz, pèsonaj yo nan yon sitiyasyon kote yonn dwe konprann lòt. Poutan, otè dramatik yo esprime sa nou rele ’non-communication ‘ an nan dyalòg yo. Nan komedi, sa nou rele ‘non-communication’ an li gen pou baz pawòl ak aksyon pèsonaj yo pa twò konprann, pawòl ki pa byen soti, e ki la pou pwodui yon efè komik. Nan Ubu roi, Alfred Jarry fè de (2) pèsonaj ridikil dyaloge, manman ak papa Ubu. Lè manman an ap pale de la Vénus de Capoue, papa Ubu reponn li : « qui dites-vous qu’il y a des poux ? ». Men, nan sa nou rele Nouvo teyat la oubyen teyat absid la, tip dyalòg sa yo, kote pèsonaj yo pa konprann yonn lòt, esprime yon vizyon trajik sou kondisyon moun. Nou jwenn ka sa yo nan la cantatrice chauve d’Eugène lonesco oubyen nan La parodie d’Arthur Adamov. Nan dènye pyès nou site a, dyalòg yo se yon seri monològ ki fèt a de (2). Chak pèsonaj pale pou kont li, pandan li fè tankou se ak yon entèlokitè li ap adrese li, men ki pa koute li. Olye sa ta prezante tankou yon chèn kote chak replik sèvi mayon, fòm dyalòg sa se jis kèk moso pawòl ki pa kontinye, e ki montre aklè solitid trajik ki abite moun.
- Sèn kote yon pèsonaj ap pale ak pwòp tèt li (Le monologue)
Yo rele li tou « soliloque », monològ la, nan teyat, se diskou yon pèsonaj ki sou sèn pou kont li, oubyen ki kwè li sou sèn pou kont li. Kidonk, se yon diskou ki pa gen okenn destinatè : pèsonaj la ap pale ak pwòp tèt li. Monològ la pa gen okenn aparans verite nan lavi reyèl li. Se yon atifis teyatral, men ki jistifye tèt li : sa ki diferan ak yon womansye, ki ka sonde panse pèsonaj li yo, dramatij la li menm dwe itilize lapawòl pou esprime tout koze, sinon piblik la pa p gen okenn aksè ak nannan lavi pwotagonis (pèsonaj ki jwe wòl prensipal nan yon pyès teyat) li yo. Konsyan de fo aparans lan, otè dramatik yo souvan geri bosko yo sou diskou ki pa fin vrè, kote konfidan se yon senp oditè diskou lòt la. Lè konfidan an pa la, otè a rann omològ la pi kredib sikolojikman, pandan li pran swen pou li plase li nan yon moman nan pyès la kote pèsonaj la anba yon emosyon dejenere.
Espresyon yon kokennchenn meditasyon ka sèvi pretèks pou jistifye monològ la tou. Bon aparans relatif monològ la vle sitou pou lespri a, nan moman gwo refleksyon yo, souvan dechire, divize ant divès posibilite pou regle yon pwoblèm.
- Sa yon aktè kòmanse san li pa kanpe nan wout (La tirade)
Yon ka patikilye, la tirade la se yon fòm monològ nan dyalòg. Nou gen tirade, lè replik yonn nan pèsonaj yo parèt yon ti jan long epi siyifikatif nan nivo pou bay enpresyon se yon monològ nou ap tande. Tirade la toujou vle parèt sifi pou pwòp tèt li. Li ka detache ak dyalòg la san li pa pèdi fòs ak otonomi li. Souvan ,se yon rès, yon moso fòs nan dyalòg la. Beaumarchais ki se mèt tirade la, nan le barbier de seville, sèvi ak pèsonaj Basile pou li esprime opinyon pèsonèl li sou pouvwa medizans. Nan jan komik, la tirade du nez dans Cyrano de Bergerac, selèb anpil. Nan yon trantèn vè konsa, Cyrano site tout plezantri yon moun espirityèl ka fè sou pwolonjman pati prensipal yon pyès pandan li pale nan nen sèlman.
- Koze yon aktè di apa (L’aparté)
L’arpaté, jan non an endike li a, se yon replik otè a di apa sou lòt pèsonaj yo san yo pa tande li. L’aparté a se yon ti chanjman britsoukou nan ilizyon dramatik la tou pwiske pèsonaj la adrese li dirèkteman ak piblik la. Menmjan ak monològ la, e menm plis pase li, l’aparté se yon konvansyon ki la menm poufè fas tout sa ki parèt enposib, pou otè dramatik la menm, li la pou fè tande panse sekrè yon pèsonaj pandan li pa sèvi ak lapawòl sèlman. Li sitou itilize nan komedi, kote li make ipokrizi yon pèzonaj gen kont yon lòt li soti pou li twonpe.
- Resi (Le récit)
An prensip, teyat la pa te dwe gen resi ladan li pwiske nati li se montre tout bagay sou sèn pandan yo ap sèvi ak lapawòl epi espektak. Poutan , tout sa otè a pa ka montre sou sèn, li ka fè yonn nan pèsonaj yo di li sou fòm resi. Men, si li twò long, yon resi ka pa byen kenbe rit tansyon dramatik la nan dyalòg yo. Resi a, nan teyat, se yon bann enperatif teknik epi estetik anmenmtan ki jistifye li. Li te ap difisil, paregzanp, pou nou prezante sou sèn mil moun ki ap batay ; kidonk, yon sèn konsa dwe rakonte. Resi a dekri pou espektatè yo aksyon ki twouve yo deyò sèn nan, men tou, deyò tan ki rezève pou pyès la. Yo rele resi sa yo, resi retwospektif ki rakonte aksyon ki pase anvan menm pyès la te kòmanse.
Komik (le comique)
Komik la repoze sou yon dekalaj ant sa nou tande a ak sa ki pwodui tout bon an, ti eka sa ka ofri anpil espektak konsa tou, li ka penetre lespri espektatè yo, e li ka fèt nan plizyè nivo.
Komik sitiyasyon (Le comique de situation)
Lazzi yo, la commedia dell’arte te konn esplwate anpil, konsidere kòm fòm elemantè komik la. Jwèt kou sou sèn, kout baton, lakilbit, ti vire tounen sou pwent pye ak tout sòt ti grimas, komik sitiyasyon an pafwa ka pran fòm ki penetre lespri piblik la.
Komik karaktè (Le comique de caractere)
Komik karaktè a se yon pwosede ki la pou prezante feblès moun sou fòm karikati pandan yo ap met aksan sou kontradiksyon pèsonaj yo, ant lide yo ap vann de yo ak sa yo ye tout bon an, se sa tou ki fè kote ridikil lakay yo a afiche. Yonn nan lòt aspè komik karaktè a se sa yo rele « automatisme » la ki li menm lye ak konpòtman mekanik epi repetitif pèsonaj la, e ki fè li sanble yon maryonèt. Li ka yon otomatis jès oubyen yon otomatis pawòl, nan dezyèm ka a, pawòl la tounen yon koze ki ap repete sansès e ki ap esprime nati ki lye ak obsesyon lakay pèsonaj yo.
Komik langaj (Le comique de langage)
Pwosede komik langaj la laj anpil, e li ka soti nan yon blag ki gwosye rive nan jwèt mo ki ka penetre lespri espektatè yo. Egzajerasyon, defòmasyon lang ak jwèt mo, se ansanm eleman li itilize pou li manifeste.
– Egzajerasyon : yonn nan figi estil ki anplwaye yo se ipèbòl oubyen egzajerasyon ki kreye efè yon pèsonaj teyat komik san mank.
– Defòmasyon lang : aksan, fot langaj, patwa, elatriye, konn sèvi aspè komik nan teyat anpil.
– Jwèt mo : jwèt mo, nan teyat, gen anpil privilèj pami tout pwosede komik yo. Gen plizyè espès, kèk nan yo baze sou omonimi (resanblans fonetik ant kèk mo), kèk lòt, tande doub (lè yon pèsonaj bay pawòl li yon lòt sans, li souvan di li tou piti, pou ou santi li sanble ak sans òdinè a).
Kapasite pou byen prezante (Art de la présentation)
Se pa tèks sèlman ki fè zèv teyatral. Li destine pou li prezante. Dayè, teyat la se yon espektak total kapital. Menmsi nou ka pran plezi nan li yon tèks teyatral, menmsi gen otè ki la pou ekri pyès teyat pou fè lekti, teyat la te toujou la sou fòm pyès pou aktè yo jwe sou sèn pou fè yon piblik plezi. Tèsk teyatral la se yon elaman nou ka konpare ak patisyon mizikal. Menm jan yon senfoni egziste sèlman lè tout enstriman yon òkès mete tout vwa yo ansanm, teyat la egzite lè tout tip langaj yo : vèbal, sonò, vizyèl, ini yo pou kreye espektak.
Sous :
– Carole Pilote, (2000), Guide des procédés d’écriture et des genres littéraires, Beauchemin, Québec.
– Jean-Joseph Julaud, (2005), La littérature française pour les Nuls, Editions First, Paris.
27-07-2020
Jeanty Marvens
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLi pou yon politik lengwistik ak jèvrin.

2 Comments
Comments are closed.