Pou m pran bon gou lavi, mezire longè foli, fonn nan mwen ak antouraj mwen, karese lanmou pou m neye tout koulè tristès latè ta akouche, mwen lage m je fèmen nan bra literati. Sèl mistè ki ka met lavi toutouni !
Kòdonatè Kalbas Ayiti , epi Vis prezidan ITIAhaiti, yon òganizasyon entènasyonal ki ap milite pou mete literati, lang ak kilti kreyòl ayisyen an pi wo, James Francisque wè jou anba solèy vil Tòbèk ki nan depatman Sid peyi dAyiti, nan dat 10 jen 1983. Li etidye Ekonomi, Filozofi ak Jounalis .
Literati chwazi met lapat sou James nan lane 2002. Depi lè sa li pi mal pase moun lwa sele tèlman li pa sispann ponn zèv ki swiv lizyè kè ak lespri tout lektè. Otè a akouche enspirasyon li sou papye pou li pataje konprann li ak kapital tout sa ki sot nan sans li. Se yonn nan mannyè li kwè li ap ka rive ede nan pwosesis transfòmasyon sosyal la. Dayè, prensipal sous enspirasyon li se pwoblèm moun pa sispann fè fas nan lavi a. Yon enspirasyon ki sanble pa gen limit si nou dakò ak lòt la ki di : ‘’lavi ak pwoblèm se jimo’’.
Pou byen vize kè tout lektè, otè a fè plim li pran plizyè direksyon. Konsa, li pa sèlman ekri pwezi, men li ekri Esè, Woman, Kont ak Teyat. Li gentan koud plis pase yon trantèn liv, pami yo « Manifès kreyolis » ki pibliye mas 2019 nan Edisyon Freda. Piblikasyon sila se yon pretèks pou otè a lanse yon mouvman literè ak filozofi ki rele « Kreyolis demateryalis sentetik ». Li bati sou lide moun pa sispann sibi yon kondisyònman sosyal ki anpeche yo viv mounite yo jan sa dwe ye. Nan sans sa, Manifès yo ap pentire nesesite pou moun yo rive jwenn dimansyon idantite yo jous yo rive bobo libète kòm moun toutbon.
Otè a gen dezyèm Tòm manifès kreyolis ki pa lwen pou pibliye nan yon koyedisyon ant Freda ak Lanbi. Li genyen tou yon kont ki rele kach kach liben, yon tèks powetik ki rele gouyad libète nan edisyon lakay, e li ap travay sere sere sou yon woman ki ap gen pou pibliye nan edisyon Freda.
Esperyans otè a nan Kalbas Ayiti ak ITIAhaiti fè li viv yon anbyans wòdpòt, kote yo ap bouske san rete yon ayisyanite tounèf lakay chak grenn ayisyen, pandan yo ap pote nouvo eleman ki gen nan nanm nan literati pèp la . Pou travay la byen fèt, James swete tout frè plim li yo pran tan pou chache enèji oubyen jeni literè ki lakay yo paske se la bon gouyad literati a chita. Bagay yo pa fasil, men yo dwe pran kouraj an otaj paske literati dwe manje nan tèt fret.
An nou li yon estrè tèks otè a ki soti nan Gouyad libète :
<< Mo yo Mo yo, se katouch mwen Pou fize pouvwa lapawoli Detere gouyad libète lavi Nan on veritab tranbleman kosmik K ap gouye ak laverite gwo midi Pou repare eskanp figi lòt sezon K ap taye banda nan kalfou verite Pou remanbre tout demanbre Nan on woulawoup espirityalite K ap mache nan on lojik plengrennen Pou fè modènite esplikasyon Ki ansent on nouvo paj lavi Epi, l ap mache sou pwent pye Ak de pwent tete l nan pla men l >>
Men kèk lyen ki ap mennen nou nan travay sou otè a ak zèv li.
Marvens JEANTY
15-05-2020
KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.


3 Comments
Comments are closed.