Figi estil sibtitisyon
Perifraz: se figi estil kote yon espresyon ranplase yon mo pou fè referans ak menm ide a. Lè sa sans li plis chita sou enplisit la.
Egzanp: Site lendepandans Ayiti= Gonayiv
Egzanp: Lang Shakespeare = anglè
Figi estil ensistans oubyen atenyasyon
Ipèbòl: se figi estil kote ou santi gen egzajerasyon nan mesaj ki pase a. Nou souvan itilize l pou nou mete yon ide ousinon yon santiman an valè.
Egzanp: m ap mouri swaf
Egzanp: m gen yon etènite depi m pa wè w.
Marvens JEANTY
24-02-2020
KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.