Nan ribrik figi estil jounen an, KreyoLiti kontan prezante ou « alegori ». Figi estil ki fèt ak analoji, ki pèmèt nou kreye imaj.

Alegori se figi estil ki prezante nou yon ide ki abstrè nan  yon fason ki konkrè e ki gen imaj. Nou souvan rekonèt li gras ak anplwa majiskil nan mo ki abstrè a. Nan pwosesis kreyasyon li, li sanble ak pèsonifikasyon, men li pa pèsonifikasyon pou sa.

Egzanp 1 : Ete amize moun epi li janti  (sezon ete amize moun epi janti)

Egzanp 2:  Libète ki ap gide pèp la.

11-11-2019

Marvens JEANTY

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.

Categories: Uncategorized