Lengwis ki pwodwi atik sa se : Fatima DESGRAVIERS, Mackenson LAPOINTE, Ricardau DUVERNÉ, Jean Rabel ROMILUS, Marie Bébita RENÉ

Rezime

            Nan atik sa a, nou etidye tèm sinonimi an Kreyòl Ayisyen, nou gade sou kisa li chita e  ki paramèt ki enpotan lè n ap pale de sinonimi nan lang sa. Nou moutre sinonimi egziste an Kreyòl Ayisyen gen anpil rapò ak lòt fenomèn k ap pase nan lang lan nan nivo semantik. Fenomèn sa yo se: Sans denotatif / sans konotatif, polisemi, chanjman sans. Nou moutre tou egzistans ni sinonimi relativ, ni sinonimi dirèk la.

Mo kle :  sinonimi, polisemi, leksèm, chanjman sans.

Entwodiksyon

Sinonimi se tèm tout moun dakò itilize pou pale de de (2) leksèm ki diferan sou plan fonoloji ak mòfoloji men ki genyen menm valè semantik. Daprè (Rey-Debove 1997: 98) rezon ki eksplike egzistans sinonimi se kontak lang, rejis lang, kilti ak egzistans plizyè nivo ak varyete lang nan yon menm espas.  Men definisyon sa se pa  tout moun ki dakò ak li. Genyen ki panse  pa ka gen de leksèm diferan nan yon lang ki ta vle di menm bagay «  Je ne crois pas qu’il y ait de mots synonymes dans aucune Langue… je suis très persuadé et j’ose dire assuré qu’il n’y en a point dans la nôtre » (Abbe Gabriel  Girard, 1718) ([1]). Genyen lòt ki pi pridan tankou  (Nyckees, 1998 : 181) ki di tèm sinonimi an: « paraît, pour le moins, extrêmement rare .» Gen lòt tou ki plis panse sinonimi an se yon rapwòchman sans de leksèm kapab genyen nan yon lang. Georges Kleiber nan atik li a ki rele : Synonimie « identité de sens » n’est pas un mythe, li di sinonimi se relasyon semantik ki pi fasil pou defini, pi fasil pou abòde men ki pi difisil tou pou kenbe, li defann egzistans sinonimi  e selon atik la li fè konprann lè nou ap pale de sinonimi se pa sèlman sans pou nou wè men se karakteristik tout mo a pou nou konsidere. Diskisyon sa yo pouse nou al gade nan Kreyol Ayisyen (KA) an nan ki nivo nou kapab konsidere tèm sinonimi an piske dapre sa nou konnen, pa gen twòp rechèch syantifik ki fèt nan lang pa nou (Kreyòl Ayisyen) sou kesyon sinonimi. Èske nan lang (KA) gen leksèm nou ka konsidere ki gen menm sans?  Èske se rapwòchman sans ki  genyen ant 2 leksèm yo ka konsidere kòm sinonim yo? Èske pa genyen okenn leksèm ki ka konsidere kòm sinonim ditou? Objektif travay la se ale gade kòman zafè sinonim nan ye an KA, e gade kòman nou ka verifye egzistans oubyen non-egzistans sinonimi an nan lang sa. N ap pati ak ipotèz ki di sinonimi nan kad idantite sans egziste tout bon vre a , epi nou pral analize kèk egzanp nou pran nan lang lan menm pou nou verifye èske ipotèz sa ka mache. Pou nou fè travay sa a, nou pran egzanp nou yo nan leksèm lokitè Ayisyen yo itilize pou pale de « rad » moun mete sou yo, nou pran leksèm sa yo nan vokabilè nou, e nou itilize diksyonè kreyòl tou pou nou rive chita pi byen sou definisyon leksèm sa yo. Nan travay sa a, nou poze pwoblèm definisyon tèm sinonimi an, apre sa nou poze rapò ki genyen ant sinonimi ak nosyon sans, nou eseye esplike nosyon sans lan epi nou analize done nou yo a pati de nosyon denotasyon / konotasyon, polisemi, chanjman sans.

1- Sinonimi : Yon nosyon ki poko defini

            Sinonimi se yon nosyon anpirik ki ap fè pale de li depi nan peryòd Antikite. Yo ba li plizyè definisyon. Men se lè syans lengwistik (lengwistik modèn) vin parèt sinonimi pral konnen yon definisyon syantifik.

            Yo souvan defini sinonimi tankou yon relasyon semantik ki genyen ant 2 leksèm. Men definisyon sa poko janm chita paske syantifik langaj yo (lengwis) poko dakò sou sa pou di èske relasyon sa vle di leksèm yo gen menm valè semantik oubyen yo gen valè semantik pwòch? Kesyon sa a jiskaprezan ap fè gwo deba nan mitan lengwis yo. Se swa youn oubyen lòt, nou paka di sinonimi se 2 leksèm ki gen menm valè semantik apre sa pou nou di se 2 leksèm ki gen valè semantik pwòch, 2 lide sa yo pa kapab mache ansanm nan domèn lasyans. Zafè menm valè semantik ak valè semantik pwòch sa a fè lengwis yo jwenn kote pou yo diskite sou egzistans ak non-egzistans sinonimi.

2- Yon pwoblèm ki gen pou wè ak sans

            Georges Kleiber[2] kritike fason yo prezante tèm sinonimi an nan diksyonè kote se plis diferans ki gen ant de leksèm ki sinonim yo yo chache. Konsepsyon diferans ki gen nan sans yo  ki genyen nan  sinonimi mete sou kote koze siy lengwistik ki dwe nan rasin sinonimi an menm. Daprè Ferdinand de Saussure Siy lengwistik se : siyifyan + siyifye. Konsepsyon diferans ki gen nan sans lan fè nou chita sèlman sou siyifye a, lè sa nou nan aspè  semazyoloji kote nou pran de mo poun chache sans yo epi rive wè kisa ki distenge yo epoutan se tout siy lengwistik la nou dwe konsidere. Metòd ki ta pi bon si nou ta pati ak aspè onomazyoloji a ki li menm se siyifye a ou pran epi pou chache siyifyan ki mache ak li. Se demach sa menm ki ka pèmèt nou abòde kesyon sinonimi an  paske demach sinonimi an se chache yon sans ki ka kole sou plizyè siyifyan.

3- Kisa sans ye ?[3]

            Si anpil chèchè kondane sinonimi nan prizon sans, li  enpòtan poun konnen kisa tèm sa vle di. Sans ka vle di siyifikasyon, yo kòmanse fè diferans ant de tèm sa yo depi nan  18èm syèk. Pou Nicolas Bauzée siyifikasyon se sans premye mo a, sa nou ka rele sans( pwòp ) la epi  sans lan se lòt siyifikasyon mo a ka genyen nan lòt  kontèks yo ka itilize l , sa nou ka rele sans derive. Yo ka itilize 2 tèm sa yo tou pou fè diferans ant valè semantik yon mo kapab genyen lè l poukont li ak lè li nan yon diskou[4] , yo di siyifikasyon fraz ,yo di sans enonse.  De tèm sa yo ka pase pou sinonim lè analiz semantik la pa fè diferans ant yo.

3.1- Sans denotatif ak sans konotatif

            Sans denotatif se siyifikasyon ki paka varye e tout manm kominote lengwistik la dakò sou li. Sou baz sa a, sans denotatif la se sa nou ka rele sans premye mo a, se li menm yo rele tou sans nan lang.

Sans konotatif la se ansanm sans ki vinn ajoute sou sans premye mo a. sans konotatif la se lòt sans mo a ka genyen apre sans premye oubyen sans denotatif la. Sans konotatif la yo rele l tou sans nan diskou.

            Georges kleiber (2009) prezante nan atik li a agiman ki moutre sinonimi an gen rapò ak tip sans yo. Li site Tamba (1998 :85) ki di kesyon sinonimi an pa chita sou sans denotatif la men  li chita pito sou sans konotatif la.

Apwòch sa a ta sanble itil nou nan kad travay sa a, kesyon sans denote ak sans konote genyen wòl pa yo yo jwe tou nan fenomèn sinonimi an KA.

1- Pantalon / kanson

            De leksèm sa yo se de leksèm ki konsidere an Kreyòl Ayisyen kòm sinonim. Se yon rad ni gason ni fanm mete, li kouvri kò yo depi nan senti rive nan pye, genyen ki kout ki rive nan jenou, genyen tou ki long ki rive jis nan je pye[5]a. Leksèm sa yo, youn ka pran plas lòt nan yon fraz san sans fraz la pa chanje.

Egzanp 1:  Mwen san kanson, mwen p ap soti deyò a.

       Mwen san Pantalon, mwen p ap soti deyò a.

Egzanp 2:  Jewòm mete pantalon long sou li jodi a.

        Jewòm mete kanson long sou li Jodi a.

            Nan 2 egzanp nou sot wè yo, pantalon ka ranplase kanson san pa gen okenn chanjman semantik ki fèt nan fraz la. Men gen kèk ka kote sa paka mache, tankou nan ka ekspresyon idyomatik« gason kanson »yo itilize pou yo pale de yon nèg ki vanyan, brav, elatriye. Pantalon pa fouti ranplase kanson nan ka sa.

Egzanp 1 : Jan se yon Gason kanson.

            Fraz sa vle di Jan se yon gason  ki ka travay, ki fò, ki brav, elatriye. Nan lespri lokiè ayisyen yo, kanson /pantalon se senbòl fòs, kouray , elatriye., lè yon moun nan sitiyasyon difisil yo souvan di li : « mete kanson w (pantalon w) nan tay[6] ou » Nan egzanp 1 an, kanson  pa vle di rad moun mete, li pito tradwi fòs, kouray Jan genyen, sinon li tap yon pleyonas[7]

Lokitè ayisyen yo pa janm di « gason pantalon ». Nan tèt lokitè ayisyen yo, fraz sa pa gen okenn sans :

Jan se yon gason pantalon.[8]

Egzanp 2 : Nèg kansonfè sa yo pa respekte pèsòn.

Ekspresyon « kanson fè »[9] a vle di yon moun ki gen pouvwa, otorite, elatriye. Lokitè ayisyen yo pa gen « pantalon fè » nan vokabilè yo.

            Sou baz sa a, nou wè leksèm kanson an lè li gen yon sans konote leksèm pantalon ki konsidere kòm sinonim li an pa ka ranplase l.

2- Kilòt / pantalèt

            Yo konsidere de leksèm sa yo tankou sinonim an KA. Se ti vètman (souvètman) fi mete sou yo. Li kouvri bouboun ak dèyè[10] yo. Nan sans sa a, gen ka kote kilòt ka ranplase pantalèt san pa gen okenn chanjman sans nan fraz la.

Egzanp 1 : Janèt achte yon bèl pantalèt pou pitit fi li a.

                   Janèt achte yon bèl kilòt pou pitit fi li a.

Egzanp 2 : Fi pa renmen benyen nan larivyè san pantalèt.

                   Fi pa renmen benyen nan larivyè san kilòt.

             De egzanp sa yo moutre, leksèm kilòt ak leksèm pantalèt ka ranplase youn lòt san sans fraz la pa chanje. Men gen kèk  lòt ka kote youn pa ka ranplase lòt tankou :

Egzanp 3 : Jinèt gen kè pantalèt.

            Ekspresyon « kè pantalèt » an KA vle di yon moun ki gen kouraj pou l sipòte lè li nan yon sitiyasyon ki difisil. Pou lokitè ayisyen yo, pantalèt se yon rad ki pase anpil mizè nan egzistans men li pa janm plenyen, li sipòte ak kouray. Se poutèt sa yon moun ki gen menm konpòtman sa nan lavi li yo di ou gen «kè pantalèt». Nan ka sa a, leksèm kilòt pa ka ranplase leksèm pantalèt. Lè leksèm pantalèt nan sans konote li, leksèm kilòt ki  jwe wòl sinonim li an paka ranplase l.

3.2 Polisemi

            An jeneral, polisemi se egzistans plizyè siyifikasyon pou yon menm leksèm, leksèm sa a, yo rele li polisèm[11]. Nan sa ki gen rapò ak etid sinonimi, ta sanble aspè polisemi an make prezans li anpil. Lè de leksèm sinonim, si youn nan yo se yon polisèm, sinonimi an p ap ka mache tout lè paske leksèm ki sinonim yo se yon sèl siyifikasyon yo genyen pou yo de.

3- Kòl / kravat

            Kòl ak kravat se de leksèm an KA  ki ka sinonim lè yo vle di òneman gason mete ki pase anba kole chemiz yo epi li vinn mare pa devan pou l pandye devan bouton chemiz yo.

Egzanp 1 : Jak mete yon bèl kòl wouj pou li ale travay maten an.

                    Jak mete yon bèl kravat wouj pou li ale travay maten an.

Egzanp 2 : Mak pa konn mare kòl.

                  Mak pa konn mare kravat.

            Prensip sinonimi an pa ka mache tout lè ant de leksèm sa yo piske leksèm « kòl » se yon polisèm.

 « kòl » vle di tou pati nan rad arebò kou. Ak definisyon sa a, « kòl » pa ka sinonim « kravat ». Ou ka di kòl mayo oubyen kòl chemiz men ou pa ka di  kravat mayo oubyen  kravat chemiz. Nan ka sa a, leksèm « kòl » ka sinonim leksèm « kole »[12].

4- Chemizèt / kamizòl (kanmizòl)

            Se de leksèm ki vle di menm bagay nan sans se rad gason mete sou yo, anba chemiz yo.

Egzanp 1 : Simon mete yon chemizèt blan.

                   Simon mete yon Kamizòl blan.

Egzanp 2 : Tigason an mete yon chemizèt ki chaje twou ladan l.

        Tigason an mete yon kamizòl ki chaje twou ladan l.

            Leksèm « chemizèt » genyen lòt siyifikasyon ki se yon po fen ki anba gwo po pwès ki sou abriko[13], Yo itilize l menm fason an pou labapen[14] tou. Yo rele po fen sa a « chemizèt » paske menm jan « chemizèt » se yon rad moun mete anba rad, li menm tou se yon po anba yon po, se komsi wòl « chemizèt » la jwe nan abiman an se menm wòl sa po fen an  jwe nan fwi a. Yo di chemizèt abriko, chemizèt labapen. Ni Kamizòl abriko, ni kamizòl labapen pa egziste an KA.

            A pati de egzanp nou sot wè la yo, nou kapab di polisemi an se youn nan fenomèn ki pote yon bemòl nan zafè sinonimi an nan KA. Poutèt leksèm nan  se yon polisèm, sa ka lakoz rapò sinonimi li genyen ak lòt leksèm nan modifye, e leksèm sa a ka genyen de sinonim ki pa gen rapò semantik antre yo ( egzanp kòl / kravat ).

3.3- Chanjman sans[15]

            Chanjman sans se yon konsèp nan semantik ki moutre kòman yon siyifyan kapab chanje siyifye nan yon lang. Chanjman sa  fèt nan twa etap : Nan yon moman T0 nan istwa mo a li gen yon sans S1, apre sa li pral genyen yon sans S2 nan yon tan T1, nan yon tan T2 mo a pral pèdi sans S1 an poul rete ak sans S2 a, men depi nan dezyèm etap la nou ka pale de chanjman sans. Dapre semantik istorik, chanjman sans yo depase volonte lokitè yo, li pa depann de yo. Dapre Antoine Meillet, nan yon atik ki rele : « Comment les mots changent de sens »[16]  se twa koz ki fè chanjman sans : 1) Enfliyans fòm nan  2) Chanjman bagay oubyen konsèp mo a deziye a 3) Diferans ki genyen nan mitan klas sosyal yo, men Nyckees  (1998) ki jwenn enspirasyon nan travay Meillet a pwopoze de gran koz : 1) Koz sosyo kiltirèl  2) Koz ki gen rapò ak fòm nan.

            Nan kad Analiz sinonimi an KA an  ta sanble fenomèn chanjman sans lan li menm tou mete kèk bemòl nan koze sa a si  nou ta pran egzanp tankou :

5- Sandal / sapat

            Sandal se yon soulye ki louvri pa devan, pa dèyè ki moutre ni zòtèy, ni talon. Lokitè yo itilize  Sapat pou pale de menm reyalite a tou. Men leksèm « sandal » vin sibi yon chanjman sans ki gen rapò ak chanjman reyalite objè a. Nan kòmansman, « sandal » se te yon bagay plat, tout sandal te prèske fèt menm jan men kounye a vin gen diferan fòm sandal, genyen ki plat, genyen ki gen talon senp, genyen ki gen talon ki wo anpil[17] elatriye.. Nan chanjman sa a ki fèt nan nivo referan an, se leksèm « sandal » la ki akonpanye yo tout, leksèm « sapat » la ka anplawe sèlman pou sandal ki plat, tout « sapat » se « sandal » men gen « sandal » ki pa « sapat ». sandal paka ranplase sapat nan tout nivo, yo pa toujou genyen menm siyifye. Poutèt rapò sa ki genyen ant de leksèm yo kote youn ka ranplase lòt san pwoblèm, nou konsidere de leksèm sa yo tankou sinonim menm si se pa nan tout ka, e se sa nou ap eseye moutre menm.

6-  Djin ( djins) / abako

            Nan kòmansman, se te leksèm «abako » lokitè yo te konn itilize, se te yon pantalon gwo ki fèt ak yon twal ble koton ki te rèd[18] epi ki te pwès anpil. Ameriken yo rele twal sa a « jeans [dʒins] ».  vinn gen yon estilis[19] ameriken ki rele Tommy Hilfiger ki fè rad ak twal sa, li toujou make sou pwodwiI yo ( rad, espesyalman pantalon) li yo « TOMMY JEANS ». Jenerasyon nan epòk la vin ap itilize leksèm « djins [dʒins] » la paske yo souvan wèl make sou pantalon abako yo (ta sanble Ayiti te konn enpòte pwodwi sa anpil). Pandan tan ap pase, vin genyen yon modifikasyon nan pwodwi sa, yo fè twal la pi fen, vinn gen plizè koulè disponib, epi ak menm twal sa yo fè pantalon, vès, chemiz, jip, elatriye.. Se leksèm « djins » lan ki akonpanye tout chanjman sa yo. Yo sèvi ak leksèm « abako » a pou pale de tout rad ki fèt ak ansyen twal ble, pwès la, epi pou lòt yo, lokitè yo itilize leksèm « djins ». Men sa pa anpeche yo toujou itilize youn pou lòt, gen lokitè ki fè diferans lan men genyen lokitè tou ki pa fèl. Nan itilizasyon de leksèm sa yo, lokitè yo kèk fwa, pa fè diferans ant yo, chwa youn oubyen lòt nan yon fraz pa deranje anyen nan sans fraz la. Kidonk, nou oblije konsidere yo kòm sinonim.

7- Pèpè / kenedi

            Pèpè se rad dezyèm men ki soti nan peyi etranje. Lokitè yo  rele rad sa yo « kenedi » tou paske se sou prezidan Etazini John Fritzgeralg Kennedy rad sa yo te antre nan peyi a. nan epòk sa, pat gen diferans ant de leksèm sa yo. Pi devan nan listwa , peyi a pa enpòte rad dezyèm men sèlman men tout bagay moun ka sèvi. Lokitè yo toujou itilize Leksèm « pèpè » pou tout lòt bagay sa yo men leksèm « kenedi a » rete pou sèlman pale de rad.

            Nan egzanp nou sot pran la yo, nou sot wè fenomèn chanjman sans lan merite konsiderasyon nankad etid sinonimi an KA.

Alou Keita nan atik « Etude de la synonimie lexicale en Français parlé au  Bourkina » moutre malgre anpil syantifik pa vle dakò, sinonimi dirèk[20] egziste ak egzanp li pran nan franse yo pale nan Peyi Bourkina Faso.

            Nan done nou pran pou nou fè travay sa a, nou jwenn kèk leksèm nou ka konsidere kòm sinonim tankou :

8- Manto / chanday

            De leksèm sa yo, youn ka ranplase lòt nan nenpòt sitiyasyon san okenn modifikasyon pa fèt nan sans fraz la. Lokitè yo itilize leksèm  sa yo pou pale de yon mayo ki pwès anpil, ki gen manch long moun mete pou fredi.

Egzanp 1 : Jaklin santi fredi, li mete yon chanday sou li.

                    Jaklin santi fredi, li mete yon manto sou li.

Egzanp 2 :  Pyè toujou mete chanday sou li nan sezon livè.

                     Pyè toujou mete manto sou li nan sezon livè.

9- Levit / vès

            Se rad gason oubyen fi mete sou chemiz oubyen mayo. Leksèm sa yo vle di menm bagay e youn ka ranplase lòt nan tout sitiyasyon san sans fraz la pa chanje.

Egzanp 1 : Pòl mete yon bèl vès pou l ale nan maryaj la.

                    Pòl mete yon bèl levit pou l ale nan maryaj la

Egzanp 2 :  Wobè bay prese vès li a maten an.

                    Wobè bay prese levit li a maten an.

            Egzanp sa yo moutre menm si se pa yon bagay ki fasil pou jwenn,men genyen kèk ka kote nou ka rankontre leksèm ki gen egzakteman menm  valè semantik , sa nou rele an KA sinonimi dirèk la.

Konklizyon

            Objektif travay la se te wè nan ki nivo  sinonimi an ye an KA, nou te vle  gade sou ki baz sinonimi an chita nan lang pa nou. Nan echantiyon nou pran yo, nou wè sinonimi egziste nan KA men li depann de plizyè lòt fenomèn ki gen rapò toujou ak kesyon sans tankou : polisemi, chanjman sans elatriye.. Nan KA nou jwenn ka sinonimi relativ sa vle di gen leksèm ki ka sinonim nan yon sitiyasyon men ki paka sinonim nan yon lòt sitiyasyon men genyen tou ki ka sinonim nan tout sitiyasyon menm si se yon bagay ki ra ( manto / chanday, levit / vès ). Nan travay sa, nou pa t gen entansyon jwenn yon konklizyon definitiv sou sinonimi an KA men nou te vle gade ki paramèt nou dwe konsidere lè n ap pale de sinonimi nan lang sa a. Paramèt nou jwenn yo se: denotasyon / konotasyon, polisemi epi chanjman sans. Nou rive wè twa fenomèn sa yo enpòtan nan etid sinonimi an KA. Travay la poko  fini, sa se te yon travay sou deyò, men sinonimi an KA merite etidye nan pwofondè pou nou kapab konprann fenomèn sa pi byen, nou panse e nou swete travay sa a sèvi e enspire lòt chèchè pou kontinye fouye zo nan kalalou pou rive jwenn konklizyon djanm sou kesyon sinonimi an.

Referans

Kleiber Georges (2009), « La synonymie – « identité de sens » n’est pas un mythe », Pratiques, n°141/142 : 9-25.

Keita Alou, (2003), « Étude de la synonimie lexicale en français parlé au Bourkina », « Langues et linguistes », no 29 : 53 – 101.

Nyckees Vincent, (1998) : La sémantique, Paris, Belin.

Paul Moles, power point seyans VII, VIII, XIII, XVII,  kou semantik, Nivo II PM, Fakilte Lengwistik Aplike.

Rey-Debove J. (1997), « La synonymie ou les échanges de signes comme fondement de la sémantique », Langages, « La synonymie », n° 128 : 91-104.

Tamba, I. (1988) : La sémantique, Paris, PUF, 5e édition refondue 2005.

Vilsen Fekyè, Etelou Mod, (2005), Diksyonè kreyòl, Port-au-Prince, Edisyon Edikasolèy.


[1] Nou jwenn sitasyon sa a nan atik Georges Kleiber (2009)

[2]Georges Kleiber( La synonimie-“identité de sens” n’est pas un mythe, Juin 2009)

[3]Moles Paul, power point seyans XIV kou samantik, Nivo II PM, Fakilte Lengwistik Aplike, Mas 2017.

[4]Mo diskou nan fraz sa pa vle di prezantasyon oubyen tèks prezidan oubyen senatè konn li nan kad seremoni ofisyèl oubyen nenpòt lòt sikonstans, men li vle di pito pawòl yon moun di oubyen ekri nan nenpòt sikonstans, nan nenpòt sitiyasyon kominikasyon.

[5]Je pye vle di “cheville” nan lang fransè

[6] Nan fraz sa a tay se sinonim senti.

[7]Nan reyalite kilti ayisyen an gason pa mete lòt rad pou kouvri bout anba yo ke pantalon pa rapò ak fanm ki ka mete jip oubyen wòb oubyen pantalon tou.

[8]Si yon moun di fraz sa devan yon lokitè ayisyen li pwobab pou’l ri, lap pran saw di a pou blag, osinon lap konprann ou se yon moun ki pa metrize lang lan.

[9]Kanson fè se non yo te bay ansyen prezidan Paul Eugène Magloire paske li te di anpil.

[10]Gen kilòt ki pa kouvri dèyè tankou tanga elatriye.

[11]Moles Paul, power point seyans XVII, kou semantik, Nivo II PM, Fakilte lengwistik Aplike, Mas 2017 

[12]Nan ka sa, eksèm “kole” ap nan pozisyon sentaksik non nan fraz la.

[13]  Oubyen “zabriko”, se yon fwi koulè jònabriko ki gen po di ak gwo grenn andedan l,  li gen anpil chè.

[14] Fwi ki soti nan pye labapen.

[15] Moles Paul, power point seyans VII kou semantik, Nivo II PM, Fakilte Lengwistik Aplike.

[16] Se Pwofesè Moles Paul ki site aitik sa nan kou a.

[17] Talon wayal

[18] Nan sans yon bagay ki paka chire fasil e ki difisil pou lave

[19] Moun ki espesyalize nan zafè bèbè nan sa ki gen rapò ak aspè deyò pwodwi endistriyèl.

[20]Nou itilize tèm sa poun tradwi tèm “synonimie absolue” an KA.


1 Comment

Comments are closed.