Estaf nou an

Marvens Jeanty

se moun Site lendepandans peyi dAyiti, li wè jou yon 21 novanm. Li se Lengwis, Gesyonè pwojè, animatè kiltirèl epi ekriven. Marvens Jeanty se fondatè SEREK (Sant Etid ak Rechèch KreyoLiti), li nan pozisyon Kòdonatè Jeneral.

Wyddiane Prophète

se yon jounalis epi etidyan memoran nan Fakilte Lengwistik Aplike ( FLA) inivèsite Leta Ayisyen. Li se manb fondatris FAAR, yon jèn òganizasyon pou fanm ki chita kò li nan Nò peyi a. Li se manm Femmes au Cap, yon lòt òganizasyon pou fanm ki twouve li Okap, ki se dezyèm vil peyi a. Li se sekretè sant rechèch ak etid Kreyoliti ( SEREK ). Depi lane 2018, li ap travay nan domèn ekriti. Li te redaktris pijis pou medya ayisyen Loop Haïti, apre li te redaktris tou pou yon mak mòd fransèz ki gen orijin ayisyen ki rele Clegg. Kounye a li se reporter epi fotograf pou medya entènasyonal Global Press Journal.

Cherlie Rivage

fèt Senjan Di Sid, nan awondisman Pòsali. Li lisansye nan lengwistik. Powetès epi amatè liv ak literati, Cherlie Rivage kreye nan lane 2020 Banquet Poétique, yon estrikti kap fè pwomosyon pou pwezi nan lekòl. Depi lane 2021, Cherlie Rivage se sekretè jeneral adjwen Kreyoliti.

Patricia Sénatus (Patty)

fèt nan komin Pòtoprens, nan depatman lwès. Li se grafis ak maketè dijital. Travay li yo chita sou konsepsyon grafik, jesyon rezo sosyal, epi li se militant dwa moun andikape espesyalman fanm ak tifi andikape. Patricia Sénatus se manm Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK), li se manm òganizasyon Gran Jipon ki se yon òganizasyon feminis epi CESPHA ki se yon òganizasyon k ap defann dwa moun andikape.

Roosvelt LARAMÉ

fèt Pòtoprens, depatman Lwès, Ayiti nan lane 1993. Li se yon kretyen, mizisyen. Roosvelt aprann anglè nan USAES nan lane 2012. Soti 2012 pou rive 2016, li fè yon etid nan edikasyon nan CFEF (Centre de Formation pour l`École Fondamentale), espesyalman nan ansèyman lang vivant ak edikasyon fizik ak espò. An 2015, li antre nan Fakilte Lengwistik Aplike kote li fè yon espesyalizasyon nan tradiksyon. Roosvelt LARAMÉ travay kòm pwofesè lang ak EPS nan plizyè kolèj ak yon lise nan Pòtoprens lan. Li se manm Konsèy Sant ak Rechèch Kreyoliti, asosye nan ATEL (Agence de Traduction et d`Encadrement Linguistique), Kofondatè ProMuse Art, yon estrikti k ap sèvi nan domèn mizikal.

Chrisvinan JOSEPH

wè jou Dedin, yon komin ki twouve l nan depatman Latibonit. Li etidye Dwa nan Inivèsite Leta Ayiti a epi li gen yon diplòm nan lang fransè (DALF C1) li pran Institut Français en Haïti. Chrisvinan JOSEPH se yon tizè liv, lavi l ap dodine nan mitan lekti ak ekriti. Li ekri resi, pwezi ak atik literè. Tèks li yo pibliye nan plizyè ouvraj kolektif, nan jounal, sou kèk platfòm an liy ak nan revi... Nan lane 2017, li te ranpòte premye pri konkou tèks lakwa wouj jenès ayisyèn ak amerikèn te òganize nan peyi a. Natif Dedin lan se kofondatè ak responsab kominikasyon nan edisyon Floraison epi li se manm nan konsèy Sant Etid ak Rechèch KreyoLiti (SEREK).

Widny Moïse

Widny Moïse se ayisyen natif natal, li fèt Pòtoprens. Li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ak Dwa nan Inivèsite Leta Ayiti kote li dekwoche yon lisans epi pote tit Jiris. Widny Moïse se Manm fondatè, Vis Kòdonatè Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK). Li se manm fondatè Association Nationale des Juristes Haitiens ( ANAJUH).

Jean Verdin JEUDI (Toli)

Fèt nan komin Pestèl, nan depatman Grandans. Li se sosyològ, li ap fè yon metriz nan syans devlopman nan Fakilte Etnnoloji nan Inivèsite Leta Ayiti a. Travay li yo chita sou sosyoloji lanmou, sosyoloji aksyon piblik, epi li gen yon espesyalizasyon nan Ekonomi Sosyal Solidè (ESS). Jean Verdin JEUDI se manm nan konsèy Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK), epi administratè Edisyon Floraison.

Ralph Same Cadet

se yon jèn antreprenè. Li se yon lengwis ki fòme nan ILA/FLA kote li te nan opsyon Lengwistik Teyorik ak Deskriptiv. Li se yon pasyone pou lang Kreyòl. Same se yon nonm pa janm manke yon okazyon pou l pran pa nan aktivite pou ride kominote li. Sa ki fè li patisipe kòm benevòl nan anpil estrikti nan sosyete tankou CEDH, Rotaract, JCCIC, pou n site sila yo sèlaman. Kanta nan Kreyoliti, li se konseye nan ekip la.