Reyalizasyon Nou yo

Remise des prix du concours de poésie de l’association Kreyoliti
L’association Kreyoliti a procédé le samedi 15 janvier à la Faculté de linguistique appliquée à une cérémonie de remise des prix de la deuxième édition de son concours de poésie annuel. Un public composé pour la plupart d’auteurs et riche d’une trentaine de participants a repondu present à évènement.

Seremoni pou remèt pri Kreyoliti nan Fakilte Lengwistik Aplike
Seremoni pou remèt pri Pwezi Kreyoliti a te fèt nan Fakilte Lengwistik Aplike jou ki te mèkredi 28 oktòb la nan kad Jounen mondyal lang ak kilti kreyòl.

Lansman premye pri literè Sant etid ak rechèch Kreyoliti
Sant etid ak rechèch Kreyoliti (SERK) ak sipò FLA, AKA avèk plizyè lòt patnè, lanse 10 dawout ki sot pase a premye pri literè KreyoLiti pou moun ki gen 15 lane rive 30 lane e ki santi yo maton nan zafè literati.

SEREK: lansman 2yèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti
Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti- SEREK- ki ap « travay pou fasilite yon politik lengwistik » an Ayiti, fè lansman ofisyèl dezyèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti a, jodi madi 21 septanm 2021 an. Pri pwezi a ki tabli « pou ankouraje plis pwodiksyon fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi dekouvri plis jèn k ap fè travay serye nan literati » , se yon konkou nasyonal.

Nan kad selebrasyon mwa kreyòl ane 2024 la
Nan kad selebrasyon mwa kreyòl ane 2024 la, jou ki te 27 oktòb la, Kreyoliti nan tèt kole ak KEPKA reyalize yon kokenn Tab won anba tèm: Konprann idantite nan literati ayisyen. Sou panel la te gen Marvens JEANTY ki se Fondatè Kreyoliti, Walner Olivier ki se Jounalis, Lengwis e ki gen yon Metriz nan administrasyon antrepriz kiltirèl; Neize Denick ki gen yon Metriz nan filozofi ak transkiltiralite; Jerry Junior Delmond ki se Doktoran nan syans relijyon nan Inivèsite Monreyal., jou ki te 27 oktòb la, Kreyoliti nan tèt kole ak KEPKA reyalize yon kokenn Tab won anba tèm: Konprann idantite nan literati ayisyen. Sou panel la te gen Marvens JEANTY ki se Fondatè Kreyoliti, Walner Olivier ki se Jounalis, Lengwis e ki gen yon Metriz nan administrasyon antrepriz kiltirèl; Neize Denick ki gen yon Metriz nan filozofi ak transkiltiralite; Jerry Junior Delmond ki se Doktoran nan syans relijyon nan Inivèsite Monreyal.