Chwa pou ekri yon woman nan tan prezan oubyen nan tan pase depann sou estil otè a. Poutan, de (2) tip tan sa yo ofri resi a yon klima diferan.
Done nou genyen pèmèt nou konfime estil ekriti nan tan pase a plis itilize. Li klase nan tradisyon womanèsk ki t ap domine anvan XIXèm syèk la.
- Ekriti nan tan pase a kreye distans ant pèsonaj yo ; se yon fòm prekosyon otè a pran anfas entrig la ak ewo yo nan resi a ; se yon fason pou otè a ka detache emosyon l nan resi a pou li rive priyorize analiz li yo.
- Tan pase a souvan montre istwa nan tout pwofondè l : li kreye sa nou rele ilizyon optik la (imaj ki ka rive twonpe je w ak sèvo w). itilizasyon tan pase senp oubyen enpafè ka ajoute plis pwofondè nan istwa a oubyen kalite sou sa ki ap pase chak enstan jis li rive bay lektè a enpresyon tout istwa ap dewoule nan moman l ap li l la menm , oubyen nan yon peryòd tan ki pi long toujou.
- Tan pase a pèmèt otè a ekri evènman pase yo pi fasil : si otè a dwe rakonte kèk evènman ki pase anvan kòmansman resi a, natirèlman ekriti nan tan pase a enpoze l tankou yon chwa lojik.
Ekriti nan tan prezan li menm, kreye yon tansyon naratif tèlman li vale teren dènye ane sa yo nan woman kontanporen yo.
Dènye ane sa yo, ekriti nan tan prezan vin popilè anpil, sitou nan jan tankou : thriller (fim oubyen woman ki chaje entrig/sispenns e ki pwovoke gwo sansasyon) ak dystopie (istwa ki dekri yon sosyete imajinè)
- Ekriti ak tan prezan an ka ajoute tansyon ak ijans nan resi a, li ka bay lektè a enpresyon istwa ap dewoule pandan l ap li l la, sa ki ka menm ajoute eksitasyon anplis nan fòm resi a.
- Li rapwoche n plis sou pèsonaj yo, e li kreye yon fòm koneksyon. Ekriti ak tan prezan toujou bay lektè a enpresyon evènman yo ap dewoule la devan je l, sa ki ka menm rive ede lektè a kreye yon santiman pi fò pou l idantifye e menm fè pwojeksyon sou swit istwa a.
- Li ka kreye yon anbyans ki fasilite lektè a vwayaje nan istwa a soti nan kòmansman rive nan fen an, e menm nan yon tan ki long.
Jan nou te di l nan kòmansman travay la, chwa pou ekri nan tan prezan oubyen tan pase depann sou preferans pèsonèl otè a, men sitou sou kad resi a pwopoze a. Chak opsyon yo gen avantaj ak enkonvenyan yo, epi chwa a ap depann sou estil ak ton otè a swete bay resi a.
Marvens Jeanty
8 avril 2023
Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay !